Dwa lengwistik ann Ayiti

PLEDWAYE POU YON ETIK AK YON KILTI KI TABLI

RESPÈ DWA LENGWISTIK ANN AYITI

 

Robert BERROUËT-ORIOL

Montréal, 9 me 2014

 

Tradiksyon : Marie Rodny LAURENT ESTEUS

Edikatris, tradiktris, pwofesè lang

 

Entwodiksyon

Kèk èdtan ak semèn apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, nou te wè yon kokennchenn operasyon solidarite ki soti nan divès peyi nan kat kwen planèt la, pou vin pote èd materyèl bay peyi d Ayiti, ou pa ta di se yon seri fòs lame k ap goumen youn ak lòt pou yo rive distribye yon gwo kantite èd ki lakòz lòd ak dezòd melanje youn ak lòt. Nan anpil domèn, operasyon solidarite sa a vin ranfòse pouvwa ONG yo sou yon leta ki vle limenm tou sanble yon ONG, pi plis chak jou. Pou sektè edikasyon an ki te sakaje limenm tou nan tranblemanntè a, priyorite ki t ap klewonnnen sou tout podyòm nan epòk sa a, se te ‘‘refondasyon’’ sistèm nan, nan rekonstwi lokal ki kraze ak nan refòme pwogram fòmasyon yo. Avèk anpil enterè, nou ka remake jan kèk gwo direktè opinyon kore ‘‘refondasyon’’ an ak tout fòs yo. Konsa, Michaelle Jean, Anvwaye espeyal Nasyonzini pou edikasyon, lasyans ak lakilti (UNESCO) ann Ayiti, te defann ‘’refondasyon sistèm edikasyon ayisyen an fètefouni’’ devan defen Komisyon enterimè pou rekonstriksyon Ayiti a (CIRH, an franse), yon refondasyon li konsidere kòm yon ijans ki dwe parèt kòm premye pwen nan tèt lis priyorite yo [1]. Kidonk, gen yon jou ‘’J’’ ki pa t lwen rive, se jou pou te gen yon gwo kokennchenn mobilizasyon. Tout aktè yo te deja byen ranje kò yo pou yo t al ede refonde sistèm edikasyon an, ki tankou yon vye kò delala, endispoze, ki nan koma, kote yo dekouvri anpil doulè sou tout tras kouti ki fèt lanvè kou landwat nan operasyon depi plis pase karant lane, yon seri operasyon ki bay kè plen.

Nan lane 2010 epi yon tan apre, nan mitan rechèch ki t ap fèt pou dekouvri divès kalite feblès ki genyen, kèk pwofesè ak lengwis te sonnen klewon pou di atansyon ! Yo fè divès kalite entèvansyon sou divès kalite fòm tankou atik nan jounal ak liv yo prepare ann ijans pou klere je otorite yo sou machin edikasyon pase mòd la Ayiti t ap redemare a. Nou te pran pozisyon kont diskou pou chame moun nou abitye tande toulejou, diskou ki byen vlope ak bèl pawòl e ki disparèt menm kote nou fin tande li a. Se vre, nou pa te anpil, men nou sèten nou te rele fò pou nou di :

1)    Se yon erè epi yon demach ki pa rantab lè yo kwè yo ka rekonstwi, e menm  refonde sistèm edikasyon ayisyen an pandan y ap kontinye fè menm aktivite yo, se yon erè si yo kwè yo ka fè ‘’joumou donnen kalbas’’. Alòske nou konnen byen pwòp, joumou pa janm donnen kalbas.  

2) Poutèt nou wè sosyete nou an yon lòt jan, nou dwe pote kole ak sa k pi bon an an premye menm lè sa pi difisil : se refonde n dwe refonde tout zantray sistèm edikasyon an ann Ayiti depi nan pye jouk nan tèt. Refonde l pase pou nou tonbe nan refòme li yon lòt fwa ankò, pase pou nou ta rapyese li, fè ‘‘mizanivo’’, osnon pou nou swadizan di n ap ‘’modènize’’ li jan kominote entènasyonal k ap bay kòb yo toujou ap mande pou sa fèt. 






Se konsa yon gwoup lengwis te pibliye yon tèks nan dat 24 me 2010 sou sit Alter Presse nan Pòtoprens. Tit li se te :  « Ayiti apre tranblemanntè a : ‘’chemen kontre 2 lang marasa’’ kreyòl ak franse ann Ayiti ». (NDA : se sa yo rele « Francocréolophonie » an franse ; kreyòl la ka di : Frankokreyolofoni) [2].  San nou pa t nan voye wòch kache men, nou te lonje dwèt sou defi lang yo ban nou lè nou di nou vle refonde lekòl ak inivèsite nan peyi a :

An reyalite, ki enterè ki kache deyè yon chwa konsa ? Èske jis pou nou rekonstwi sistèm lekòl ak inivèsite ayisyen an tou cho tou bouke, nou ta dwe repwodui yon lekòl ki chita sou diskriminasyon ak eksklizyon nan kesyon lang ? Èske nou ka repwodui yon inivèsite ayisyen ki chaje gras, ki pase mòd, k ap prepare sèlman yon ti lelit, k ap fòme moun ki sou wout pou y al viv ann Amerik di Nò oswa moun k ap chache tout mwayen pou y al viv ann Amerik di Nò ?

Nan reflechi sou modèl inivèsite, sou chwa matyè ki dwe anseye yo, sou tout yon seri eleman ki pou anndan kou yo ak liv ansèyman nan lekòl tankou nan inivèsite, sou modèl ansèyman, konesans ak konpetans ki merite transmèt yo, li vin pi enpòtan toujou pou nou poze pwoblèm lang lan (oswa lang yo) nan gaye konesans nan espas lekòl yo ak inivèsite yo. E se yon pwoblèm ki dwe prezan depi nan kòmansman demach rekonstriksyon oswa refondasyon sistèm edikasyon ayisyen an.

Katran apre, ki sa ki rive rekonstwi toutbon vre ? Sistèm nan ? Kèk lokal ? Kèk pwogram pou lekòl ak inivèsite ? Jounen jodi a, ki jan, ki mannyè pou tout sistèm edikatif ayisyen an rive kanpe sou de pye li ? Epi sa n ka di sou konpetans pwofesè yo menm ? Akote diskou pwopagann oswa diskou ki fèt nan kèk okazyon byen detèmine, ki sa pwofesè ayisyen yo panse ? Kouman yo analize reyalite sistèm edikasyon an ? 

Depi anvan katastwòf 12 janvye 2010 la te frape peyi d Ayiti, gwoup travay ki rele GTEF [3] la te fè yon travay estwòdinè soti 2008 rive 2010 poutèt li sèvi ak yon demach kote li te mache ranmase lide anpil moun anndan peyi a tankou aletranje. Anpil pwofesè, analis ak jesyonè nan domèn edikasyon fè gwoup sa a konpliman pou dyagnostik ak rekòmandasyon li fè yo. Men, pandan GTEF la rive touche tout domèn nan sistèm edikasyon an, li eskize pwoblèm lang lan malman. Se vre depi nan kòmansman, nou rekonèt piblikman GTEF la fè yon travay serye, men tou, nou te fè moun remake jan li pa t sifi, jan li manke kran paske li pa rive pwopoze yon pwojè ki prezante yon vrè revolisyon anndan sistèm edikasyon an ann Ayiti nan zafè lang. N ap fè sonje : nan 33 rekòmandasyon GTEF la fè nan konklizyon li yo[4], se sèl senkyèm nan ki pran chans fè yon pwomès, yon senp pwomès pou sa ki konsène kreyòl la : « Bay lang kreyòl la priyorite nan sèvi avè l kòm lang pou fè lekòl pou timoun yo nan de  premye nivo lekòl fondamantal la epi fè elèv la rive fonksyone nan de lang ofisyèl peyi a nan finisman dezyèm  nivo lekòl fondamantal la.»

Mwen kwè gen kèk rapèl ki merite fèt pou n byen kadre kesyon lang lan anndan refondasyon sistèm edikasyon an epi pou n pwopoze kèk objektif ki mete tout moun dakò. Mwen di yon « Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti » dwe chache konnen alapapòt kouman 2 lang ofisyèl nou yo ap evolye anndan sistèm edikasyon nasyonal la; se yon gwo domèn entèvansyon, se yon priyorite pou peyi a.

Premye rapèl

Pou kòmanse, yon kesyon enpòtan ki dwe poze : konbyen lajan leta envesti nan Edikasyon peyi a ? Tablo ki pi ba a montre klè leta pa envesti anpil nan domèn edikasyon.


Tablo 1-  Finansman Leta nan edikasyon

Kantite lajan Leta bay Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP)

 

   

Bidjè total peyi a

an goud

 

Bidjè MENFP 

an goud

 

anndan bidjè total la

 

Bidjè MENFP

an  $ dola US**

 2006-2007

 28 602 530 600

 4 002 277 410

 13,99 %

 100 056 935,00 $

 2007-2008

 79 193 917 545

 6 485 744 508 

 8,19 %

 162 143 613,00 $

 2008-2009

 36 225 144 100

 5 142 610 000  

 14,2 %

 128 565 250,00 $

 2009-2010

 88 247 155 852

 7 391 837 285 

 8,38 %

 184 795 932,00 $

 2010-2011

 106 284 926 099

 11 167 944 797

 10,51 %

 279 198 620,00 $

 2011-2012

 121 000 978 210

 19 380 722 133

 16,02 %

 440 470 958,00 $

 2012-2013

 131 543 490 805

 19 334 114 238

 14,70 % http://www.potomitan.info/images/fleche1.gif

 439 411 687,00 $

 2013-2014

 118 680 548 947

 16 244 472 583

 13,69 % http://www.potomitan.info/images/fleche1.gif

 360 988 280,00 $

Bidjè 2013-2014 la te depoze nan palman ayisyen an 22 avril 2014. Nan dat piblikasyon pledwaye sa a, bidjè a sa pa t ko vote. *Kalkil yo fèt apati tablo sou « Degre avansman depans ki fèt nan bidjè » pou de (2) dènye ane sa yo. **An mwayèn, yon dola US vo ant 40 ak 44 goud, soti 2011 rive 2013- epi 45 goud pou 2013-2014. Sous enfòmasyon an : Ministè Ekonomi ak Finans peyi d Ayiti


Gen yon premye konsta ki fèt lè n byen analize tablo a : efò Leta fè pou l envesti nan edikasyon, se yon bagay ki varye anpil,  epi an gwo, kantite lajan Leta mete a dispozisyon sektè edikasyon an vreman twò piti. Gen yon dezyèm konsta tablo a pèmèt nou fè tou : pwovizyon pou sektè edikasyon an bese nan de dènye lane fiskal yo pandan y ap mache di edikasyon se « pi gwo priyorite » a. Antouka, nan fason ak nan degre Leta ap finanse edikasyon an, sa p ap janm kapab pèmèt li poze bonjan aksyon sou sistèm edikasyon an. Mete sou sa, plis pase mwatye nan bidjè sektè edikasyon an se depans pou fonksyònman ministè Edikasyon nasyonal li kouvri.

Nan menm elan 12 janvye 2010 la, pou rive mete divès lide nan zafè chanjman sistèm edikasyon an ann aksyon, yo prepare yon nouvo « Plan operasyonèl 2010-2015 ». Nouvo plan sa a bezwen 4,3 milya dola ameriken pou l egzekite. Leta ayisyen ta dwe finanse 49% nan lajan sa a epi rès 51% an se bayè entènasyonal yo ak ONG ki ta dwe finanse l. Nan « Deba nasyonal sou kalite edikasyon an ann Ayiti » ki te fèt nan mwa avril 2014 la, yo prezante yon premye pati bilan « Plan » an epitou yo moutre aklè yo jwenn plizyè « flop [5]; direktè planifikasyon ak kòdinasyon pwojè nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la fè moun konnen se lajan ki te prevwa a ki pa t disponib ki lakòz echèk sa a. Men se yon « flop » ki manje 654 000 000 milyon dola ameriken, e se kantite lajan ki deja dekese pou te mete « Plan » an ann egzekisyon.

San okenn jennman, fòk gen moun ki pou mande desidè ak tout aktè k ap gouvènen sistèm edikasyon an pou ki sa y ap fè tèt di nan kontinye aplike yon ansyen fòmil ki pa bay rezilta. An reyalite, depi plizyè dizèn lane y ap gaspiye anpil lajan nan eseye mete « plan » ak « refòm » an mach, alòske yo konnen davans yo p ap pote bon rezilta, men, sa bay enpresyon y ap « bouje », y ap « vanse », y ap « refòme » oswa « modènize » sistèm nan. Estrateji espesyalis tout plim, tout plimay yo tabli, se bati yon seri gwo plan tankou titanik pou kominote entènasyonal finanse e ki pote premye pri nan tann pwomès lajan yo fè Ayiti e ki tounen pwa tann. Estrateji sa a pa fè lòt bagay pase « bati plan » pou « bati plan » e se yon demach ki fini, ki echwe pandan li lakòz yon bann enèji ak resous gaspiye e anplis li lakòz sistèm nan an depèdisyon. Jodi a, fòk nou eseye gen kran pou n tire tout leson nou dwe pran yo. Èske se pa moman pou Leta ayisyen sispann gaspiye resous peyi a ki deja pa menm ase ? Èske se pa moman pou li pran refondasyon sistèm edikasyon an an men pou toutbon, san plezantri, avèk entèlijans ak konpetans, epi menm kote a pou li rezoud « pwoblèm lang ann Ayiti » avèk tout fèmte sa mande ?  


Dezyèm rapèl

Sous [6] enfòmasyon nou ka fè anpil konfyans fè n konnen sistèm edikasyon an se yon sistèm sektè prive lokal la ansanm ak entènasyonal la kontwole jouk rive nan 80%, sa vle di Leta ayisyen pa ladan l. Kifè, fòk nou byen konprann nou pa gen yon SISTÈM EDIKASYON nasyonal : konsa Ayiti genyen PLIZYÈ SISTÈM EDIKATIF alantou li e Leta pa genyen okenn kontwòl sou yo, li pa gen ni nivo administratif ak finansye, ni mwayen pwofesyonèl ak teknik pou l evalye kalite yo, espesyalman nan nivo inivèsite a. Nan yon sitiyasyon konsa --sitiyasyon kote leta genyen yon gwo feblès pou l gouvènen--, ki mwayen Leta ap mete an plas pou l repran kontwòl sistèm edikasyon an piti piti ?


Twazyèm rapèl 

Reyalite a aprann nou kouman pwoblèm ‘‘depèdisyon’’ an (elèv k ap kite lekòl) se yon pwoblèm ki marye ak pwoblèm lang.  Malgre refòm Bernard nan lane 1979 la te fè kreyòl rantre nan sistèm edikasyon an kòm lang pou fè ansèyman ak lang pou yo anseye, --yon refòm ki te manke moun konpetan ak zouti didaktik ki prepare davans pou sa--,  lekòl ann Ayiti kontinye ap transmèt epi repwodui konesans nan lang franse kòm dezyèm lang jouk jounen jodi. Se anndan kad sa a nou jwenn premye rezon ak plizyè lòt ki makonen ak li ki lakòz edikasyon ann Ayiti nwaye. Èske nou pa ta dwe remake gen twa refòm k ap layite an menm tan ? Nou vle pale de refòm Bernard an 1979; PNEF (Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon) 1997-1998; Estrateji nasyonal aksyon pou edikasyon pou tout moun nan lane 2007, e ladan yo, nou dwe ajoute Plan operasyonèl 2010-2015 la. Malgre tou sa, anseye kreyòl an kreyòl se yon bagay ki chaje limit e k ap fèt nan kole pyese plizyè metòd. Materyèl didaktik pou anseye kreyòl an kreyòl e ki gen kalite, se bagay moun pa jwenn fasil epi nan nivo nasyonal menm, sa pi grav toujou. E ansèyman franse kòm dezyèm lang kontinye ap fèt nan menm tradisyon an, li chaje mank, li pa adapte, li pa gen okenn rapò ni ak kilti ni ak reyalite peyi a. Pifò analis di yon bon kantite elèv ki rive fini etid segondè yo pa metrize ni kreyòl ni franse alekri tankou aloral. E alafen, ansèyman sa a rive repwodui yon mank konpetans lengwistik lakay elèv, etidyan ak pwochen pwofesè yo tou si n konsidere dènye pwent nan chenn fòmasyonn an. 


Katriyèm rapèl  

Kalite edikasyon an depann anpil de kalite fòmasyon pwofesè lekòl ak pwofesè inivèsite yo, menmsi se pa sa sèlman ki konte. Sèlman, pwofesè lekòl ak pwofesè inivèsite ki manke kalifye rete yon gwo baryè devan tout pwojè pou amelyore kalite edikasyon an ann Ayiti jodi a an 2014. Mank kalifikasyon sa a ki pa sispann grandi, se pa rezilta ki soti nan syèl tonbe atè. Kidonk, gen anpil moun ki temwaye sou jan diktati Duvalier yo (papa ak pitit) te koupe tèt pèsonèl anseyan ayisyen an ki te blije sove kite peyi a pa pakèt, diktati a te kouri dèyè plizyè pwofesè lekòl ak inivèsite epi asasine plizyè nan yo sou pretèks yo te « kominis ». Sa vin lakòz yon kokennchenn bak nan kapasite pou peyi a repwodui ansanm resous moun nan domèn edikasyon an. Kantite sèvo ki pa janm sispann kite peyi a depi senkant lane, se yon fenomèn ki ogmante degradasyon kalite edikasyon an nan peyi a. Jounen jodi, li bon pou n tire tout kalite leson konsekan nan lide pou refonde Edikasyon peyi a apati amenajman 2 lang ofisyèl nou yo nan tout nivo ansèyman ann Ayiti. 

Mete sou sa, karant dènye lane yo, pa gen okenn dokiman referans ki disponib e ki bay ransèyman moun ka verifye sou lang pwofesè nan lekòl prive tankou nan lekòl piblik plis itilize nan klas yo. Li difisil tou pou nou rive klase pèsonèl anseyan an nan inivèsite yo, kit nan prive, kit nan piblik. Èske pwofesè nou yo se : jewofizisyen, ibanis, anviwònmantalis, sismològ, jenetisyen, didaktisyen, espesyalis edikasyon, mason, chapantye ak elektrisyen ki kalifye ? Èske nivo yo se nivo Capes (an franse), metriz, doktora, pòs-doktora ? Menm ministè Edikasyon sa a ki pa menm ap jere 20% nan lekòl ki nan repiblik la, e ki petèt kontwole yon ti pousantaj enstitisyon ki se jis yon ti minorite « inivèsite » prive, èske li vle bay tèt li mwayen entelektyèl, pwofesyonèl ak lajan ki ta ka pèmèt li kontwole oswa garanti kalite ansèyman k ap fèt la ?   

Pou fini, èske ministè Edikasyon nasyonal la mete yon seri mezi pou ankouraje/oblije tout pwofesè nan sektè edikasyon an chache kalifikasyon, mete yo a nivo epi amelyore tèt yo : kit nan kesyon pedagoji, kit nan kesyon konpetans yo dwe genyen pou yo anseye tout matyè yo nan 2 lang ofisyèl peyi a ?


Senkyèm rapèl 

Pa gen lontan sa, franse se lang ki te pi plis sèvi anndan sistèm edikasyon Ayiti a, akòz yon demach pou te kore  ranfòsman ansyen politik frankofoni an ann Ayiti kont lang kreyòl la. Apa refòm Bernard la, Leta ayisyen pa janm vle divòse ak dominasyon lang franse a, kit nan domèn ansèyman, kit nan rapò k ap devlope ant Leta ak sitwayen yo anndan espas piblik la.

An jeneral, genyen 2 kategori kouran lide k ap pwopaje sou lang kreyòl kòm lang pou fè ansèyman epi kòm lang pou yo anseye. Premyeman, genyen yon kouran lide ki makònen ak sosyoloji epi ak ideyoloji nan mitan sosyete pòs-kolonyal yo ki kontinye sèvi ak lang ansyen mèt yo. Yon mannyè jeneral oubyen nan anpil ka, nan peryòd apre kolonizasyon, moun ki gen pouvwa sou ekonomi, administrasyon, enstitisyon ak senbòl  yo, yo repwodui valè epi yo bati enstitisyon yo dapre menm modèl yo jwenn nan sistèm kolonyal la. Divès rapò moun devlope ak lang, yo suiv menm chema sa a paske se yon ansanm rapò sosyal k ap ogmante senbòl lakay moun k ap pale lang lan. Nan sosyete pòs-kolonyal yo, lang ak valè ki idantifye moun ki te domine yo (anndan ansyen sistèm esklavaj kolonyal la) toujou rete devalorize, e yo kontinye mete yo sou kote. Pou sa ki gen ak Ayiti, devalorizasyon ak esklizyon an deja tèlman byen anrasinen nan lespri kreyolofòn yo, se yomenm ki pa dakò pou kreyòl sèvi nan ansèyman pitit yo. Menm jodi a toujou, moun ap tande oswa li yon seri pawòl nan fowòm tankou nan jounal : « kreyòl pa lang », « ansèyman kreyòl ap izole Ayisyen », « kreyòl pa kapab transmèt konesans syantifik ak teknolojik», « pwomosyon lang kreyòl la ap fèmen pòt pou tout kalite lide ak tout pwodiksyon syantifik alekri», « se kreyòl nan lekòl ki lakòz edikasyon an bese ann Ayiti », eksetera.  


Yon lòt bò, genyen yon kouran lide ki marye ak syans langaj e k ap fè pwomosyon pou yon kalite konsepsyon ak adaptasyon ki pa chita sou prejije pa rapò ak lang, ki pa ni sou manti, ni sou baryè diskriminasyon. Kidonk, pi bon zouti ki dwe sèvi pou anseye yon timoun se lang matènèl li, jan UNESCO pa janm sispann raple sa depi ane 1950 yo.  E nan mitan pwodiksyon syantifik ki egziste, genyen anpil etid ki pwouve verite sa a. Ansanm lide ki marande ak syans langaj la montre tou kouman timoun ki konstwi pwòp idantite lengwistik ak kiltirèl li pandan y ap anseye l lang manman l ak pandan y ap anseye l nan lang manman l, se timoun ki chaje zouti pou li tanmen aprantisaj yon dezyèm lang oubyen yon lang etranje depi nan lekòl primè.  Menm kouran lide sa a fè n konnen pa gen okenn lang ki soufri yon « malfòmasyon » ki pou ta anpeche li transmèt konesans lasyans. Konsa, nou konprann fòk nou kreye yon ansanm zouti didaktik  nan tout domèn konesans e sa dwe fèt nan objektif pou vin genyen yon edikasyon ki gen bon kalite an kreyòl.  Se nan sans sa a, li vreman enpòtan pou nou pote anpil atansyon sou  yon pwojè ki tabli sou ansèyman syans ak teknoloji [7] nan lang kreyòl Michel Degraff, lengwis MIT, a ap dirije e k ap egzekite ann Ayiti jounen jodi a. Li ta bon pou gen yon bilan ki fèt sou pwojè sa a dekwa pou nou wè si li ta ka sèvi kòm modèl nan tout peyi a.

Kidonk, ki pozisyon Leta ayisyen jounen jodi a sou lang kreyòl la ? Ki vizyon Leta ayisyen kapab soutni piblikman sou kesyon lang pou ansèyman nan lekòl ak nan inivèsite e ki kadre ak atik 5 konstitisyon 1987 la ?  Èske Leta ayisyen gen entansyon prezante yon pwojè lwa sou yon politik lang djanm/fèm pou ta garanti egalite nan mitan 2 lang ofisyèl yo nan tout aktivite nan lavi peyi d Ayiti ?  Si li pa posib pou Leta pran yon angajman fèm, global nan wo nivo, èske Edikasyon nasyonal kapab prepare yon pwojè lwa amenajman lengwistik pou sektè edikasyon an pou pouvwa egzekitif la ta prezante bay palman an nan ane 2014 la ?

 

Fini ak kolepyese san gade dèyè k ap fèt nan ansèyman ann Ayiti

Nan domèn edikasyon, pandan karant dènye ane sa yo, nan chache « sèvi ak vye moso twal pou koud yon rad tou nèf », Leta ayisyen gaspiye tout avantaj ak lajan li genyen. Li eseye divès « apwòch » e li danse dans lan sou yon sèl pye sou divès podyòm nasyonal ak entènasyonal, jouk li gen vètij. Nan kòmansman mwa avril 2014 la, yon lòt fwa ankò, li eseye bay demonstrasyon pou l montre li kapab konstwi twazyèm etaj nan bilding lekòl ak inivèsite peyi a san li pa bati fondasyon yo, san li pa pran tan pou li chwazi refè fondasyon gwosè bilding sa a nan fè yon amenajman serye nan de 2 lang ofisyèl yo, dekwa pou l transmèt konesans nan 2 lang sa yo epi pou li mezire kalite pedagoji ak kalite lang k ap sèvi nan transmèt konesans. Pa egzanp : nan pwogram [8] « Deba nasyonal sou kalite edikasyon an ann Ayiti » ki fèt Pòtoprens ann avril 2014 la, pwoblematik lang lan pa parèt okenn kote. Nan pwogran ofisyèl [8] « deba » sa yo ki disponib sou Entènèt, pa gen okenn atelye ki te gen pou brase lide sou pwoblematik lang pou fè ansèyman epi pou pwopoze rekòmandasyon ki ta pou sèvi pou prepare « gid entèvansyon » nan domèn nan.  Fòk nou di tou, ni sijè, ni objektik deba yo pa t depaman ak ansyen konsepsyon lelit ki anfavè lang franse nan koze edikasyon, yon konsepsyon ki fikse byen djanm anndan sosyete ayisyen an. Kifè, pandan deba sa yo te sanble yo vle vize kalite edikasyon an ann Ayiti, yo annik vire do bay vizyon ki mande pou yo marye kalite ak ekite/jistis pa rapò ak dwa lengwistik nan espas edikasyon an ann Ayiti. An piblik, deba yo pa konsidere pwoblematik lang lan, yo vire do bay ijans ak bezwen ki genyen pou amenaje lang kreyòl la nan tout nivo anndan ansèyman piblik ak prive ann Ayiti. Nan Pòtoprens, radyo Métropole [9] te tonbe repete ansanm kesyònman kèk obsèvatè fè tankou : « Refòm sou refòm, akò sou akò, deba sou deba, amelyore kalite edikasyon an rete yon senp rèv.  Adopte yon senp « gid entèvansyon » pou amelyore ansèyman siperyè a, èske sa ap rive chanje yon bagay vre ? »

M ap repete sa byen fò e ak tout fòs mwen : toutotan Leta ayisyen (san n pa bliye palman an) pa ranmase vizyon obligatwa ki mande pou li amenaje de 2 lang yo ki se patrimwàn lengwistik peyi a; toutotan li pa konprann obligasyon li genyen pou li rekontwi lekòl ann Ayiti nan tabli ekite nan dwa lengwistik, li kondane pou li kontinye rapyese sistèm edikasyon an san rete, menm jan li toujou fè sa, nan eseye pwogram kosmetik pou fè wè tankou PSUGO [10], nan kontinye repete menm leson katechis pase mòd la nan kòlòk ak lòt pelerinaj ki p ap pote okenn rezilta moun ka mezire apati rannman ak chans yo genyen pou miltipliye yo anndan lekòl ak inivèsite bon kalite Ayiti bezwen an.

Divòse ak kole pyese ansèyman ann Ayiti, jounen jodi a, se pote limyè anplis pou esplike ki vizyon refondasyon tout nivo edikasyon nan peyi a dwe genyen nan zafè lang. Konsa, nou  vle :

1)    pwopoze tout branch nan sosyete sivil ayisyen an, pou depi kounye a, yo koumanse pale sou  kesyon etik ak kilti pou respè dwa lengwistik la [11] ann Ayiti ;

2)    pwopoze ministè Edikasyon nasyonal piblikman pou li chache jwenn yon akò nasyonal pou pran yon kanpo depi kounye a, pou li sispann mete tout nouvo refòm an branl nan sistèm edikasyon an, sispann tout nouvo « Gid entèvansyon », tout nouvo « obsèvatwa » e nan yon delè 1 an pou li relanse Komisyon yo rele GTEF la ak patisipasyon lengwis ak didaktisyen. Komisyon sa a (GTEF agrandi a) va genyen yon manda espesyal pou li pwopoze sosyete a ak palman ayisyen an yon avan-pwojè lwa ak kèk mezi obligatwa pou amenajman lang kreyòl la, soti klas matènèl rive jouk nan ansèyman siperyè ak teknik, --nan egalite ak lang franse a e nan menm avan-pwojè lwa sa a, reyamenajman franse a t ap tou parèt.

Mwen di li klè : anfas estrateji kase koub ak mètdam Leta ayisyen toujou aplike devan pwoblèm lang la an jeneral epi parapò ak difikilte ki egziste nan kesyon lang pou fè ansèyman nan peyi a, ministè Edikasyon nasyonal lib jodi a pou li fè yon chwa istorik k ap pote rezilta e ki vle di li gen kapasite pou li pote vizyon ak desizyon ki mache ak chwa refondasyon lengwistik nan sektè edikasyon an ann Ayiti, --e chwa sa a, se chwa pou fè yon kanpo epi remobilize GTEF la epi ranfòse l dapre yon manda ki byen defini. Yon refondasyon konsa rantre tou dwat nan « Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik nan peyi a. » 

Pou ki sa nou dwe fè yon pledwaye jodi a ann Ayiti pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ?

Ki sa ekspresyon « dwa lengwitik  [12]» la vle di ? Èske dwa lengwistik byen tache anndan tout gwo dwa fondamantal moun genyen ? Èske dwa sa yo pa pou Ayisyen tou ? Si repons lan se : wi, èske nou pa dwe fè yo respekte yo oswa kouman pou nou fè yo respekte yo? Nan kokenn sektè edikasyon an, èske li posib pou tabli yon lwa sevè pou garanti respè « dwa pou sèvi ak yon lang [13]» toutbon ?     

Ann gade kesyon dwa lengwistik la anvan

Jouk jounen jodi a, apa kèk moun ki etidye lang, anpil moun pa konnen si gen yon « Deklarasyon inivèsèl dwa lengwistik [14]».  Deklarasyon sa a te fèt nan vil Baselòn ant 6 ak 8 jen 1996, pandan Konferans mondyal sou dwa lengwistik. Alapapòt Deklarasyon sa a  di : « Tout pèp gen dwa pou yo eksprime kilti yo epi devlope kilti yo, lang yo ansanm ak pwòp prensip pa yo sou jan yo vle òganize yo, pandan yo mete pwòp chapant politik pa yo an plas, mòd edikasyon pa yo, pwòp mòd kominikasyon ak adminitrasyon piblik pa yo an plas.»

Li enpòtan pou nou remake Deklarasyon inivèsèl dwa lengwistik la tabli 2 domèn konpetans [15], lè li pale de dwa lengwistik :

Yonn nan kontribisyon ki pi enpòtan li pote pou kesyon Dwa lengwistik la, se poutèt li alafwa touche ni grenn moun, ni kolektivite a lè li pale de dwa lengwistik, e li konsidere 2 dimansyon sa yo depann youn de lòt e yo pa ka separe yo paske yon lang, se anndan yon kominote li fòme e se anndan menm kominote sa a chak grenn moun sèvi ak lang lan pèsonèlman. Se nan sans sa a, si yo respekte dwa tout kominote ak gwoup lengwistik, se sèl fason chak grenn moun ap kapab rive egzèse dwa lengwistik li toutbon vre.

Pou 2 domèn konpetans sa yo, Francisco Gomes de Matos [16], ki se yon jirilengwis, bay kèk egzanp klè pou li pale de dwa lengwistik. Li jis chita sou prensip ki di dwa lengwistik yo alafwa pèsonèl epi kolektif. Egzanp dwa kolektif li di ki ka aplike pou gwoup lengwistik yo se :

· dwa chak gwoup genyen pou yo anseye li nan lang li ak kilti li ; 

· dwa chak gwoup genyen pou lang li ak kilti li jwenn plas li nan medya yo korèkteman yon fason ekitab ; 

· dwa pou chak manm yon seri gwoup byen detèmine pou yo sèvi ak pwòp lang yo nan relasyon y ap devlope ak moun ki anndan pouvwa piblik yo ak nan relasyon sosyal ak ekonomik yo.

Nan menm lide sa a toujou ak lè nou konsidere dwa lengwistik moun genyen, nou vle tout moun byen konprann, « Lè yo pale de dwa lengwistik sitwayen yo, sa vle di dwa tout moun genyen pou li sèvi ak lang li e an menm tan tou dwa tout lang genyen pou yo pwoteje li [17] ». Nan ‘’Chat’’ inivèsèl sou dwa fondamantal nan koze lang, yon ‘’Chat’’ Federasyon entènasyonal pwofesè lang vivan yo te ekri pou UNESCO nan lane 1993, yo byen esplike dwa lengwistik moun genyen  [18]. Men sa yon pati ladan l di :

·  tout moun gen dwa pou li metrize lang matènèl li ;

· tout moun gen dwa pou li metrize lang ofisyèl peyi li oswa youn nan lang ofisyèl peyi ki responsab ansèyman l ap resevwa a ;

·  tout jèn moun gen dwa pou yo anseye li lang ki plis idantifye l oswa ki plis idantifye fanmi li;

·  yo pa kapab pèsekite yon moun ni aboli dwa li genyen pou li sèvi ak yon lang, pou li pale l, pou l li l oubyen ekri l, pou li aprann li, pou li anseye l oubyen pou li gen aksè pou jwenn li.

Nan menm sans ak Deklarasyon inivèsèl dwa lengwistik la, nan « Politiques linguistiques et droit linguistique  [19]», lengwis Christiane Loubier pote yon bonjan limyè pou nou sou kesyon dwa lengwistik yo nan rapò yo ak politik pou amenajman lengwistik : 

Depi yo sipoze gen kèk sitiyasyon oswa konpòtman lengwistik lalwa kapab oryante, li posib pou yo pale de (yon) dwa lengwistik (o sengilye). Se selon espas politik la, li posib pou yo pale de dwa lengwistik entènasyonal (egz : tout dwa lengwistik atik 27 Pak Entènasyonal sou dwa sivil ak politik yo garanti) oubyen tou dwa lengwistik entèn/yon peyi (dwa konstitisyon, lwa lengwistik, dekrè, regleman administratif yo garanti, eks).

Ti koutje sa a pote ase limyè pou nou sou kesyon dwa lengwistik ansanm ak kontèks jirilingwistik ki viwonnen li. Li pèmèt nou pwouve pèp ayisyen an tankou tout lòt pèp genyen dwa lengwistik epi dwa sa yo fè pati dwa fondamantal moun genyen ; dwa sa yo enpòtan menm jan ak dwa pou moun jwenn sante, edikasyon, libète pou pale ak pou kreye asosyasyon.


Ekite ak jistis nan  zafè dwa lengwistik

Nou dwe konprann « Ekite nan kesyon dwa lengwistik » la nan sans kote nou wè tout Ayisyen egalego devan lalwa, yo genyen menm dwa lengwistik jan sa defini byen klè pi wo a. Moun ki kreyolofòn (ki pale kreyòl sèlman) tankou moun ki bileng (ki pale 2 lang) gen menm dwa e yo dwe kapab reklame dwa sa yo devan yon tribinal, nan yon antrepriz prive tankou nan Administrasyon piblik la. Ekite sa a  ap pwouve yo rekonèt dwa pou yon moun sèvi san okenn anpechman ak lang manman li, kreyòl la, konstitisyon an rekonèt epi li deklare ki gen menm pozisyon/estati ak franse. Ekite nan kesyon dwa lengwistik vle di tou tout Ayisyen gen dwa pou lekòl anseye li epi fè edikasyon li nan 2 lang yo : kreyòl ak franse ki se patrimwàn lang peyi a.

Nou dwe rann nou kont dwa lengwistik sa yo, ki marye ak jirispridans nan nivo entènasyonal, yo soti nan dwa konstitisyonèl ayisyen an (atik 5 Konstitisyon 1987 la) : kifè, kòm dwa sa yo pa depaman ak Konstitisyon an, se yon obligasyon pou Leta bay garanti dwa sa yo respekte epi moun rive jwi yo toutbon. Pou n pi klè, se Leta ayisyen ki pou prepare yon lwa espesyal sou itilizasyon lang  ki ranmase tout dwa ak obligasyon nan kesyon lang. Nan chapit VII liv ki rele : « L'aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions » – (al gade nòt no # 11 la), nou te prezante « Pwopozisyon pou preparasyon premye lwa sou amenajman lengwistik ann Ayiti », se yon modèl ki ka sèvi kòm fòm lwa sa a ta ka pran.

 

Pledwaye ak ekite, se menm lit la

Pou ki sa nou blije fè yon pledwaye pou fè rekonèt dwa lengwistik ann Ayiti ? Nan yon peyi kote pifò moun se kreyòl sèlman yo pale, pou ki sa gen anpil pwoblèm pou fè moun aksepte egalite ant 2 lang ofisyèl yo ? Kouman pou n rive fè mantalite moun yo evolye, mantalite moun ki kwè kreyòl se yon baryè pou devlopman peyi a olye pou yo rekonèt lang kreyòl la kòm yon gwo alye estratejik nan devlopman e premyeman kòm yon dwa : ki se dwa pou moun sèvi ak lang manman l ? Kouman pou n depase tout prejije kont lang kreyòl la, ki se lang ki simante idantite ayisyen an, jan manman lwa peyi a di l la « Lang ki simante tout Ayisyen ansanm se kreyòl » (atik 5 Konstitisyon 1987 la) ?

 Sou plan sosyoloji, li bon pou konprann jan lekòl gaspiyè ki sèvi ak franse sèlman an e ki chita sou diskriminasyon, se yon sistèm ki fòme yon seri moun k ap repwodui menm imaj, menm lide, menm prejije ak konpòtman diskriminasyon kont lang kreyòl la, paske byen bonè, yo te aprann yo rejte lang kreyòl la, poutan menm moun sa yo ap pale kreyòl chak jou. Pou tout moun sa yo ki se kreyolofòn depi yo fèt, elèv ak etidyan ki ‘’kreyolize’’ (k ap pale kreyòl), se sa ki vle di sistèm edikasyon ayisyen an echwe. (Fòk nou di tou, mo « kreyolize» a, yo sèvi ak li nan kèk fowòm diskisyon ayisyen nan yon sans egzajere, san okenn referans syantifik ki gen rapò ak sans konsèp sa a genyen nan domèn lengwistik). Li enpòtan pou nou presize, nan tout kòz degradasyon edikasyon an ann Ayiti, pa gen okenn ka kote lang kreyòl ta responsab.  Kèk obsèvatè di anpil elèv ki pase nan sistèm edikasyon an gen anpil pwoblèm pou yo pale franse, fè disètasyon, rezoud pwoblèm matematik, fizik, chimi, eks. Premye responsab la se pa lang lan men se pito sistèm yo ki pa adapte pou transmèt konesans, ki manke bay koze konpetans lengwistik la valè ni an kreyòl, ni an franse. An gwo, se sistèm lekòl la ki pa kapab bay demann popilasyon an yon repons efikas pa rapò ak kesyon bon kalite edikasyon an ; li nan enkapasite tou pou li pote yon repons pou demann gwo mas elèv ki genyen kreyòl kòm lang matènèl yo paske diferans sosyal nan mitan yo gran anpil. 

Yon lòt fwa ankò jounen jodi a, gen moun ki pran ansyen sistèm nan kòm referans, yo bliye si ansyen sistèm sa a se yon sistèm kote se te sèlman ant 10 ak 15% nan popilasyon an ki te gen chans jwenn edikasyon, e se te jouk rive nan mitan ane 1970 yo.  Se te yon sistèm pou yon ti ponyen moun (lelit) ki te genyen peyi etranje pou modèl e sistèm sa a pa t konn konsidere bezwen popilasyon an. Sistèm sa a te mete pifò popilasyon an sou kote, jan yon gran lengwis ki rele Domonique Fattier esplike sa « (…) Kreyolofòn ki pale kreyòl sèlman yo, ki se pifò Ayisyen, yo jis mete yo sou kote paske yo retire tout dwa yo pou yo sèvi ak lang Leta a, konsa yo retire yo nan zafè konesans, ni nan pouvwa, ni nan konesans nan liv, paske tout sa, se domèn ki rezève pou lang franse.[20] » Kòm konsekans, nou wè sistèm nan pa t prepare ase pwofesè pou gwosè demann edikasyon sa a.  E anplis, kantite moun fòme ki kite peyi a vin redui rezèv fòmatè ki byen fòme yo. Pou te satisfè kantite demann ki te genyen nan kesyon edikasyon, depi nan mitan ane 1970 yo, lekòl ki gen de pwa, de mezi a pran nesans ann Ayiti akòz lekòl « bòlèt » yo vin peple, e nan sitiyasyon sa a afè kalite a pa t ladan l ditou. Sa nou obsève jounen jodi a se senpman dekonpozisyon sistèm edikasyon 2 tèt la nan karant dènye ane yo. Jodi a ann Ayiti, apa lekòl « lelit » yo, bon kalite edikasyon an pa egziste ni an franse, ni an kreyòl. Men nou dwe konprann, bon kalite edikasyon an posib an franse,  epitou an kreyòl. Yon bon kalite edikasyon an kreyòl ap bay pi bon rezilta paske lang matènèl elèv yo se kreyòl. Kidonk, se pou pote yon repons pou tout touman sa yo ki fè mwen mete  «Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti » nan mitan deba piblik yo.

Si pou n te kenbe yon sèl gwo lide pou defann ijans ak nesesite ki genyen pou tabli yon « Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti », se ta dwa pou moun sèvi ak lang matènèl yo poutèt se yonn nan dwa moun genyen ki enpòtan e yo pa dwe rejte. Dwa pou moun sèvi ak lang li, se yon dwa prensipal e nou pa dwe janm bliye moun se yon kreyati k ap panse e k ap pale, li egziste  atravè lang matènèl li e se nan lang sa a li di lemonn antye kiyès li ye, se atravè lang sa a li di jan li konprann lemonn tou. Nan sans sa a, lè Ayiti gen dwa pou sèvi ak kreyòl, lang matènèl, ki se yon dwa prensipal epi ki enpòtan, sa ap pwouve yo rekonèt dwa lengwistik toutbon vre nan peyi a.

 
Refleksyon ki marye tousuit ak « refondasyon sistèm edikasyon an totalkapital ann Ayiti » pou kounye a se : nou tout nou vle yon bon kalite edikasyon ann Ayiti e egzijans sa  a se yon egzijans ki mande yon konbit tètansanm. Nou di yon bon kalite edikasyon, pa vre ? Wi, men èske n pa ta dwe bay tèt nou tout zouti ki pou pèmèt nou trase epi mezire rapò ki genyen ant kalite edikasyon an ak anviwònman lengwistik kote edikasyon an ye a ? Pou n pi klè toujou : nan ki lang pou yo konsevwa bon kalite edikasyon sa a, pou yo fè pwomosyon pou li, pou mete l an branl, pou yo evalye l epi pou kreye modèl pou miltipliye l ?  

Refleksyon ki marye tousuit ak « refondasyon sistèm edikasyon an totalkapital ann Ayiti » pou kounye a se : nou tout nou vle yon bon kalite edikasyon ann Ayiti e egzijans sa  a se yon egzijans ki mande yon konbit tètansanm. Nou di yon bon kalite edikasyon, pa vre ? Wi, men èske n pa ta dwe bay tèt nou tout zouti ki pou pèmèt nou trase epi mezire rapò ki genyen ant kalite edikasyon an ak anviwònman lengwistik kote edikasyon an ye a ? Pou n pi klè toujou : nan ki lang pou yo konsevwa bon kalite edikasyon sa a, pou yo fè pwomosyon pou li, pou mete l an branl, pou yo evalye l epi pou kreye modèl pou miltipliye l ?  

Pou pote repons pou yon kesyon kapital konsa, sa vle di fòk nou kwè toutbon vre se yon obligasyon pou tabli yon pledwaye anndan espas piblik la pou rekonèt dwa lengwistik ann Ayiti paske :  

1) dwa pou moun sèvi ak yon lang, se dwa ki mande pou rekonèt lang matènèl la epi ba l premye plas.  Se yon dwa moun ki vreman fondamantal pou tout Ayisyen ki fèt e ki grandi ann Ayiti ; rekonesans lang matènèl la dwe chita byen djanm akote tout lòt dwa fondamantal ki enskri anndan Konstitisyon 1987 la.

2) Dwa pou sèvi ak yon lang mande tou pou tout Ayisyen gen dwa pou lekòl fè edikasyon yo nan tou 2 lang ofisyèl peyi a, kreyòl ak franse, e Leta dwe respekte obligasyon konstitisyon an fè li pou li fè lekòl nan 2 lang sa yo.

3) Dwa pou sèvi ak yon lang oblije Leta ayisyen pou li pran yon lwa sou amenajman kreyòl ak franse nan espas piblik la tankou nan domèn edikasyon. Sèl yon seri dispozisyon legal ki enskri anndan yon lwa amenajman lengwistik e ki va aplike anndan enstitisyon yo, kapab reyini tout kreyolofòn yo ansanm pou yo jwi dwa pou yo sèvi ak lang matènèl yo pliske espas piblik tankou espas edikasyon an ap rekonèt li epi y ap soutni li.

 

Konklizyon 

Limyè nou fè sou kesyon dwa lengwistik ak dwa pou sèvi ak yon lang ta dwe reveye konsyans « desidè » ayisyen yo, espesyalman sila yo k ap travay nan youn nan gwo domèn amenajman 2 lang ofisyèl yo, pa egzanp domèn edikasyon an, kote yon bon pati nan avni peyi a chita. Katran apre tranblemanntè a 2010 la, priyorite a parèt vreman endispansab, li vreman klè nan je anpil pwofesè, lengwis ak anplwaye kad nan sistèm edikasyon ki eklate an miyèt moso a : nou pote yon vizyon ki mande pou yo tabli « refondasyon sistèm edikasyon an totalkapital ann Ayiti ». E mwen vle presize li : se yon obligasyon pou yo konsevwa yon refondasyon konsa ak amenajman 2 lang ofisyèl yo nan tout kou k ap fèt nan klas ak nan tout demach pou ajiste yon nouvo sistèm edikasyon nan peyi a, kit nan pi wo nivo, kit alabaz. Se sèten, kalite vizyon refondasyon sa a pi egzijan, li pi difisil pou yo mete l an mach. Se pou limenm Leta ayisyen ap kouri depi lontan, l ap kache pou l pa aplike li paske li pa kapab kontre fas pou fas ak « pwoblèm lengwistik ayisyen » Pradel Pompilus te abòde nan ane 1960 yo.  Gen yon bagay moun dwe konsidere seryezman, depi refòm Bernard la, Leta ayisyen pa janm prepare okenn tèks enpòtan pou li prezante yon ansanm agiman ki ta pou sèvi kòm gid pou aplike yon politik lengwistik nan mitan lekòl yo ni nan tout sistèm nan. Li pa pwodui ni yon deklarasyon, ni yon sikilè fèm pou yo aplike san okenn kontestasyon, yon jès ki ta ka montre li konprann kalite ak pwofondè prensipal pwoblèm ki poze nan sistèm edikatif la, ki se diferans sosyal ki egziste nan demann ansèyman an, nan kapital la tankou nan vil pwovens yo, poutan se yon pwoblèm ki te vizib depi nan ane 1970 yo.

Eklèsisman sou 2 konsèp sa yo dwe reveye konsyans sosyete ayisyen an tou ann antye paske jouk  jounen jodi a, pa gen okenn lwa sevè, okenn otorite oubyen enstitisyon reglemantè ki gen pouvwa pou fè respekte prensip, okenn zouti legal ki ka garanti aplikasyon yon politik lengwistik ekitab ni nan edikasyon nasyonal, ni nan espas piblik kote leta ap devlope relasyon ak sitwayen yo. Se sèten, gen yon lit pou sitwayen yo mennen chak jou sou teren sa a pou fè moun byen konprann wòl ak plas dwa lengwistik yo bò kote tout lòt dwa fondamantal sitwayen yo.

Yon lòt fwa ankò epi tout tan, fòk nou toujou pote limyè sou reyalite sa a : « Kreyòl se lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl Repiblik la » (atik 5 Konstitisyon 1987 la).  Reyalite sa a fè nou oblije chwazi yon mòd sosyete e li oblije nou rezoud « pwoblèm lengwistik ayisyen an » nou te toujou ap neglije. Èske nou tout an jeneral pa konsène ? Sa vle di, nou dwe travay anpil pou sosyete ayisyen an reyini toutotou lide pou konstwi yon politik lang sevè ki tabli yon pozisyon/estati egalego pou 2 lang ofisyèl nou yo e politik sa a ap pèmèt nou byen òganize jan n ap transmèt konesans lang matènèl la nan ansèyman siperyè ak teknik.

Nan yon tèks ki vreman ekri ak yon klate moun pa wè fasil e ki parèt nan 10 fevriye 2010 : « Haïti : la refondation d’une nation [21] », Jean-Claude Bajeux (1931 - 2011) te sèvi ak pawòl sa yo pou li fè fòmasyon nou : « Bay timoun yo chans pou yo metrize 2 lang yo, se ba yo chans pou vàn konesans lan louvè devan yo, kidonk, se ba yo chans pou yo jwenn libète. Paske pa genyen yon edikasyon nasyonal pou tout timoun san paspouki, se sa ki fè yo poko wè egzakteman posiblite pou kreye yon metòd pedagojik ki bay timoun yo chans pou sèvi ak  2 lang yo.» « Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti » se zouti pou klewonnen pawòl sa a, l ap mache sou tras li e li kase randevou pou divès kalite defi ak priyorite. Se nou ki pou vle epi ki pou konnen nou dwe reponn prezan an mas epi san  n pa fè bak.


NÒT TÈKS LA

1. Sant Aktyalite Loni/Centre d'actualités de l'ONU, 15 fevriye. «Haïti: l'Envoyée de l'Unesco défend une refondation du système éducatif».

2. AlterPresse, Pòtoprens, 24 me 2010. «L’après-séisme en Haïti: de la 'convergence linguistique' dans la Francocréolophonie haïtienne».

3. Gwoup Travay sou Edikasyon ak Fòmasyon/Groupe de travail sur l’éducation et la formation (GTEF, Pòtoprens, mas 2009). «Façonnons l’avenir».

4. 33 rekòmandasyon GTEF la.

5. Edikasyon/deba / Éducation/Assises - Bilan du Plan opérationnel (étape 2012-2015)

6. Al gade tou : Louis Auguste Joint (2006). Système éducatif et inégalités sociales en Haïti. Paris, L'Harmattan; voir aussi l’UNICEF: «Le droit à l’éducation pour tous».

7. Michel Degraff, 20 mas 2014. «Inisyativ MIT-Ayiti ap kore edikasyon san baryè ann Ayiti».

8. Pwogram deba nasyonal sou Edikasyon bon kalite/La programmation des «Assises nationales sur la qualité de l’éducation en Haïti» (avril 2014), li disponib sou entènèt.

9. Radyo Metwopòl/Radio Métropole, Pòtoprens, 11 avril 2014. «Assises: vers un observatoire national sur la qualité de l'éducation».

10. Pou plis limyè sou PSUGO (Programme de scolarisation universelle et de gratuité obligatoire), al gade Junia Barreau. «Sans démagogie, mettre l’humain au cœur du développement en Haïti». Revi Haïti Perspectives, vol. 2, no 2, ete 2013.

11. Pou kèk lide sou dwa lengwistik, ak dwa pou sèvi ak yon lang, al gade Berrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier, H., Saint-Fort (2011). L'aménagement linguistique en Haïti: enjeux, défis et propositions. Éditions du Cidihca et Éditions de l'Université d'État d'Haïti.

12. Al gade nòt #11 la. Al gade tou : Joseph-G. Turi (1990). «Le droit linguistique et les droits linguistiques». Nan Les Cahiers de droit, vol. 31 no 2: les Presses de l’Université Laval, Québec.

13. Menm bagay ak nòt #12 la.

14. Deklarasyon inivèsèl sou dwa lengwistik/La «Déclaration universelle des droits linguistiques».

15. Menm bagay ak nòt #14 la.

16. Al gade Inyon laten/l’Union latine: http://dtil.unilat.org/tercer_seminario/actas/kilanga_fr.htm

17. Menm bagay ak nòt #16 la.

18. Menm bagay ak nòt #16 la.

19. Christiane Loubier (s.d.). «Politiques linguistiques et droit linguistique».

20. Dominique Fattier (2006). «Haïti et ses langues: représentations et réalités». Nan Présences haïtiennes: Université de Cergy-Pontoise, Centre de recherche textes et francophonies, p. 166

21. Jean-Claude Bajeux, 10 fevriye 2010. «Haïti: la refondation d’une nation». Nan Rien n’a été en vain -Aperçu sur les droits humains à l’aube du XXIe siècle. Rodolfo Mattarollo, fevriye 2013. (s.l.e.)..

 

Comments