Enpòtans lang matènèl

                    Enpòtans lang matènèl lan yon sosyete

                                                                              Hugues Saint-Fort

                                                                              New York, fevriye 2015

 

Se lan dat 21 fevriye 2000, òganizasyon entènasyonal UNESCO1 pran desizyon selebre Jounen entènasyonal lang matènèl. Depi lè sa a, chak ane, tout peyi ki manm UNESCO selebre fèt sa a lan dat sa a. Objektif jounen sa a se fè pwomosyon egzistans plizyè lang ak plizyè kilti lan sosyete modèn yo.

Yon lang matènèl se premye lang timoun akeri lan fanmi kote yo elve2. Lengwis yo toujou fè yon diferans ant lang matènèl, lang etranjè, dezyèm lang. Kretyen vivan pa aprann lang matènèl sosyete kote y ap viv la. Yo akeri3 li lan kontak yo genyen ak fanmi yo, zanmi yo, ak tout moun ki ap viv lan sosyete a. Pou esplike sa, sèten lengwis tankou Ameriken Noam Chomsky ak lòt lengwis ki panse menm jan ak li vini ak ipotèz yo rele «ipotèz ine». Dapre ipotèz sa a, tout kretyen vivan fèt avèk yon ansanm prensip ak paramèt yo rele Gramè inivèsèl ki pèmèt timoun akeri rapidman lang yo tande moun ap pale lan sosyete kote y ap viv la (Chomsky 1986, 2002). Lang matènèl tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti se kreyòl. Yo akeri li depi yo tou piti lakay yo, anvan yo ale lekòl, apati  laj twazan osnon katran. Lang matènèl tout Ayisyen se kreyòl, se pa franse. Donk, se lang kreyòl nou menm Ayisyen va selebre samdi pwochen 21 fevriye 2015. 

Yon lang etranjè se yon lang ki pa natif natal lan yon peyi. Yo anseye lang sa a lan lekòl menm jan ak tout lòt matyè yo anseye lan klas, men yo pa sèvi ak li kòm lang kominikasyon lan sosyete a, pou kondui aktivite lan biwo leta, lan fè komès, lan pale toulejou, lan jwe, …Angle se yon lang etranjè pou majorite Ayisyen natif natal. Genyen moun ki di franse se yon lang etranjè tou pou Ayisyen. Mwen p ap kouri di se manti paske genyen plizyè Ayisyen ki pa konprann anyen lè yo tande moun ap pale franse osnon si yo mete yon liv franse devan yo. Men, li difisil pou moun avanse seryezman ke franse se yon lang etranjè pou tout Ayisyen ann Ayiti.

Yon dezyèm lang se yon lang ki pa lang natif natal lan yon peyi men yo sèvi ak li lan domèn tankou edikasyon, gouvènman, biznis, jounalism… An jeneral, yo sèvi ak li ansanm ak yon lòt lang lan sosyete a. Nou jwenn sitiyasyon sa a lan yon seri peyi ki se ansyen koloni peyi ewopeyen, tankou Jamayik, Giyàn angle, Nijerya… Pa egzanp, lan twa peyi sa yo, angle se dezyèm lang (Li se lang ofisyèl tou). Men, li pa lang natif natal. Lan Jamayik ak Giyàn angle, lang natif natal la se yon lang kreyòl (yo rele li patwa). Lan Nijerya, gen plizyè lang natif natal.  

Konsèp dezyèm lang lan vin pran yon dezyèm sans lan sèten peyi endistriyalize, tankou Etazini, Frans, Kanada, Angletè,…kote li deziyen lang imigran ki gen yon lang matènèl deja men ki aprann lang (franse, angle) peyi sa yo paske se la yo deside viv tout rès lavi yo. Pa egzanp, gen anpil imigran ayisyen lan Etazini ki adopte angle kòm dezyèm lang yo paske se lan peyi sa a yo deside pase rès lavi yo.

Si nou byen konsidere sitiyasyon lengwistik Ayiti, nou pa kapab di franse se dezyèm lang Ayiti, malgre gen plizyè eleman definisyon dezyèm lang ki kapab vo pou Ayiti.  Pa genyen ase Ayisyen ki pale, li, ekri, e konprann franse (petèt mwens pase 10%) pou nou ta di lang sa a reprezante dezyèm lang pèp ayisyen. Men, genyen endividi Ayisyen ki posede franse kòm dezyèm lang yo. Sepandan, tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti konn pale kreyòl san pwoblèm. Kreyòl se lang matènèl yo.  

Lang matènèl se premye lang yon moun pale lan sosyete kote l ap viv la. Se li ki pèmèt nou siyale prezans nou sou latè, idantite nou, kilti nou. Lang matènèl kite tras li sou ki jan nou pale lòt lang.

An jeneral, lengwis yo estime genyen anviwon 6.000 lang moun pale sou latè. Men, se pa tout ki gen menm estati sosyal osnon politik lan sosyete kote moun pale yo. Dapre lengwis franse Claude Hagège (2000), chak ane, genyen anviwon 25 lang ki disparèt, e rive lane 2100, kapab genyen 4500 lang ki ap disparèt. Yon lang disparèt lè pa genyen moun ki pale li ankò osnon lè yon lòt lang ki sou «mache lengwistik» la (Bourdieu 1982), ki pi konpetitif pase li osnon ki bay plis avantaj sosyal, rive dechouke li epi elimine li. Sa se youn lan pi gwo menas ki ap vize lang yo. Gen lòt menas ki pi grav toujou. Lè moun ki pale lang diferan antre an kontak, genyen posiblite pou youn lan lang sa yo layite kò li tout longè epi depase lòt lang yo. Lan epòk n ap viv kounyè a, se sa ki rive lang angle. Depi fen dezyèm gè mondyal la, apre 1945, kote Etazini tounen pi gwo pisans militè, syantifik, teknolojik, ekonomik, majorite peyi sou latè sibi yon dominasyon kiltirèl ameriken ki manifeste lan mizik, sinema, edikasyon, fason abiye, fason manje,… Dominasyon kiltirèl sa a pwolonje jis lan kesyon lang. Jounen jodi a, se lang angle ki ap domine tout lòt lang kretyen vivan pale sou latè. Lang angle tounen lingua franca epòk kontanporen an.4 Etazini difize lang angle lan tout peyi sou latè paske se meyè mwayen pou repann dan lemonn pwòp «vision du monde» pa li. Men sa lengwis franse Claude Hagège (2012) di sou sa: «L’exportation de l’anglais joue, [d’autre part,] un rôle essentiel dans la diffusion de l’idéologie américaine et de la conception que l’on se fait, outre-Atlantique, de la politique et de la démocratie.» (Ekspòtasyon angle jwe yon michan wòl lan repann ideyoloji ameriken ansanm ak jan Ameriken yo konsidere politik ak demokrasi) [tradiksyon pa mwen]. Lan epòk n ap viv kounyè a, sinema ameriken fin popilarize lan tout peyi sou latè sa yo rele “American way of life”, ak “American way of thinking”. (Hagège 2012).

Sa yo rele “mondyalizasyon” lan epòk kontanporen an se plis yon dominasyon kiltirèl ameriken ki fin enpoze li lan tout peyi sou latè. Denonse dominasyon sa a se pa pa rayisman lang angle ak kilti ameriken. Se plede pou kenbe yon divèsite lengwistik e kiltirèl dan lemonn, se fè pwomosyon tout lang, tout kilti. Se limanite k ap pèdi lè lang lokal yo ap disparèt, lè se yon sèl e menm lang lan k ap ranplase yo. Fete jounen entènasyonal lang matènèl lan yon sosyete se pran pozisyon kont yon sèl fòm panse, «contre la pensée unique». Fete jounen entènasyonal lang matènèl se aprann valè tout lang kretyen vivan pale, se respekte lang sa yo. Pou nou menm Ayisyen, lang matènèl nou se kreyòl, se li nou dwe selebre. Se ladan li nou jwenn richès kiltirèl ki se yon trezò nou dwe konsève.

 

Comments