Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen (1-4)

Hugues Saint-Fort

New York, mas 2017

 

Mwen kòmanse jodi a yon rale sou kreyòl ayisyen kote mwen pral diskite sou fòm kesyon-repons yon seri sijè senp men ki konn bay tèt chaje nan kominote lengwistik nou an. Mwen divize sijè yo an kat pati. Nan premye pati a, m ap fè yon rale sou sa lengwistik ye. Sa va ede n konprann pi byen anpil kesyon sou lang kreyòl. Nan dezyèm ak twazyèm pati a, m ap fè yon gwo rale sou lang kreyòl yo ak kreyòl ayisyen ; epi nan dènye pati a, m ap fè yon rale sou rapò ki egziste ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti.

 

Premye pati

SOU LENGWISTIK

 

1. Eske gen yon syans ki etidye lang ? Ki jan syans sa a rele ?

Wi, gen yon syans ki etidye langaj ak lang. Syans sa a rele lengwistik. Yo rele espesyalis lengwistik yo, « lengwis ». Ant langaj ak lang, gen yon ti diferans. Langaj se yon kapasite pou pale ke se sèl moun ki posede. Lòt kalte espès yo (menm sa ki byen pre nou yo, tankou makak) pa posede kapasite sa a. Lengwis (tankou Chomsky) di ke kapasite sa a vini fètefouni lakay moun (sa vle di nou fèt avèk li : egal, li chita nan eritaj jenetik nou) e se li ki pèmèt nou aprann lang. Men, se lang ki pèmèt nou konnen ke genyen yon kapasite abstrè pou pale ki rele langaj ke sèl moun posede. Nou konnen sa paske nou konsyan egzistans diferan lang. Piske langaj se yon kapasite abstrè, nou pa konnen sa li ye egzakteman ; men, nou konnen egzistans lang, lang angle, lang franse, lang kreyòl, lang panyòl…Reyalite fizik tout lang se son. Lengwis yo rele son sa yo « fonèm ». Fonèm se pi piti son ki egziste nan yon lang e ki ka pèmèt nou fè diferans ant 2 pawòl ki sanble. Pa egzanp, an kreyòl, gen twa fonèm youn dèyè lòt nan mo [ɣɛl] rèl. Genyen twa lèt : r, è, l ki reprezante twa son sa yo. Si nou ranplase son [ɣ] la, avèk son [b], nou va genyen yon lòt mo ki se [bɛl] bèl. Lengwis yo sèvi ak [  ] kwochè pou yo reprezante son.


Se lang ki va pèmèt nou dekouvri sa langaj ye. Youn nan premye bagay moun fè avèk lang (men, se pa sa sèlman) se kominike ak lòt moun parèy nou. Pou sa rive fèt, nou konbine son antre yo pou yo ka tounen mo, epi nou konbine mo yo ansanm pou yo ka tounen fraz. Pa egzanp, an kreyòl, si nou konbine ansanm son [k], son [a], son [f] epi son [e], lan lòd sa a, nou jwenn mo [kafe], kafe. Men, pa gen lòt fason nou ka konbine kat son sa yo. Nou kapab tou ajoute sou mo kafe yon lòt mo a, epi apre sa, nou konbine yon mo ki genyen ladan son [b], epi son [õ]. Nou vin fòme lè sa a yon fraz : [kafeabõ] kafe a bon. Ki fè nou wè ke son yo ka konbine pou yo fòme mo. Epi tou, fraz la gen lòt kalte inite ladan tou wi, inite ki vin chita ant nivo mo yo epi nivo fraz la : yon gwoup nominal ki se sijè fraz la [kafe a] epi yon adjektif ki sèvi kòm predika [bon].  

 

Donk, se kalte règ sa yo ki fè lang fonksyone. Yon lang se pa yon lis mo yo mete ansanm. Se kon sa nou vin wè mo tounen gwoup nominal ki sijè, adjektif ki sèvi kòm predika, elatriye. Se ansanm règ sa yo ki fè nou mete son ansanm ki kapab chanje sans yon mo. Lengwis yo rele sa « Fonoloji ». Nou mete mo ansanm pou fòme divès kalte gwoup sentaksik epi gwoup sentaksik sa yo vin fòme fraz dapre yon seri règ ke nou pa kapab chanje. Lengwis yo rele kalte règ sa yo « Sentaks ». Se tout bagay sa yo ki fè tout lang gen gramè. Donk, gramé se ansanm règ ki fè yon lang fonksyone.      

 

Yon lang fonksyone nan yon estrikti sosyal ki egziste nan yon komite. Pa egzanp, kreyòl ayisyen se yon eleman nan estrikti sosyal kominote lengwistik ayisyen an. Li reflete pwoblèm, difikilte, konesans…ki genyen nan sosyete ayisyen an ; men, an menm tan, lang kreyòl ayisyen se yon estrikti mantal ke tout Ayisyen natif natal posede nan sèvo yo, e ki pèmèt yo kreye osnon konprann nouvo fraz nenpòt ki moman. Lengwis yo rele sa « konpetans lengwistik ».

 

2. Eske syans lengwistik etidye lang kreyòl tou ?

Wi, syans lengwistik antre fon nan etidye lang kreyòl. Menm genyen yon non pou disiplin sa a. Li rele « kreyolistik ». Jan nou wè li, se yon konbinezon ant « lengwistik » ak « kreyòl ». Majorite depatman lengwistik nan inivèsite yo omwen bay kèk kou sou kreyolistik. Piske lengwistik se yon syans li ye, epi kreyòl ayisyen se yon lang tankou tou lang, li klè nou dwe sèvi ak lengwistik si nou vle fè analiz serye sou lang kreyòl. Youn nan premye lengwis ki te kòmanse etidye lang kreyòl yo se te yon lengwis alman ki rele Hugo Schuchardt nan yon atik li te pibliye an 1882. Men, se yon lengwis ayisyen ki rele Suzanne Sylvain ki te ekri premye travay inivèsitè sou kreyòl ayisyen nan inivèsite Sorbonne, nan vil Paris, an France. Travay li a rele « Le créole haïtien : morphologie et syntaxe ». Sa te fèt an 1936 e jiskaprezan majorite rechèch ki ap fèt sou kreyòl ayisyen oblije pale sou li. Se premye deskripsyon lengwistik lang kreyòl ayisyen. Suzanne Sylvain te chache defann nan rechèch li a tèz sa a sou kreyòl ayisyen : « Nous sommes en présence d’un français coulé dans le moule de la syntaxe africaine, ou, comme on classe généralement les langues d’après leur parenté syntaxique, d’une langue éwé à vocabulaire français. » (Nou devan yon franse ki pase nan moul yon sentaks afriken, osnon, etan done yo jeneralman klase lang dapre fanmi sentaks yo, nou devan yon lang ewe ki genyen yon vokabilè franse.) [tradiksyon pa mwen]. Men, nan liv la menm, Sylvain gen yon pakèt done ak obsèvasyon ki montre jan kreyòl la pran lontan plis nan franse pase vokabilè sèlman. Se kòm si li pa te vreman rive defann tèz li a paske tout kalte done li yo nan nannan liv la pa koresponn ak konklizyon ke li te vin mete nan fen liv la.

 

Nan epòk n ap viv kounyè a, gen anpil michan deskripsyon lengwistik sou kreyòl ayisyen. Anpil ladan yo ekri ann angle. Mwen ta renmen ensiste sou 4 nan deskripsyon sa yo : youn ki an franse, ak 3 ki ann angle. Sa ki an franse a rele : « Contribution à l’étude de la genèse d’un créole : l’Atlas linguistique d’Haïti, cartes et commentaires » 6 vol., Atelier national de reproduction des thèses, 1998. Lengwis ki ekri rechèch sa a se yon lengwis fransèz ki rele Dominique Fattier. Lòt 3 deskripsyon lengwistik ann angle yo se: Yon michan deskripsyon sentaksik ki rele « Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’) ». Moun ki ekri li se yon michan lengwis ayisyen ki rele Michel DeGraff. Rechèch sa a parèt premye fwa nan yon liv ki rele « Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. » Se lengwis John Holm ak Peter L. Patrick ki edite liv sa a ki parèt an 2007 nan Battlebridge Publications, United Kingdom. Gen yon twazyèm liv sou kreyòl ayisyen ki rele: “The Haitian Creole Language. History, Structure, Use, and Education.” Se yon lengwis amerikèn ki rele Arthur Spears ak yon lengwis ayisyen ki rele Carole M. Berotte Joseph ki edite liv sa a e ki pibliye li an 2010 nan Lexington Books. Katriyèm liv sou kreyòl ayisyen mwen rekòmande se: « Haitian Creole. Structure, Variation, Status, Origin. ». Otè liv sa a se lengwis ameriken Albert Valdman. Li pibliye li an 2015 nan Equinox Publishing Ltd.

Mwen dwe siyale tou yon gramè an kreyòl ke yon lengwis ayisyen ki rele Jockey Berde Fedexy ekri an 2015 epi pibliye nan JEBCA Éditions. Li rele: « Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ».

 

3. Ki sa syans lengwistik aprann nou sou kreyòl ?

Nou pa kapab mennen analiz syantifik sou lang an jeneral e sou lang kreyòl espesyalman si nou pa sèvi ak syans lengwistik. Syans lengwistik aprann nou pou nou pa konfonn lang avèk òtograf. Nan majorite lang ke lengwis yo etidye, genyen gwo diferans non sèlman ant son oral yo ak senbòl ekri yo, men tou, ant sentaks oswa vokabilè lang ekri ak sentaks oswa vokabilè lang pale.

Youn nan bagay syans lengwistik aprann nou sou lang ak sou kreyòl se egzistans yon seri karakteristik ki egziste nan tout lang . Sa se karakteristik ke lengwis yo rele « inivèso lengwistik » (universaux linguistiques/language universals). Sa se yon seri pwopriyete mou nap jwenn nan tout lang sou latè. Pa egzanp, nan tout lang, n ap jwenn eleman fonetik ke lengwis ka klasifye kòm vwayèl.

Syans lengwistik aprann nou ki jan pou nou kondui analiz sou lang an jeneral ak sou kreyòl an patikilye. Piske premye reyalite yon lang se « son » (oswa « siy » nan ka moun ki bèbè yo), nou dwe konsidere estrikti sa yo kote son yo (oswa siy yo) kapab antre (pa egzanp, silab yo…), diferans ki egziste ant son yo epi ki jan sa kapab sans mo yo ; syans lengwistik aprann nou tou ki jan mo yo kapab òganize an fraz epi ki jan nou dwe entèprete yo. Pa egzanp, nan fraz sa a :

Timoun yo ap jwe nan lakou a.

Nou jwenn yon gwoup ki chita sou yon non, se sa lengwis rele « sentag nominal » : Timoun yo

Gwoup nominal sa a fòme ak yon non Timoun ki genyen yon detèminan defini (yo) dèyè li ;

Yon sentag vèbal : ap jwe nan lakou a

Ki li menm fòme ak yon vèb (jwe) epi ak yon gwoup prepozisyonèl (nan lakou a) dèyè li, epi gen yon makè devan vèb la (ap) ki sèvi pou n entèprete aksyon an pandan l ap dewoule (se sa yo rele yon mak pou « aspè » vèb la.

Gwoup prepozisyonèl la li menm fòme ak yon prepozisyon : nan ki devan yon sentag nominal : lakou a.

Sentag nominal la fòme ak yon non (lakou) ki genyen yon detèminan defini (a) dèyè li.

  

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen (2)

Dezyèm pati (Sou lang kreyòl)

 

4. Ki sa kreyòl ayisyen ye ? Yon lang, yon dyalèk, osnon yon patwa ?

Anvan mwen reponn kesyon sa a, kite mwen presize ki jan syans lengwistik defini twa mo sa yo: lang,  dyalèk,  patwa.

Sa kapab parèt etranj, men nou jwenn plizyè fason syans lengwistik defini lang paske sa depann de teyori lengwistik ki gide lengwis la. Genyen lengwis ki defini lang tankou yon sistèm lengwistik ki kontwole jan yon kominote lengwistik pale. Sa nou rele « sistèm » se yon ansanm siy lengwistik ki pa mache an degrennen, men ki kenbe gwo relasyon youn ak lòt epi ki ranpli fonksyon presi. Genyen lòt lengwis ki defini lang tankou yon sistèm ki lan sèvo yon moun. Lè lengwis yo konpare sistèm kominikasyon moun itilize avèk jan lòt kalte espès yo kominike, yo jwenn gwo diferans: lang kretyen vivan itilize kapab revele enfòmasyon konplèks sou bagay ki pa nesesèman prezan devan nou, kapab sèvi pou diskite sou bagay ki pa nesesèman egziste epi nou kapab sèvi ak lang pou negosye, pou planifye, pou envante.   

Nan yon lang, nou toujou jwenn yon seri « dyalèk ». Nou defini « dyalèk » tankou  varyete yon lang ki diferan de lòt varyete sou plan sentaks, sou plan fonoloji, ak sou plan leksik e ke nou asosye swa avèk yon zòn jeyografik presi, swa avèk yon klas sosyal presi.

Pa egzanp, lang kreyòl ayisyen genyen omwen 3 dyalèk : yon dyalèk moun nan Nò  pale, yon dyalèk moun nan Sid pale, epi yon dyalèk moun Pòtoprens ak moun nan Sant peyi a pale. Moun ki pale dyalèk sa yo ann Ayiti pa gen pwoblèm pou youn konprann lòt. Kritè lengwis yo pran pou distenge « lang » pa rapò ak « dyalèk » se kritè « konpreyansyon ». Yon lokitè Okap konprann yon lokitè Okay, donk moun sa yo pale diferan dyalèk menm lang lan ki se kreyòl ayisyen. Men, yon lokitè Jamayik pa rive konprann yon lokitè Ayiti ; donk kreyòl jamayiken ak kreyòl ayisyen se 2 lang diferan.

Mo « patwa » a (patois) se yon mo franse ke yo itilize sitou nan yon kontèks sosyolengwistik franse. Lengwis franse yo itilize li kòm ekivalan sentag nominal franse « dialecte régional ».  Anpil fwa, mo « patwa » a mache ak yon konotasyon pejoratif. Li vle di lè sa a yon varyete nou kapab rekonèt akoz kèk trè fonetik osnon leksikal. Jeneralman, yo sèvi ak patwa nan zòn riral Lafrans, lan sitiyasyon tankou konvèzasyon ant fanmi osnon nan travay riral. Men, depi apre 2èm gè mondyal la sitou, lizay patwa diminye anpil lan peyi Lafrans. Lan zile Jamayik, laplipa lokitè yo rele « patwa » varyete moun pale toulejou nan sosyete jamayiken an. Men, genyen yon gwo konotasyon pejoratif lan non patwa a, lè lokitè jamayiken yo itilize li lan konparezon avèk lang angle. Men, sa Jamayiken yo rele « patwa » se yon kreyòl angle li ye. Li genyen tout karakteristik yon lang kreyòl, sou plan sentaks, sou plan leksik, elatriye.

Twa definisyon sa yo montre ke kreyòl ayisyen pa ni yon dyalèk, ni yon patwa. Kreyòl ayisyen se yon lang menm jan ak lang franse, lang angle, osnon lang alman, lang panyòl… Li se yon sistèm lengwistik ki kontwole non sèlman jan kominote lengwistik ayisyen an pale, men tou jan yon endividi ayisyen pale.

Kounyè a, men nannan kesyon an : ki sa kreyòl ayisyen ye ?

Kreyòl ayisyen se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti. Lengwis (Singler 1996,  Lefebvre 1998…) ki fouye  lan istwa lang sa a poze kòm ipotèz (apre anpil rechèch istorik, antwopolojik, lengwistik) ke moun ki kreye kreyòl ayisyen lan koloni franse Sendomeng  ke  yo  rele Ayiti depi 1804 te sòti lan Afrik de lwès e yo te pale kòm lang natif natal yon gwoup lang ki fè pati gwoup lengwistik Niger-Congo, espesyalman lang Kwa yo ki genyen yon majorite moun ki pale lang Gbe yo. Peyi kote yo pale lang Gbe yo (Fongbe ak Ewe) se sitou Bénin ak Togo. Dapre lengwis  Singler (1996), lokitè Fongbe ak Ewe yo te kreye kreyòl ayisyen ant 1680 ak 1740. Pandan epòk sa a, ekonomi sik t ap byen boule lan Sendomeng e te gen anpil esklav ke kolon franse yo te voye chèche ann Afrik pou vin travay di lan plantasyon  sik koloni a. Kreyòl ayisyen se rezilta rankont lang esklav yo te pale: ewe ak fongbe sitou (men te genyen lòt toujou), avèk lang franse (ki te yon franse rejyonal, dyalektal) kolon franse yo te pale. Lan tèminoloji lengwis yo anplwaye, yo rele lang esklav yo “lang sibstra” (langues substrat/ substrate languages), alòske lang kolon yo se “lang sipèstra” (langues superstrat / superstrate languages). Dapre lengwis  Lefebvre (1998), pandan epòk kreyòl ayisyen t ap devlope, lokitè yo te kontinye  itilize lang afriken lan Sendomeng e sa te dire kon sa pandan anviwon san lane. Men, depi kèk tan, se avèk lang franse sèlman kreyòl ayisyen ap evolye ann Ayiti e akoz relasyon klas, relasyon pouvwa ki tabli lan sosyete ayisyen an (yon sitiyasyon Ayiti erite depi tan kolonyal), anpil moun pa bay lang kreyòl respè li merite, yo pa konsidere li, yo devalorize li.

Malgre relasyon fonoloji, sentaks, ak leksik kreyòl ayisyen genyen avèk franse, li rete yon lang otonòm ki fonksyone lan jan pa li. Pa egzanp, sentag nominal kreyòl fòme avèk yon non  ki plase devan yon detèminan defini :

Legliz la

Lafyèv la

Chen an

Zwazo yo

Alòske an franse, detèminan  defini osnon endefini toujou plase devan non an :

L’église / une église

La fièvre / une fièvre

Le chien / un chien

Les oiseaux / un oiseau

Men, detèminan endefini an kreyòl toujou plase devan non an :

Yon bèl kay

Yon avyon

Yon pwofesè

Gen gwo diferans nan jan kreyòl ayisyen òganize sistèm vèbal li, konpare ak jan franse òganize sistèm vèbal pa li. Pou nou genyen yon lide sou ki jan gramè kreyòl ayisyen òganize, mwen konseye al li 3 liv mwen te rekòmande nan premye pati atik sa a, espesyalman atik lengwis ayisyen Michel DeGraff  ki rele: Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’)”.

 

5. Pou ki sa yo rele lang moun pale ann Ayiti, kreyòl ?

Pou m reponn kesyon sa a, m dwe fè yon ti istwa mo « kreyòl » la nan zòn Amerik lan. Anvan lane 1492, dat Christophe Colomb te debake ann Amerik, pa t genyen mo « kreyòl » la paske reyalite li pral deziyen an potko egziste. Se lè Ewopeyen yo (Franse, Angle, Panyòl, Olandè) vin kòmanse enstale yo lan teritwa yo kolonize ann Amerik, Ewopeyen yo vin santi li nesesè pou yo distenge ant reyalite sou kontinan ewopeyen an (metwopòl la) ak reyalite sou kontinan ameriken an (koloni an).  Yo te kòmanse fè yon distenksyon ant Blan ki te fèt ann Ewòp  ak Blan ki te fèt lan koloni. Yo rele Blan ki te fèt lan koloni yo, « Kreyòl ». Mo « kreyòl » la sòti lan lang panyòl « criollo ». Yo te rele kon sa non sèlman tout Ewopeyen ki te fèt nan koloni yo, men tou tout bèt, pye bwa, pwodui, kuizin…ki sòti lan koloni yo. Dapre lengwis fransèz Marie-Christine Hazaël-Massieux (2008, p.39) : « Ce n’est que très progressivement, à partir de 1770-1780, que le terme de « créole » comme substantif pour désigner la langue semble attesté dans des publications périodiques de Saint-Domingue, parfois en alternance avec l’expression de « langue créole » ou avec le terme de « nègre ». (Itilizasyon mo « kreyòl » la kòm non pou deziyen yon lang sanble vin ateste  apati lane 1770-1780 nan sèten revi yo pibliye nan Sendomeng. Pafwa, yo te konn itilize li pou ranplase ekspresyon « lang kreyòl », osnon pou ranplase mo « nèg ».) [tradiksyon pa mwen].

Lè yo sèvi ak li an lengwistik, mo « kreyòl » la deziyen yon gwoup lang ki te parèt nan zile Nouvo Monn ak Oseyan Endyen, vè mitan 17èm syèk la, kòm konsekans 2 evenman istorik : esklavaj pèp afriken ke Blan ewopeyen te kidnape ann Afrik pou fè yo al travay tankou bèt ann Amerik, epi kolonizasyon menm Blan ewopeyen sa yo te mete sou pye ann Amerik.  Lè Afriken te kòmanse ap rive an mas lan koloni Sendomeng, vè ane 1775 yo, mo « kreyòl » la te sèvi pou deziyen esklav ki te fèt lan koloni a pou distenge yo de esklav ki te fèt ann Afrik. Yo te rele esklav ki te fèt ann Afrik, esklav « bosal ». Selon lengwis ameriken Albert Valdman (2015), mo « bosal » la sòti lan lang panyòl bozal ki vle di « mizo » (museau, an franse). Men, Valdman di tou ke moun itilize mo « bozal » la lè y ap pale de yon seri panyòl mawon moun itilize ann Amerik di Sid ak ann Amerik Santral.

Pou moun ki enterese aprann plis sou orijin jeyografik esklav afriken ki te peple koloni Sendomeng, m ap siyale dènye liv lengwis kreyolis Enoch Oladé Aboh ki sòti lan peyi Benin. Liv li a rele : « The Emergence of Hybrid Grammars. Language Contact and Change. » Cambridge University Press, 2015, e li chaje ak michan enfòmasyon sou fòmasyon lang kreyòl ayisyen nan kontèks relasyon li avèk lang zansèt nou yo te pale ann Afrik, anvan Blan franse yo te depòte yo Sendomeng.   

Donk, mo « kreyòl » la pa t nesesèman gen yon sans pejoratif lan Sendomeng paske li te deziyen plizyè bagay diferan (Blan ki te fèt lan koloni a, esklav Nwa ki te fèt nan koloni a, pwodui lokal yo). Menm lè li vin deziyen lang  yo te pale lan koloni a, lang sa a se te lang ni Blan yo, ni esklav yo.

6. Eske se ann Ayiti sèlman moun pale kreyòl ?

Non, Yo pale kreyòl franse  yo non sèlman nan yon seri zile ki nan Karayib la e menm sou kontinan ameriken an (lan Lwizyàn pa egzanp ki te yon ansyen koloni franse), men yo pale kreyòl franse yo tou nan kèk zile ki lan Oseyan Endyen, tankou Réunion, Maurice, Seychelles, Rodrigues. Lan Karayib la, yo pale kreyòl franse yo lan zile Martinique, Guadeloupe, Sainte-Lucie, Dominique, Haïti. Kwak Guyane franse pa nan Karayib la, li fè pati sa yo rele  depatman franse (DOM : Département  d’Outre-mer) e moun ki viv la pale yon kreyòl franse tou.

Men, se pa sèlman kreyòl franse ki genyen. Genyen lang kreyòl angle, lang kreyòl panyòl (kwak pa gen anpil), lang kreyòl olandè (kwak anpil ladan yo disparèt). Yo pale kreyòl angle yo nan zile tankou Jamaica (Jamayik), lan Trinidad, lan Guyana (Giyàn angle), lan zòn lès peyi Suriname kote yo rele kreyòl sa a, Ndyuka.

Papiamento se non yon kreyòl ki baze sou lang panyòl ak lang pòtigè ke yo pale nan yon gwoup zile moun rele “Zile ABC” (Aruba, Bonaire, Curaçao).

Donk, li enpòtan pou nou konprann ke se pa yon sèl lang kreyòl ki genyen.  Genyen plizyè lang kreyòl epi tout lang kreyòl yo baze sou lang ewopeyen (franse, angle, panyòl/pòtigè, olandè). Se sa ki fè lokitè lang sa yo kapab pa rive youn konprann lòt. Pafwa, menm lè gen 2 lang kreyòl ki baze sou menm lang ewopeyen an, konpreyansyon an pa rive tabli ant 2 lokitè ki pale 2 varyete sa yo. Sa ka rive ant yon lokitè ayisyen e yon lokitè ki sòti nan zile Réunion.         

Si nou konsidere kreyòl yo pale nan zòn Atlantik la ak kreyòl yo pale nan zòn Oseyan Endyen, nou kapab rive konte jiska plis pase 15 milyon moun. Ayiti pou kont pa li genyen plis pase 10 milyon kretyen vivan. Donk, pami lang kreyòl yo, se kreyòl ayisyen ki gen plis moun ki pale li, se sou li ki genyen plis rechèch ki fèt, kwak gen pa mal rechèch ki fèt tou sou kreyòl jamayiken. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl epi li se lang ofisyèl Ayiti ansanm ak lang franse. Genyen deplizanpli ekriven ayisyen ki chwazi ekri an kreyòl. Lang sa a antre tout kote, espesyalman lan lekòl. Dènye devlòpman sa a se youn nan pi gwo lespwa pou Ayiti.

 

Referans site :

Aboh, Enoch Oladé (2015) The Emergence of Hybrid Grammars. Language Contact and Change. Cambridge: Cambridge University Press.

DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen or Haitian Creole (‘Creole French’). In: Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. Edited by John Holm and Peter L. Patrick. United Kingdom: Battlebridge Publications.

Lefebvre, Claire (1998) Creole genesis and the acquisition of grammar. The case of Haitian Creole. Cambridge: Cambridge University Press.

Singler, John Victor (1996) Theory of Creole genesis, sociohistorical considerations, and the evaluation of evidence: the case of Haitian Creole and the relexification hypothesis. Journal of Pidgin and Creole languages, vol.11: 2, pp.185-230, Amsterdam: John Benjamins Publishing CO.      


Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen

(Twazyèm pati)

Sou òtograf lang kreyòl ayisyen

Hugues Saint-Fort

 

7. Majorite lang ekri  gen yon òtograf ofisyèl pou moun ekri yo. Èske gen yon òtograf ofisyèl pou  ekri lang kreyòl ayisyen ? 

Wi, gen yon òtograf ofisyèl pou moun ekri lang kreyòl ayisyen. Òtograf sa a egziste depi 22 janvye 1980, lè Sekretarya deta edikasyon nasyonal ann Ayiti pibliye 2 kominike, youn an franse ak youn an kreyòl pou montre ki jan  nou dwe ekri kreyòl ayisyen. Se minis Joseph Bernard ki te an chaj Sekretarya deta edikasyon nasyonal nan epòk sa a. Mete sou pye yon òtograf ofisyèl pa te yon desizyon sipèfisyèl, ki pa te kanpe sou anyen. Okontrè, se te yon kokennchenn desizyon ke yon sèvis leta ann Ayiti te pran nan gwo travay amenajman lengwistik nan sosyete ayisyen an. Men, se te sèlman premye pa ki te fèt nan travay sa a. Gen anpil ki dwe kontinye fèt. Pou nou byen konprann kesyon òtograf lang kreyòl la, an n fè yon ti rale sou istwa òtograf kreyòl ayisyen.

Apre Ayiti te vin endepandan an 1804, kesyon lang lan pa te enterese majorite dirijan ki te pase sou pouvwa nan peyi a. Nan yon sosyete kote majorite moun nan epòk sa a  te peyizan ki pa te konn li ni ekri, avèk yon ti gwoup milat rich ak yon ti gwoup nwa lib ki te pase lekòl, diferan gouvènman yo pa te fè anyen pou fè pwomosyon lang kreyòl ki se lang tout moun te pale nan sosyete a. Dapre yon atik Akademi kreyòl ayisyen te fè parèt an mas 2017, « Soti 1804 rive jouk 1843, Konstitisyon peyi a pa di anyen sou zafè lang ».

Menm atik Akademi kreyòl ayisyen an di « Konstitisyon 1843 (Atik 31) mande pou lekòl anseye lang yo sitwayen yo ap itilize nan peyi a. Konstitisyon an pale de lang yo san li pa site yo. Menm dispozisyon legal yo repete nan Konstitisyon 1846, 1849, 1867, 1874, 1879. »

Premye e sèl tèks an kreyòl ki te pibliye nan 19èm syèk la se powèm Choucoune (1896) ke powèt Oswald Durand te ekri.

Òtograf Oswald Durand te adopte nan powèm sa a revele kalte pwoblèm ki te poze pou ekriven ayisyen ki te chwazi pou ekri an kreyòl : pa te genyen règ klè pou ekri lang lan, moun te ekri jan yo vle, pafwa nan menm fraz la. Donk, te gen anpil dezòd nan fason moun ekri kreyòl ; pa te gen yon òtograf sistematik.

Vè lane 1940, yon pastè  metodis ilandè ki rele Ormonde McConnell te debake ann Ayiti pou konvèti Ayisyen. Lè li reyalize anpil Ayisyen pa te konn ni li ni ekri, li kreye  yon òtograf pou kreyòl ayisyen. Òtograf McConnell la  te baze sou alfabè fonetik entènasyonal (AFEn), (API, an franse, IPA, ann angle). 

Ki sa Alfabè fonetik entènasyonal ye ?

AFEn se yon sistèm senbòl pou reprezante pwononsyasyon mo nan nenpòt ki lang, selon prensip ke Asosyasyon Fonetik Entènasyonal etabli depi fen 19èm syèk la.  Nan sistèm senbòl sa a, gen lèt ak senbòl espesyal. Genyen nan lèt sa yo ki sòti nan alfabè laten. Pa egzanp, /m/, /e/, ak /n/ nou jwenn nan mo kreyòl /men/ men. Genyen senbòl ki espesyal tou, pa egzanp: / ʃ / ch, /ɛ/ è, nou jwenn nan mo kreyòl /ʃɛlbɛ/ chèlbè.      

Òtograf McConnell la te baze sou alfabè fonetik entènasyonal men li pa te repwodui li. Nan prefas pou premye edisyon an 1945 liv You Can Learn Creole. A Simple Introduction to Haitian Creole for English Speaking People li te ekri avèk Eugene Swan, McConnell te esplike ke li te fè kèk chanjman nan Alfabè Fonetik Entènasyonal la pou Ayisyen ki pale kreyòl sèlman e ki te fèk aprann li ak ekri ta kapab aprann franse pi fasil.

Majorite entèlektyèl ayisyen te leve kanpe kont McConnell paske yo te kwè ke òtograf McConnell te pwopoze a te yon òtograf ki baze sou angle. Entèlektyèl ayisyen yo te di ke Ayiti se yon peyi frankofòn ki pa gen anyen pou wè ak lang angle.  Sa vin pi rèd lè McConnell rankontre ann Ayiti nan mwa me 1943 epi nan mwa janvye 1944 avèk yon edikatè ameriken ki rele Frank C. Laubach. Laubach chanje de (2) lèt nan alfabè McConnell la: sh ak u. Li ranplase yo avèk digraf ch epi digraf ou ki vin reprezante son [ ʃ ] ak son [u ] (Déjean 1980:21).   Yon entèlektyèl ayisyen nan epòk la, Charles-Fernand Pressoir, te pran direksyon  mouvman ki t ap goumen kont òtograf McConnell-Laubach la. An janvye 1951, Pressoir avèk Lélio Faublas ki te direktè jeneral Edikasyon granmoun pwopoze yon seri chanjman nan òtograf McConnell-Laubach la. Pami chanjman sa yo, te genyen eliminasyon aksan sikonflèks avèk eliminasyon lèt w.

Apati ane 1954, òtograf Pressoir vin ranplase òtograf McConnell-Laubach nan anpil kote ki te sèvi ak lang kreyòl ekri. Genyen anpil ekriven tou ki te adopte òtograf Pressoir pou yo ekri liv yo. Pa egzanp, ekriven Frankétienne te sèvi ak òtograf Pressoir pou li ekri michan woman Dezafi an 1975.  

Nan mitan ane 1970 yo, Leta ayisyen mete sou pye yon gwo enstitisyon ki rele Institut pédagogique national (IPN). Travay li se te fòme pwofesè epi reflechi sou sistèm edikasyon ayisyen an. Apre anpil travay rechèch avèk yon ekip lengwis franse ki te sòti nan Inivèsite René Descartes nan Paris, IPN kreye yon nouvo òtograf kreyòl. Yo rele li òtograf IPN e li ranplase òtograf Pressoir.  Se òtograf IPN lan ki pral tounen òtograf ofisyèl Ayiti. Nan dat 18 septanm 1979, gouvènman ayisyen mete deyò yon dekrè ki pral pèmèt tout lekòl sèvi ofisyèlman ak kreyòl nan tout peyi a ; epi, nan dat 22 ak 31 janvye 1980, Sekretarya deta edikasyon nasyonal pibliye 2 kominike, youn an franse ak youn an kreyòl, ki montre jan moun dwe ekri lang kreyòl. Jan li te parèt lan 2 kominike sa yo, men alfabè lang kreyòl ayisyen :

a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z. 

Jan nou wè li, gen kèk lèt nan alfabè franse ki disparèt nan alfabè lang kreyòl. Se lèt c, q, u, x. Lèt c pa janm mache pou kont li. Li pa gen menm valè li gen an franse. Li toujou mache ak lèt  h kote li reprezante son [ ʃ ] ch  tankou nan mo kreyòl chapo osnon chita. Lèt  q disparèt tou paske son li reprezante an kreyòl se son [k]. Lèt  u disparèt paske son li reprezante  nan lang franse ki se son [y] tankou nan mo franse [vy] vu, osnon [ly] lu, osnon [ny] nu se pa yon son nou jwenn nan pawòl majorite Ayisyen k ap pale lang kreyòl nan sitiyasyon òdinè. Yon lòt lèt ki disparèt nan lang kreyòl ayisyen se lèt  x.     

Pou nou kapab reflechi pi fon sou kesyon òtograf kreyòl la, m ap siyale 3 atik nou ta dwe li. Gen youn ki ekri an kreyòl, 2 lòt yo ekri an franse. Atik ki ekri an kreyòl la rele : « An n konprann chante alfabè kreyòl la ». Moun ki ekri atik sa a se lengwis ayisyen Michel DeGraff. Men lyen ki va pèmèt nou li atik sa a : http://www.potomitan.info/ayiti/alfabe2.php

Atik ki ekri an franse a rele : « L’écriture des créoles à base française : convergences et divergences » (1ère partie). Se mwen menm lengwis Hugues Saint-Fort ki ekri atik sa a. Men lyen ki va pèmèt nou li atik sa a : http://www.potomitan.info/ayiti/saint-fort/ecriture.php

Atik sa a gen yon dezyèm pati ki rele : « L’écriture des créoles à base française : convergences et divergences » (2ème partie). Men lyen ki va pèmèt nou li atik sa a : http://www.potomitan.info/ayiti/saint-fort/ecriture2.php

 

8. Gen moun ki vle fè konprann òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen se yon òtograf angle paske li chaje ak lèt angle.  Èske se vre ?

Se pa vre ditou. Se youn nan pi gwo mit k ap sikile sou òtograf lang kreyòl ayisyen. Rezime mwen sot fè nan repons kesyon no 7 la montre ki jan mit sa a te parèt. Anpil Ayisyen pa janm padone McConnell ak Laubach, 2 moun ki pale angle (youn te yon Ilandè, lòt la te yon Ameriken), paske se yo ki te kreye premye òtograf sistematik pou lang kreyòl ayisyen. Yo pa reyalize kantite chanjman ki te fèt, depi sou Pressoir rive sou òtograf IPN. 

Ki sa kritik òtograf kreyòl ayisyen yo rele lèt angle ? Pèsonn pa janm bay yon esplikasyon serye sou sa. An reyalite, sa yo repwoche òtograf kreyòl la se itilizasyon lèt tankou k, w, g. Yo vle fè moun konprann ke lèt sa yo se lèt angle.  Men, lèt sa yo pa egziste sèlman nan angle, yo egziste tou nan franse. Òtograf kreyòl sèvi ak lèt  k  paske youn nan premye prensip li se fè menm grafèm lan koresponn ak menm fonèm lan nan nenpòt pozisyon kote li parèt. Òtograf kreyòl ayisyen pi regilye pase òtograf franse ki sèvi ak twa (3) lèt diferan c, q, k, pou reprezante menm son [k] a nan mo franse [karnɛ] carnet, [kartje] quartier, [kɛrmɛs] kermesse. An kreyòl ayisyen, depi nou tande son [k] nan yon mo, se toujou lèt k nou dwe ekri.

Òtograf kreyòl sèvi ak lèt w ki pa egziste sèlman nan lang angle, li egziste tou an franse. An kreyòl ayisyen, nou jwenn li devan son [o], [ò], [on], [ou] olye lèt r.  Lengwis yo rele vwayèl sa yo, vwayèl « postérieures ». Sa vle di nou pwononse yo nan fon gòj nou. Nou di : [wo] wo, nou pa di [ʁo] ; nou di [wɔklɔ] wòklò, nou pa di [ʁɔklɔ] ; nou di [wõ] won, nou pa di [ʁõ] ; nou di [wu] wou, nou pa di [ʁu]. Sa pa vle di lèt r pa egziste an kreyòl. Lèt r egziste an kreyòl, men nou pa mete li devan 4 son mwen fèk sot site yo.   

Donk, se pa vre ditou ke òtograf kreyòl ayisyen an se yon òtograf angle.  

 

9. Gen moun ki di nou ta dwe rele lang tout Ayisyen pale « ayisyen » olye nou rele li « kreyòl ». Ki sa nou dwe panse sou sa ?

Gen 2 agiman majorite moun k ap defann non « ayisyen » an prezante : premye agiman an vini kon sa : non lang pèp franse pale se « franse » ; non lang pèp angle pale se « angle » ; non lang pèp ris pale se « ris », … donk, non lang pèp ayisyen pale ta dwe « ayisyen ». Men, rezònman sa a pa kenbe.

Gen yon pakèt peyi kote non pèp la diferan de non lang lan. Pa egzanp, abitan nan peyi Mexique (Meksik) rele Mexicain (Meksiken) men non lang yo pale nan peyi sa a se panyòl, se pa meksiken ; non lang abitan nan peyi États-Unis (Etazini) pale se pa « etazinyen », se angle ; non lang pèp k ap viv nan peyi Australie (Ostrali) pale, se pa ostralyen, se angle ; donk, kesyon idantifye non abitan ki viv nan yon peyi avèk non lang peyi a se yon move rezònman.

Yon dezyèm agiman kèk moun prezante pou yo defann non « ayisyen » an, se di : mo « kreyòl » la fè Ayiti anpil tò, li gen konotasyon esklavaj, enferyorite, yon  kreyòl se pa yon vrè lang.

Agiman sa a pa kenbe non plis. Toudabò, yon kreyòl se yon lang menm jan ak tout lang. Sou plan lengwistik, kreyòl ayisyen ansanm ak tout lòt kreyòl yo posede tout eleman lòt lang ki pa kreyòl yo posede : li genyen yon fonoloji, sa vle di yon gwoup son ki fonksyone tankou yon sistèm ; li genyen yon sentaks, sa vle di règ  ki pèmèt mo ki nan yon lang makònen ansanm pou fòme fraz gramatikal ; li genyen yon leksik, sa vle di tout mo ak espresyon ki egziste nan yon lang.

Dezyèmman, si se vre ke istwa lang kreyòl yo asosye ak esklavaj, se pa efase non kreyòl la ki pral chanje listwa. Se pa paske nou ta deside rele lang ke Ayisyen pale « ayisyen » ki pral chanje fason lòt moun konsidere lang pèp ayisyen pale. Pou chanje imaj Ayiti lan 21èm syèk la, gen anpil bagay Ayiti bezwen ki pa gen anyen pou wè ak lang.                   

Dayè, ki dwa yon ti ponyen moun ta genyen pou yo chanje non yon lang ki egziste depi omwen 3 syèk ? Ti agiman wòwòt sa yo pa kapab chanje listwa.

 

 

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen

(Katriyèm e dènye pati)

Sou rapò ant lang kreyòl ayisyen ak edikasyon

Hugues Saint-Fort

 

Nan katriyèm rale sa a, m ap boukle diskisyon sou fòm kesyon repons mwen te abòde sou lang kreyòl ayisyen. Nan premye rale a, mwen te pale sou syans lengwistik ak enpòtans li pou konprann lang kreyòl yo; nan dezyèm rale a, mwen te fè yon prezantasyon jeneral sou lang kreyòl yo ; nan twazyèm lan, diskisyon an te fèt sou òtograf lang kreyòl ayisyen. Nan katriyèm pati sa a, mwen pral pale sou rapò ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti. 

 

10.  Gen moun ki di sèvi ak lang kreyòl nan lekòl ap fè Ayisyen fè bak. Eske se vre ?

Sa a, se yon lòt gwo manti k ap sikile deyò a.  Ann gade sitiyasyon sistèm edikasyon ann Ayiti. Nan yon peyi kote 100% Ayisyen pale kreyòl, fonksyone an kreyòl nan  tout aktivite y ap fè, laplipa lekòl prefere sèvi ak lang franse malgre anpil elèv pa metrize lang franse ase pou pèmèt yo aprann vrèman nan lang sa a. Men, se pa elèv yo sèlman ki gen gwo difikilte avèk lang franse. Anpil pwofesè lekòl pa metrize lang franse ase pou yo distribye konesans nan lang sa a. Li lè li tan pou sistèm edikasyon ki an plas ann Ayiti sispann sèvi avèk yon lang majorite elèv ayisyen ann Ayiti pa itilize lakay yo epi pa konprann, lè se avèk li mèt yo sèvi nan klas. Bagay sa a se yon eskandal. Tanke se sistèm sa a ki se baz sistèm edikasyon ann Ayiti, p ap gen mwayen pou elèv ayisyen fè pwogrè. Sosyete ayisyen an va pwodui yon ti minorite Ayisyen ki reyisi lekòl, ki sòti ak gwo diplòm epi ki al briye lan inivèsite peyi etranje, pandan ke majorite elèv lekòl ap echwe lan egzamen epi oblije gwosi koloni chomè sou beton an.

Sèvi ak lang kreyòl nan lekòl ann Ayiti pa responsab ditou echèk sistèm edikasyon nan peyi nou. Lang kreyòl se premye lang timoun Ayisyen pale e konprann ; se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, jan Konstitisyon 1987 la afime li ; gen yon pakèt rechèch inivèsitè nan lemonn (Unesco 1953) tankou ann Ayiti (DeGraff, 2017)[1] ki montre enpòtans lang matènèl/premye lang nan aprann elèv lekòl fòme jijman yo, rezone, diskite, reflechi. Lè elèv yo sèvi ak yon lang yo pa metrize, yo oblije memorize san yo pa konprann sa y ap aprann lan. Depi lontan, se kon sa majorite elèv lekòl ann Ayiti ap aprann. Se youn lan pi gwo baryè ki anpeche lekòl ayisyen fè pwogrè.

11. Nan lòt peyi kote moun pale kreyòl, ki jan sitiyasyon lang kreyòl la ye ?

Keseswa peyi kote se yon kreyòl  angle, osnon franse, osnon  panyòl ki se premye lang majorite moun yo, sitiyasyon lang kreyòl pa fè kè tout moun kontan, espesyalman moun ki ta renmen wè lekòl demokratize, timoun aprann nan lang ki se premye lang yo. Nan majorite peyi sa yo, anpil moun nan sosyete a pa mete lang kreyòl la sou menm pye avèk lang ewopeyen moun itilize. Lang ewopeyen sa a kapab angle, franse, panyòl. Nan peyi tankou Jamayik, yo rele lang kreyòl sa a, « Patwa », nan Dominik, yo rele li « Kweyòl »,  ann Ayiti, yo rele li « Kreyòl », nan Sirinam, yo rele li « Papiamento », nan zile tankou Matinik ak Gwadloup, yo rele li « Kreyòl »…

Depi fen ane 1980 yo, lengwis nan tout zile sa yo ap mennen  batay pou bay lang kreyòl yo plas yo merite nan sosyete a. Men, se yon gwo batay paske fòs ki an fas yo se fòs ideyoloji « postcolonial » ki kontinye ap fè ravaj nan ansyen koloni yo, osnon se fòs klas dominan yo ki te toujou apiye sou lang ewopeyen an pou kontwole edikasyon, politik, osnon kesnon kiltirèl nan sosyete a.

12. Matinik ak Gwadloup se 2 zile anpil moun konsidere kounyè a tankou 2 zile bileng paske majorite moun yo sanble yo alèz nan toulede lang yo, franse ak kreyòl. Pou ki sa Ayiti pa kapab kon sa tou ?

Li enpòtan anpil pou nou pa bliye ke 2 zile sa yo genyen yon estati politik ki diferan anpil de estati politik  Ayiti. Matinik ak Gwadloup se 2 depatman franse yo ye. Sa vle di yo fè pati Lafrans sou plan politik, administratif, edikatif, … Pou 2 zile sa yo, se teritwa a sèlman ki pa an Frans. Yo rele yo an franse « département d’outremer » (depatman lòtbò dlo). Yo sipoze suiv tout pwogram, prensip, règleman… ki egziste nan metwopòl la. An konsekans, yo an kontak tout tan avèk Franse ki soti lan metwopòl la, yo suiv emisyon radyo ak televizyon Lafrans san pwoblèm, epi yo vwayaje alèz nan peyi Lafrans. Otreman di, yo benyen tout tan nan yon anviwonnman frankofòn ki fasilite aprantisaj lang franse vit vit. Pa bliye, lan kesyon aprann lang etranjè, tout tan yon moun plonje pi fon nan yon milye kote se lang sa a ou tande, se tout tan moun sa a gen chans aprann lang sa a pi rapid. Ayiti se yon peyi kreyolofòn kote 100% popilasyon an pale e konprann kreyòl, men genyen omwen ¾ ladan yo ki pale e konprann sèlman lang kreyòl. 

Malgre sa, gen anpil Matinikè ak Gwadloupeyen ki ap goumen pou lang kreyòl la pa disparèt. Li sanble ke jenerasyon ki te fèt lan ane 1970-1980 yo reyisi kenbe lang kreyòl la, men li pa fin klè nèt si jenerasyon ki te fèt lan ane 1990-2000 yo va reyisi kenbe kreyòl kòm lang kominikasyon.