Anba bòt kwokodil

Ki lè pou nou sòti anba bòt kwokodil ?

Hugues Saint-Fort

Oktòb 2015

 

Anba bòt kwokodil

Woman

Patrick Sylvain

Trilingual Press, Cambridge, Massachusetts, 2015

 

Patrick Sylvain se yon ekriven ayisyen ki ap viv lan eta Massachusetts, anndan peyi Etazini, kote anpil moun lan kominote ayisyen an konnen li. Li se yon powèt, yon eseyis, yon pwofesè inivèsite (Brown University), e li pibliye plizyè rekèy powèm, plizyè esè, ak anpil atik jounal, magazin, e revi. Patrick Sylvain se yon entèlektyèl piblik (public intellectual / intellectuel public) ki fè entèvansyon non sèlman sou kesyon ki konsène Ayisyen (pa egzanp, li pa dakò pou rele  lang ke pèp ayisyen pale, kreyòl, li vle pou rele li, ayisyen), men tou sou pwoblèm lan sosyete meriken an ki ka afekte imigran ayisyen.   

Anba bòt kwokodil se premye woman Patrick Sylvain pibliye. Li rakonte istwa 2 jenerasyon Ayisyen. Youn ki te viv pandan epòk okipasyon blan meriken e ki kontinye viv rive jis lan fen ane swasant yo. Se te jenerasyon Dèlfis ak madanm li, Èzila. Okipasyon meriken te afekte Èzila anpil piske manman li, Mari-Jo, te vann li « nan lane 1928 bay yon sèjan nan lame ameriken. Lè sa a, Èzila te fèk gen 19 an, epi se te premye plasaj li » (paj 24). Dèlfis t ap mouri damou pou Ézila men li pa te kapab fè anyen paske sèjan meriken an te achte Èzila. Men, lanmou Dèlfis pou Èzila te pisan anpil piske kou militè meriken yo kite Ayiti an 1934, Dèlfis te kouri marye ak Èzila.  

Dezyèm jenerasyon an se jenerasyon Jozafa ak Malèn. Jozafa se pitit Dèlfis ak Èzila. Jozafa ak Malèn pa te sibi imilyasyon Dèlfis ak Èzila te sibi lan men militè meriken pandan Okipasyon an. Men, yo te gen pwoblèm  tou lan pwòp epòk  pa  yo a. Se te epòk mitan ane 1950 yo rive lan fen ane 1960 yo, lè Divalye t ap toupizi majorite Ayisyen ki t ap viv ann Ayiti. Donk, nannan woman an se istwa represyon sovaj ki toujou yon malè pandye sou tèt pèp ayisyen. Lè malè pandye sa a pa sòti deyò (Okipasyon blan meriken 1915-1934), se anndan Ayiti menm li sòti, lan men otorite ayisyen yo. Genyen pèsonaj lan woman an ke represyon sa a make pou tout vi yo, tankou Èzila, manman Jozafa, ki pa jann sispann rayi tout militè, meriken tankou ayisyen. Pi gwo lapenn Èzila se lè li wè pwòp pitit pa li, Rafayèl, « te bay fanmi an do lè li te deside rantre nan Akademi Militè » (paj 17).               

Anba bòt kwokodil se istwa lanmou Dèlfis ak Èzila, epi Jozafa ak Malèn. Kalite lanmou Dèlfis te genyen pou Èzila lan jenès yo kontinye ant Jozafa ak Malèn. Naratè a pran plezi pou li rakonte jan lanmou sa a byen kanpe depi Jozafa ak Malèn te fèk kòmanse renmen lè yo te genyen disèt lane. Nou jwenn lan woman sa a kèk michan deskripsyon ki montre jan Patrick Sylvain metrize estetik deskripsyon. Lan literati fiksyon kreyòl pa genyen anpil egzanp tèks ki kapab konpare ak deskripsyon detaye Sylvain mete lan woman li a. Gade pasaj sa yo:

 Èzila abiye ak yon moumou ble kaki manch kout ki gen de gwo pòch sentre ak dantèl wouj devan an; moumou an louvri sou devan, dènye bouton an bay sou nivo lonbrik Èzila. Yon sabo semèl bwa kouvri ak kui nan pye l, yon mouchwa wouj pal mare nan tèt li ak yon gwo ne tonbe dèyè kou l. Èzila se yon bèl kreyòl je klere ki gen bèl dan zo; lè li souri ba ou, gen de twou bote ki parèt sou kote machwè l. Pou Dèlfis, genlè, tank Èzila ap rantre nan laj, se tank li vin pi bèl. Tout karaktè l, tout fizik li, tout etadam kouvri ak bote. (paj 71).

Gen plizyè pasaj lan woman sa a ki ranpli ak detay lan deskripsyon Patrick Sylvain mete lan liv li a. Womansye an pran plezi pou li fè sa. Mwen ranvwaye lektè a lan paj 114 rive paj 129 kote Sylvain ap dekri seremoni maryaj Jozafa ak Malèn. Yon bon mwatye woman an se deskripsyon moun, osnon rakonte evenman ki te pase lan Leyogàn. Kòm konsekans, aksyon an pa vanse ditou. Lektè yo oblije ret tann jis lan dènye 40 paj yo pou yo jwenn aksyon, kote Rafayèl, lòt pitit gason Èzila ki te antre lan Akademi militè, apre li te eseye vin gate resepsyon maryaj Jozafa ak Malèn, te rive atake epi tire sou Jozafa paske jalouzi te anvayi kè li.

 Fen woman an rezève anpil sipriz ke mwen p ap devwale pou m ka kite lektè yo jwi evolisyon istwa a ki te pran anpil tan pou layite kò li.

Anplis analiz sosyal e politik ki detaye lan Anba Bòt Kwokodil, sa ki bay woman an plis enterè se travay sou lang lan Sylvain deplòtonnen tout longè depi lan kòmansman rive lan fen. Travay kreyasyon leksikal Sylvain mete lan woman an montre nou enpòtans ekri an kreyòl pou devlope yon bon jan literati kreyòl. Men kèk egzanp kreyasyon leksikal lan woman an :

Jozafa souri, epi li panse a Malèn Senpyè, yon bèl Ayisyèn po karamelize k ap fè piwèt nan rèv li. (paj 17).

Woujasyon syèl la te kòmanse disparèt tèlman nwasè lanjelis te fin vale tout klète solèy. (paj 21).

Dèlfis ki wè wontaj Jozafa a sensè, oblije bay misye yon bèl akolad tou. (paj 38).

Dèlfis ak Èzila pantan. Toulède kouri dezanbrase. (paj 39).

Dènye mo Rafayèl yo redi sot nan bouch li tankou sòs tomat k ap kongoute man yon boutèy kètchòp. (paj 249).

Swafte vanjans te chita nan kwen bouch makout tèlman yo te antyoutyout pou yo kabaye ak mitraye. (paj 250)

Li te mete dyanmte fanm li sou li… (paj 251).                 

Sylvain chwazi pou li ekri yon tèks literè. Sa vle di gen yon dimansyon estetik lan travay li a. Otè a kreye mo nouvo, li bati fraz ki pa sanble ak fraz moun li osnon pwononse toulejou, li ensite lektè yo santi yon lòt fason, panse yon lòt fason. Aparamman, otè a gen konsyans pozisyon ekriven li ki antre lan yon nouvo « champ littéraire » kote chak ekriven pote lide tou nèf, estetik tou nèf, ak pwòp vizyon pa li.

Se domaj anpil travay edisyon tèks la pa fèt kòm li te dwe fèt. Editè a lèse pase anpil kokiy (pa egzanp, gade lan paj 25 lan fraz sa a ke m ap repwodui egzakteman jan li parèt lan woman an) :

Lè Èzila abiye ak karakòl byen plise ki dekore ak dantèl wouj sou yon twal ble, sapa t’an kui nan pye li, tout oun di ke Èzila sanble ak Èzili Dantò ki pral marye.

Yon lòt « oubli » ke editè a kite pase se lè li fè 2 inite leksikal diferan tounen yon sèl, tankou lan fen fraz sa a :

Kounye a kisa (sic) ou panse devinèt lan vledi ? Yon analiz lengwistik fraz sa a ta montre ke nou ta dwe ekri : vle di », donk 2 mo,  piske nou gen devan nou 2 vèb : vle + di. Mwen konstate ke deplizanpli kalite erè sa yo ap fèt lan ekri kreyòl, espesyalman lan kontèks kote gen prepozisyon « pou » ki presede fòm kout pwonon pèsonèl « li ». Egz. « poul ka jwe match la… » alòske fòm kòrèk la se « pou l ka jwe match la … ».

Mwen espere Anba bòt kwokodil se p ap dènye woman Patrick Sylvain. Misye montre anpil kalite yon vrè ekriven, non sèlman lan fason li pratike lang natif natal la men tou lan fason li devlope lide li yo.

 

Comments