ELEMAN ENTWODIKSYON POU YON GRAMÈ KREYÒL (3 : SENTAKS)Hugues Saint-Fort, New York, 27 jwen 2013Atik sa a se yon vèsyon revize tèks sou premye pati analiz sentaks kreyòl ayisyen. Mwen remèsye kolèg lengwis Jean-Robert Placide pou diskisyon nou te fè sou premye vèsyon an ki te parèt sou fowòm ayisyen yo. Se gras a Jean-Robert Placide mwen te reflechi plis sou makè vèbal TMA lan kreyòl ayisyen jiskaske mwen te rive mete yo lan kategori mo fèmen.Lan twazyèm pati sa a, mwen pral kontinye travay entwodiksyon sou yon gramè kreyòl mwen kòmanse depi plizyè semèn. Lan premye pati an, mwen te analize fonoloji kreyòl ayisyen; lan dezyèm pati an, mwen te egzaminen mòfoloji kreyòl ayisyen; lan ekspose sa a, mwen pral fè yon rale sou sentaks kreyòl ayisyen. Ki sa lengwis yo rele sentaks?Sentaks se yon branch lan syans lengwistik ki etidye ki jan mo lan yon lang kapab konbine avèk lòt pou fòme inite lengwistik ki pi laj tankou fraz, pwopozisyon, sentagm… Lè nou di sentaks, nou dwe wè tousuit estrikti gramatikal yon lang. Sa vle di : lòd mo yo lan fraz la, wòl fleksyon yo (pou lang ki genyen fleksyon) ki montre nou relasyon mo yo antre yo, enpòtans mo gramatikal yo…Sentaks gen yon plas santral lan etid lengwistik. Sentaks yon lang se nannan lang lan. Yon lang se pa yon “sak mo” li ye. Menm si yon moun ta konnen tout mo ki lan yon lang, (se yon bagay ki enposib dayè), sa pa vle di li konnen lang lan pou sa. Fòk li konnen lan ki kalite relasyon mo yo pral antre. Se pa nenpòt kòman sa fèt. Men, lè yon lokitè konnen sistèm règ ak diferan kategori gramatikal ki lan yon lang, sa pèmèt li konbine mo yo jan yo dwe konbine pou bati fraz. Se travay sa a sentaks fè. Se yon travay kapital.Donk, se pa nenpòt fason moun kapab konbine mo ki lan yon lang pou fòme fraz. Lan tout lang, genyen fraz kigramatikal, epi gen fraz ki agramatikal. Gramatikal pa vle di kòrèk. Li pa enplike oken jijman valè sosyal.Agramatikal pa vle di enkòrèk. Li pa enplike lide tradisyonèl kote moun aprann jije nivo osnon bote lang moun pale. Lengwis yo konsidere yon fraz gramatikal lè moun ki natif natal lang lan aksepte fraz la tankou yon fraz ki posib. Yon fraz ki agramatikal se yon fraz natif natal yo konsidere tankou yon fraz ki pa posib lan lang lan. Ann pran kèk egzanp :(1) Li bwè tout ji ki lan frijidè a(2) *Li bwè ji tout ki lan frijidè a(3) Kafe a fò, li bon(4) *A kafe fò, li bon(5) Diri sa a pa bon kalite(6) *Diri sa a pa kalite bonLan analiz lengwistik, lè genyen yon asterisk (*) devan yon fraz, sa vle di fraz sa a pa gramatikal. Lan sis fraz ki anlè a, #1, 3, ak 5 se fraz gramatikal yo ye. Sa vle di yo suiv règ ki egziste lan gramè lang kreyòl. Kreyolofòn ayisyen p ap gen pwoblèm pou aksepte yo. Men, #2, 4, ak 6 pa gramatikal. Yo agramatikal. Sa vle di pa gen règ lan lang kreyòl ayisyen ki pèmèt lokitè yo fòme kalite fraz konsa. Pafwa, gen lengwis ki itilize ekspresyon « fraz byen fòme » olye ekspresyon “fraz gramatikal” osnon ekspresyon « fraz mal fòme » olye ekspresyon « fraz agramatikal ». Yon fraz kapab byen fòme men li pa fè sans. Chomsky (1957:15) te vini ak egzanp yon fraz konsa ke tout moun ki ap etidye syans lengwistik konnen kounyè a: Colorless green ideas sleep furiously. Fraz sa a konfòme li ak règ pou bati fraz ann angle (se yon fraz gramatikal) menm si li pa fè oken sans.Twazyèm pati sa a, se yon entwodiksyon sou sentaks kreyòl li ye. Se pa yon liv gramè li ye. Li va ede nou konprann teyorikman sa yon gramè ye, sa gramè kreyòl la ye. Mwen genyen pou m devlope li yon lòt lè, pou m fè li yon liv gramè e m ap baze li sou travay sa a. Travay sa a p ap kouvri tout sa ki lan gramè kreyòl la. M ap chwazi sèlman kèk karakteristik ki rann kreyòl ayisyen yon sistèm lengwistik ki vrèman orijinal parapò a yon lang tankou franse ki se lang leksifikatris li.Kategori sentaksikLan deskripsyon sentaksik yon lang, youn lan premye travay lengwis yo fè se idantifye lan ki kategori yo dwe mete mo ki lan lang lan. Se yon travay ki endispansab. Lengwis yo dwe fè sa, lokitè yo dwe konprann sa. Sa pèmèt nou konnen ki pwopriyete diferan mo ki lan yon lang, genyen. Se gras a sa, n a konnen ki jan osnon lan ki pozisyon nou dwe plase yon mo.Grameryen tradisyonèl yo sèvi ak ekspresyon parties du discours, an franse ; parts of speech, ann angle. Ann rele li nou menm « pati lan diskou ». Genyen lengwis modèn ki itilize ekspresyon « kategori leksikal » pou dekri sa grameryen tradisyonèl yo rele « pati lan diskou ». Yo anplwaye ekspresyon « kategori leksikal » pou deziyen diferan klas mo ki egziste lan gramè yon lang. Byenke li sanble tout lang etabli yon distenksyon pami mo ki fè pati kategori leksikal, kapab genyen gwo diferans lan kantite ak jan distenksyon sa yo fèt. Lengwis yo òganize mo lan yon lang an de (2) kategori: yon kategori ki louvri epi yon lòt kategori ki fèmen. Lan kategori ki louvri a, lengwis yo idantifye kat klas mo : non (N), vèb (V), adjektif (Adj), ak advèb (Adv). Lengwis yo rele kategori sa a, kategori louvri paske a nenpòt ki moman, nouvo mo kapab antre ladan li. Men, se sèlman yon ti gwoup fiks eleman ki fè pati kategori fèmen. Men yo: detèminan (Det), vèb oksilyè (Oks), makè vèbal tan, mòd, aspè (TMA), prepozisyon (P), pwonon (Pwo), ak Konjonksyon, (K).Kategori leksikalKategori leksikal louvri EgzanpNon (N) flè, chapo, livVèb (V) admire, jennen, vannAdjektif (Adj) bon, jalou, entèlijanAdvèb (Adv) ansanm, raman, toujouKategori leksikal fèmen EgzanpDetèminan (Det) la, sa a, yonVèb oksilyè (Oks) fèk, kapab, finMakè TMA (TMA) ap, te, taPrepozisyon (P) apre, pami, nanPwonon (Pwo) mwen, li, yoKonjonksyon (K) ak, anka, epiAn kreyòl ayisyen, pa genyen anpil mo ki fè pati kategori leksikal fèmen. Dayè, se konsa sa pase lan majorite lang ki fè distenksyon sa a. Se lan kategori leksikal louvri majorite mo yo konsantre.Genyen lengwis ki sèvi ak yon lòt tèminoloji pou fè distenksyon sa yo. Yo pale de « mo leksikal » ak « mo gramatikal ». Non, vèb, adjektif, ak advèb fè pati « mo leksikal », alòske detèminan, vèb oksilyè, prepozisyon, pwonon ak konjonksyon fè pati « mo gramatikal ».Mo ki lan menm kategori leksikal pataje kèk pwopriyete. Majorite kritè pou plase mo lan menm kategori leksikal se kritè gramatikal yo ye. Ann pran pa egzanp fraz sa a : Chen rayi chat. Chen avèk rayi pa sou menm nivo fonksyonèl paske chen kapab fonksyone kòm sijè osnon objè men rayi pa kapab. Donk, de mo sa yo chen ak rayi fè pati de (2) klas mo diferan. Men, lè nou konsidere chen ak chat, nou wè tousuit yo genyen menm distribisyon osnon menm fonksyon (toulede kapab jwe wòl sijè, toulede kapab jwe wòl objè). Sa esplike poukisa nou kapab mete yo lan menm kategori leksikal, kategori non.Non an kreyòlDistenksyon ant non ak vèb ta sanble li inivèsèl. Men, gen espesyalis ki kesyone inivèsalite distenksyon sa a. Lengwis yo rele non yon klas mo kote nou jwenn jan yo rele moun (Mari, Andre), objè konkrè (biwo, machin, liv) osnon abstrè (senserite, lide, lajistis) ak kote (pak, estad, lavil). Fonksyon non leplisouvan se sèvi kòm sijè osnon objè tankou lan egzanp sa yo avèk mo ki souliye yo :Fi a byen abiyeLapolis debakeLi bwè anpil lètPyè achte yon machinAn kreyòl, genyen yon distenksyon ki fèt ant non komen ak non pwòp. Yo sèvi ak non komen pou pale de nenpòt ki manb lan yon klas moun (tifi, ti gason), lan yon klas liv (woman), osnon lan yon klas kote (lavil). Yo sèvi ak non pwòp pou pale de yon moun presi (Monik, Jak, Toni).Gramè tradisyonèl yo aprann nou ke non se yon klas mo ki deziyen èt vivan osnon objè (chat, plim). Yo pa di anyen sou mo yo konsidere tankou mo abstrè (konesans, lajistis) alòske se non tou yo ye.Jan(r) avèk nonb an kreyòlGenyen lang kote gen yon relasyon ant kategori janr ki se yon kategori lengwistik avèk kategori sèks ki se yon kategori natirèl. Pa egzanp, lan lang franse, yon èt anime ki gen sèks maskilen, yo ba li yon non maskilen; si li gen sèks feminen, yo ba li yon non feminen. Men, li enpòtan pou nou sonje ke janr pa koresponn obligatwaman lan tout lang avèk opozisyon maskilen vs feminen.An kreyòl ayisyen, genyen kote nosyon janr lan parèt men se pa yon konstant li ye nan lang lan. Genyen non ki endike èt anime e ki kapab deziyen swa yon moun sèks maskilen, swa yon moun sèks feminen.Ayisyen AyisyènTravayè TravayèzPeyizan PeyizànMen, pa gen anpil mo an kreyòl ki suiv varyasyon sa a. Anplis, varyasyon sa a pa mache ak detèminan an piske detèminan an pa janm chanje. Se non an sèlman ki chanje. Egz.Yon Ayisyen Yon AyisyènYon travayè Yon travayèzYon peyizan Yon peyizànAn kreyòl ayisyen, non pa pran mak gramatikal tankou ‘s’ pou li montre pliryèl. Pou endike pliryèl, lokitè a sèvi ak mo ki reprezante twazyèm pèsonn pliryèl pwonon pèsonèl ki se « yo ».Pwofesè a Pwofesè yoMachin lan Machin yoVèb an kreyòlVèb se yon klas mo ki endike aksyon, sansasyon, santiman osnon eta. Lengwis yo fè yon distenksyon ant vèb aktifki eksprime aksyon ak vèb deta ki eksprime yon eta. Men kèk egzanp:Jaklin danse byenLi pa santi anyenLwiz renmen FranswaYoun lan fonksyon gramatikal vèb se sèvi kòm predika. Sa vle di yon eleman ki jwe yon wòl santral lan yon fraz: li atire tout lòt eleman yo e tout lòt eleman yo depann de li. Men, n a wè pi devan ke sitiyasyon an pi konplike pase sa.Adjektif an kreyòlTradisyonèlman, yo defini adjektif kòm yon klas mo ki idantifye kalite, ak pwopriyete yo bay moun oswa objè. An kreyòl, adjektif kapab fonksyone kòm yon eleman ki modifye yon non. Si m di pa egzanp, ouvriye yo pòv anpil, mopòv endike yon atribi ouvriye yo. Men, an kreyòl, dapre sèten lengwis, adjektif kapab fonksyone tankou yon predika. Lengwis John Holm (1988) pibliye analiz sou sa men lengwis Michel DeGraff (2007) ki pibliye anpil rechèch sou kesyon sa a pa wè li menm jan.Adjektif kapab parèt swa devan, swa dèyè non li modifye a. Genyen yon ti gwoup adjektif ki parèt devan yon non.Yon bèl chemizLi rete lan yon gwo kayPoukisa ou renmen vye machin sa a?Men, laplipa adjektif parèt aprè non an.Nèg sa a twò entèlijan pou mwenPè sa a pa moral menmAdvèb an kreyòlAn jeneral, lengwis ak grameryen defini advèb tankou inite lengwistik ki kapab modifye vèb, adjektif, ak lòt advèb. An kreyòl, majorite advèb sòti lan franse (yè, ansanm, toujou), genyen anpil ki fini an –man, tankou separemen, sensèman, kareman, onètman, sibitman, siman…men, genyen yon ti gwoup ki orijinal lan jan yo fòme. Men kèk egzanp :Li kanpe rèdtòk sou desizyon l.Lapli ap tonbe rèdmareManmzèl ap travay rèdchèch (Valdman 2007 : 620-622)Deplizanpli an kreyòl, nou jwenn adjektif ki tounen advèb lè yo parèt apre yon vèb.Li pale bwòdèYo fè chèlbèOu chante foKategori leksikal fèmenJan nou te di anlè a, mo nou jwenn lan kategori leksikal fèmen se yon seri mo ki fè pati yon lis ki fèmen. Kantite mo sa yo pa janm ogmante lan lang lan, kontrèman a mo ki lan kategori leksikal louvri. An kreyòl, mo ki fè pati kategori leksikal fèmen se : detèminan, vèb oksilyè, makè TMA, prepozisyon, pwonon, ak konjonksyon.DetèminanAn lengwistik, yo rele detèminan yon klas gramatikal mòfèm ki pèmèt non an fòme yon sentagm nominal lan yon fraz. An kreyòl, genyen sis kategori detèminan: atik, adjektif demonstratif, adjektif posesif, adjektif nimeral, adjektif endefini, adjektif entèwogatif. Nou kapab divize sis kategori sa yo an de (2) sou- kategori: Lan premye sou-kategori a, genyen atik, adjektif demonstratif, adjektif posesif. Yo toujou plase apre non an, esepte detèminan endefini ki parèt devan non an :Tab laKay sa aMachin mwenYon òdinatèDezyèm sou- kategori an genyen adjektif nimeral ak adjektif endefini. Yo toujou plase devan non an:Gen kat etidyan ki pa viniKèk moun kòmanse kriyeAdjektif entèwogatif (ki, konbyen) toujou plase devan non yo modifye.Ki moun sa a ?Konbyen kòb li koute ?Vèb oksilyèAn lengwistik, yo rele vèb oksilyè yon kategori vèb ki depann de vèb prensipal la e ki sèvi pou fè distenksyon avèk tan, mòd, aspè, (TMA). An kreyòl, pami vèb oksilyè yo, genyen fèk, kon, kapab, fin, vin, sòt, dwe…Nou pa dwe konfonn sèten ladan yo ak fòm long tankou fini, konnen, vini, sòti ki yo menm fonksyone tankou vèb regilye. Genyen ladan yo ki kapab mache ak makè vèbal tan, mòd, aspè (TMA) tankou te, ap, ta, t ap, pral,… Youn lan etid enteresan ki fèt sou vèb oksilyè an kreyòl se etid lengwis ayisyèn Hélène Magloire-Holly (1982).Makè vèbal TMATout lang kreyòl yo (kreyòl ayisyen, jamayiken, giyanè, matinikè, …) posede yon klas mo ki parèt devan yon eleman vèbal e ki eksprime tan, mòd, aspè. Lengwis yo rele klas mo sa yo makè TMA. Klas mo sa yo se yon kategori ki rann lang kreyòl ayisyen diferan anpil parapò a lang franse lan fonksyònman sistèm vèbal. Tan endike dewoulman evenman yo jan yo pase vrèman ; aspè endike dewoulman aksyon yo kèlkeswa epòk yo pase; mòd endike atitid moun ki ap pale a parapò a sitiyasyon ki devan li (Payne 1997). An kreyòl ayisyen, makè vèbal TMA yo se : ap, te, a, ava, pral. Yo kapab konbine antre yo pou eksprime plis sibtilite lan sistèm vèbal kreyòl la : te+a ki bay ta, te+apki bay tap…PrepozisyonLan gramè tradisyonèl yo, yo prezante prepozisyon tankou yon seri mo zouti ki sèvi kòm lyen ant de (2) tèm. Pou lengwis modèn yo, prepozisyon fè pati klas mo gramatikal ki presede swa non, pwonon, osnon sentagm nominal ki ede fòme yon fraz. An kreyòl, yo konsidere kòm prepozisyon mo tankou:Jan pase devan PyèKi liv ou pi renmen pami liv sa yoM ap tann bis la depi midiPwononGramè tradisyonèl yo defini pwonon tankou yon mo ki ranplase yon non. An reyalite, se pa yon definisyon ki egzat. Si m di m ap aprann chinwa osnon pèsonn pa di anyen, m ak pèsonn ki toulede se pwonon pa ranplase oken non. Yon pwonon kapab ranplase yon sentagm osnon tout yon fraz. Pa egzanp, pwonon li lan fraz li bèl kapab ranplasemeurent kanaval la, osnon ti kouzin Jan Mari an.An kreyòl, se menm fòm pwonon pèsonèl la ki fonksyone kòm posesif osnon kòm sijè vèb, kòm objè vèb, osnon kòm objè prepozisyon.Lan fraz sa yo, menm fòm pwonon pèsonèl yo sèvi kòm sijè yon vèb :Mwen fèk aprann nouvèl laLi tounen al viv New YorkY ap vini aswè aYo sèvi tou kòm objè dirèk :Li konprann li kab kaponnen mPa okipe li.Jandam lan frape yoYo sèvi tou kòm objè endirèk :Yo ban m machin lanKoute sa m di wOsnon objè yon prepozisyon :Misye vide bèt sou nouMari danse ak yoMenm fòm pwonon pèsonèl la fonksyone tou kòm adjektif posesif :Ti fi a fade bouch liDiksyonè mwen an tou nèfKonjonksyonWòl konjonksyon lan yon fraz se mare ansanm de (2) osnon plis pase de (2) eleman. Se wòl sa a li jwe tou lan kreyòl ayisyen. An jeneral, grameryen yo divize konjonksyon an de (2) gwoup : youn se konjonksyon koòdinasyon, lòt la se konjonksyon sibòdinasyon. Konjonksyon koòdinasyon sèvi pou mare ansanm inite lengwistik ki gen menm estati, tankou men, osnon, epi, ak… Konjonksyon sibòdinasyon sèvi pou endike yon eleman ki antre anndan yon konstriksyon ki pi laj. Paske, lè, si, ke…se kèk egzanp konjonksyon sibòdinasyon.Jaklin ak Jàn se de bon zanmiLi ta achte machin lan, men li pa gen lajan (Valdman 2007 : 478)Li pa ka vini paske li maladRele mwen lè ou rive BostonLan pwochen atik la, m ap kontinye 3èm pati sou sentaks kreyòl. M ava pale sou estrikti gramatikal lan lang kreyòl ki orijinal e ki montre jan lang kreyòl diferan lang franse.REFERANS MWEN SITE :Chomsky, Noam (1957) Syntactic Structures. Mouton: The Hague and Paris.DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’). In Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. Edited by John Holm and Peter L. Patrick, Battlebridge Publications. United Kingdom.Holm, John (1988) Pidgins and Creoles. Volume 1. Theory and Structure. Cambridge University Press: New York.Magloire-Holly, Hélène (1982). Les modaux: Auxiliaires ou verbes? In Syntaxe de l’haïtien. Lefebvre, Magloire-Holly, Piou, rédacteurs. Karoma Publishers, Inc. Ann Arbor.Payne, Thomas (1997) Describing morphosyntax. A guide for field linguists. Cambridge University Press: New York.Valdman, Albert and alii. (2007) Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Indiana University. Creole Institute.ELEMAN ENTWODIKSYON POU YON GRAMÈ KREYÒL(3.1. SENTAKS)Hugues Saint-FortNew York, 20 juillet 2013Lan atik sa a, m ap kontinye analiz sou sentakslang kreyòl mwen te kòmanse semèn pase. Mwen te etidye lan analiz sentaksik saa klas mo ki genyen an kreyòl. Mwen te montre gen de (2) kategori leksikal ankreyòl : yon kategori ki louvri epi yon kategori ki fèmen. Lan kategori kilouvri, mwen te idantifye non, vèb, adjektif, advèb. Se lanklas mo sa yo nou jwenn majorite mo ki lan lang lan, ansanm ak laplipa moki ap antre ladan li toulejou. Lan kategori ki fèmen, mwen te idantifye detèminan,pwonon, vèb oksilyè, makè vèbal tan, mòd, aspè, (TMA), prepozisyon, konjonksyon.Pa gen anpil mo ki fè pati kategori fèmen an e pa gen mo ki ap antre ladanli menm jan sa fèt pou kategori ki louvri a.
Men sa mwen pral egzaminen lan atik sa a :Toudabò, mwen pral etidye lòd mo an kreyòl, m ava esplike ki sa li ye,ki enpòtans li genyen an kreyòl ; apre sa, m ap abòde analiz fraz ankreyòl epi m ap fini ak yon analiz pwonon pèsonèl an kreyòl. Lòd mo an kreyòl
Genyen gwo diferans lan fason lang fonksyone, menmlè genyen resanblans antre yo. Pa egzanp, lang angle genyen yon kantite mofranse ladan li men de (2) sistèm lengwistik sa yo pa fonksyone menm jan.Lang franse se pitit fi lang laten, men fonksyònman sentaksik de (2) lang sa yodiferan. Laten se yon lang ki endike fonksyon sentaksik diferan eleman ki lanyon fraz avèk yon seri sifiks ki tache ak non, pwonon, osnon adjektif. Se sa yorele « ka » lan gramè. (case, ann angle, cas anfranse). Akizatif, jenitif, nominatif se kèk egzanp « ka » anlaten. Sifiks ki tache lan fen moyo endike fonksyon gramatikal mo sa yo okipe lan yon fraz (amic-us, amic-um,amic-orum). Tèminezon –usendike se ka nominatif. Li montre mo a okipe fonksyon sijè lan frazla; tèminezon –um endike se ka akizatif. Li montre mo a okipe fonksyonobjè dirèk lan fraz la; tèminezon –orum endike se ka jenitif pliryèl. Li montre mo a okipe fonksyon posesyon, osnon yon pati lan yon ansanm ki pi gwo.
Pa genyen (osnon prèske pa genyen) “ka” ankò ni anfranse ni ann angle. An kreyòl tou, pa genyen “ka”. Pou endike rezo relasyon moyo okipe lan yon fraz, kreyòl sèvi ak lòd mo yo. Sa vle di pozisyon mo yo lanyon fraz. Ann gade kat fraz sa yo:1. Gran moun nan twaze tifi a2. Ti fi a twaze gran mounnan3. Pwofesè a rele etidyanan4. Etidyanan rele pwofesè aFraz #1 ak fraz #2 gen egzakteman menm mo yo. Men,paske pozisyon mo yo diferan lan 2 fraz yo, sa rann sans 2 fraz yo diferan tou.Lan fraz #1, se gran moun nan ki fè aksyon “twaze” ti fi a, sentagmnominal “gran moun nan” plase lan pozisyon sijè, sentagm nominal “ti fia” resevwa aksyon “twaze”, li plase lan fen fraz la, apre vèb “twaze”, lanpozisyon objè.
Lan fraz #2, se egzakteman kontrè a ki pase.Sentagm nominal « ti fi a » chanje pozisyon, li plase devan elemanvèbal la, lan pozisyon sijè. Kounyè a, se « ti fi a » ki fè aksyon« twaze » gran moun nan. Donk, « gran moun nan » vin resevwaaksyon « twaze » a. Nou kapab fè menm kalite remak yo pou fraz#3 ak fraz #4. Lan yon fraz deklaratif, lòd mo yo se sijè-vèb-objè. Analiz sa yo montre lang kreyòl se yon tip lang SVO :Sijè-Vèb-Objè. Menm jan akfranse, osnon angle. Pou endike posesyon an kreyòl, lokitè a mete pwopriyetè atouswit apre bagay li posede a. Men kèk egzanp:
Kalkilatè mwen an
Machin Jak la
Òdinatè Pyè a
Konstriksyon sa a diferan konstriksyon angle kotepwopriyetè a vini anvan bagay li posede a avèk yon apostwòf ki presede lèt‘s’devan bagay li posede a.
John’s car
Katie’s dress
Christine’s book
Li diferan tou konstriksyon franse kote pwopriyetèa plase lan fen sentagm lan avèk prepozisyon de ki swiv mo ki deziyenbagay li posede a.
La voiture de Jean
La robe de Katie
Le livre de ChristineFrazan kreyòl
Depi lontan lan etid lang, definisyon fraz toujoukreye michan pwoblèm. Laplipa grameryen tradisyonèl yo te defini fraz tankou‘ekspresyon yon panse konplèt’ men sa kreye plis pwoblèm. Lengwis modèn yo pliskonsantre sou ki jan pou idantifye ak klasifye fraz. Idantifye fraz pa tèlmanbay pwoblèm lan lang ekri, men lan lang pale, se gwo tèt chaje akoz fenomèmentonasyon plis poz moun k ap pale a kapab pran, ki kapab bay pwoblèm poudetèmine ki kote fraz la kòmanse osnon ki kote li fini.
An kreyòl, gen fraz ki senp epi gen fraz kikonplèks. Yon fraz senp fòme ak yon sentagm nominal ki presede yon sentagmvèbal. Yon fraz konplèks fòme ak plis eleman pase yon fraz senp.
Lan majorite lang lengwis yo dekri, noutoujou jwenn diferan gwoup inite pi piti ki regwoupe ansanm e ki pèmèt konprannyon fraz. Yo rele gwoup inite sa yo sentagm. Sentagm yo konbine ansanmpou fòme fraz. Men yon egzanp:
Nèg la touye moustik yo ak yon liv
Fraz sa a fòme ak twa sentagm : yon sentagmnominal (SN) : nèg la, yon sentagm vèbal (SV) : touye moustik yo,epi yon sentagm prepozisyonèl (SP) : ak yon liv. Sentagm vèbal laak sentagm prepozisyonèl la, yo chak genyen yon sentagm nominal: moustik yo yon livSentagm nominal la fòme avèk yon non (N) nègki presede yon detèminan (D) la ; sentagm vèbal la fòme avèkyon vèb (V) touye ki presede yon sentagm nominal ; sentagmprepozisyonèl la fòme avèk yon prepozisyon (P) ak ki presede yon sentagmnominal. Sentagm nominal
An kreyòl ayisyen, yon sentagm nominal fòme avèkyon non (N) ki mache ak yon detèminan (D). Lè detèminan an se yondetèminan defini osnon yon detèminan demonstratif (sa a / sa yo), li plase aprenon an. Men, si detèminan an seyon detèminan endefini, li toujou plase devan non an. Detèminandefini an genyen plizyè fòm. Fòm yo depann de son ki vini anvan detèminan an.Si son ki vini anvan detèminan an se yon konsòn ki pa nazal (pa bliye, yon sonnazal se yon son ki pase alafwa lan nen e lan bouch moun ki ap pale a)detèminan defini an ap : la.
Kote liv Li pote bwat sou do li
dechire nèt
Si se yon vwayèl oral (pa bliye, yon son oral seyon son ki pase sèlman lan bouch moun ki ap pale a), detèminan defini an
tounen : aZwazo chante anpil
Mache pa louvri dimanch
Zeklè fè m sote
Si se yon vwayèl nazal ki devan i,osnon si genyen yon konsòn nazal ki devan son ou, detèminandefini an tounen an.
Zanmi pati yè swa
Sentagmvèbal
Sentagm vèbal bay plis tèt chaje pase sentagmnominal paske gen anpil posiblite pou lokitè a, lè li chwazi itilize li. Lanyon sentagm vèbal, genyen yon vèb ki kapab mache ou non avèk yon vèb oksilyè, yon makèvèbal TMA osnon yon konpleman objè dirèk (KOD):
Etidyan yo ap liEtidyan yo ap li yon womanenteresanYon woman enteresan se yon konpleman objè dirèk ki fòme ak yon sentagmnominal. Konpleman objè dirèk sa a kapab mennen lòt eleman dèyè li, ki yo menmkapab kontinye etann li.
Etidyan yo ap li yon woman enteresan ki te resevwapremye pri lan yon gwo konkou ki te fèt…
Vèb ki lan sentagm vèbal la kapab mache avèk yonkonpleman objè endirèk (KOE) :
Mari ak Jan ale lan sinemaLan sinema se yon sentagm prepozisyonèl.
Genyen ka kote vèb la kapab pran yon konpleman objèdirèk ansanm ak yon konpleman objè endirèk :
Mari mete diksyonè a sou biwo a
Lan fraz sa a, diksyonè a se yon sentagmnominal ki fonksyone kòm konpleman objè dirèk ; sou biwo a se yonsentagm prepozisyonèl ki fonksyone kòm konpleman objè endirèk.
Pafwa, nou konn rankontre yon kalite vèb sètenlengwis rele vèb ditranzitif. Sa vle di vèb sa yo pran de (2) objè e yo pagenyen yon prepozisyon devan yo. Lan ka sa yo, se lòd fiks de (2) sentagmnominal objè yo ki pèmèt distenge fonksyon yo. Sa vle di premye sentagm nominalla fonksyone kòm moun ki resevwa kado a osnon favè a, epi dezyèm sentagmnominal la fonksyone kòm veritab objè dirèk la.
Yo bay lapolis kriminèl yo
Jan di Mari bèl ti pawòl dous
Sentagm prepozisyonèl
Lan yon sentagm prepozisyonèl, nou jwenn yonprepozisyon ki mache ak yon sentagm nominal. Prepozisyon an kapab endikedireksyon (anba, anlè, sou), relasyon lan espas (lan, nan)Li kache anba kabann lan
Menmachin nan ap vini sou nou
Ladangwoup sa yo, gen tout tandans
Lanyon sentagm prepozisyonèl, tèt sentagm lan se yon prepozisyon.
Mwen manje lan pak la
Pwononpèsonèl
An kreyòl, fòm pwonon pèsonèl yo se:
Sengilye Pliryèl
Fòmkonplèt Fòmredui Fòm konplèt Fòm reduiMwen M Nou N Yo Y
N a remake lan sengilye, genyen twa pèsonn (mwen,ou, li). Men, lan pliryèl, genyen sèlman de (2): nou yoNou sèvi pou ranplase moun k ap pale a ansanm ak lòt moun k ap patisipelan konvèzasyon an. Yo ranplase lòt moun yo ki p ap patisipe lankonvèzasyon an.
Genyen règ presi ki detèmine ki lè pou sèvi ak fòmkonplèt osnon ak fòm redui pwonon yo. Règ sa yo kapab depann swa de anviwonmanfonetik lan, swa de estil lokitè a.
Lang lan mande pou anplwaye fòm konplèt pwononpèsonèl yo devan advèb menm lè li sèvi pou ensiste sou yon bagay.
Nèg sa a menm, li toujou move
*Nèg sa a menm, li toujou move
Nou anplwaye fòm konplèt pwonon pèsonèl apre vèbkopil se
k ap fè tout bri sa a
k ap fè tout bri sa a
Epi tou apre eleman negatif pa
pa mwen/nou/li/yo/ou
Fòm redui 3èm pèsòn pliryèl y kapab parètdevan yon vwayèl. Li pa kapab parèt devan yon konsòn. Pa bliye : lè genyenyon asteriks devan yon fraz, sa vle di fraz la pa gramatikal.
ap gade televizyon
Y gade televizyon
Fòm redui 2èm pèsòn sengilye w kapab parètdevan osnon apre yon vwayèl.
vini, m ap byen kontan
a di l bonjou pou mwen
Men, lang lan pa aksepte fòm redui 2èm pèsònsengilye lan kòmansman yon fraz si li presede yon konsòn.
W kapab prete m di dola ?
kapab prete m di dola ?
W pare pou mwen, mwen pare pou w tou pare pou mwen, mwen pare pou w tou
Fòm redui 1è pèsòn sengilye m pa kapab parètapre konsòn final yon sentagm vèbal.
*Li bat lan final la
Li bat lan final la
Kreyòl ayisyen pa sèvi ak pwonon pèsonèl menjan franse sèvi ak yo. An kreyòl, menm fòm pwonon pèsonèl yo sèvi kòm sijè,objè dirèk, objè endirèk, ak objè yon prepozisyon. Men kèk egzanp kotepwonon pèsonèl la fonksyone kòm sijè :
achte yon lòt machin
ap pati demen maten
ba yo twa gòl
ap vini demen swa
Lan egzanp sa yo, pwonon pèsonèl yo fonksyone kòmobjè dirèk :
Nou peye byen chè
lan je
Yo pa renmen Nou resi bat Lan egzanp sa a, pwonon pèsonèl la fonksyone kòmobjè endirèk :
Remèt kòb mwen
Menm fòm pwonon pèsonèl la kapab fonksyonekòm objè yon prepozisyon :
Ou p ap vin pran poul sou Nou prale lan sinema ak Sispann fè jako pye vèt dèyè Lan pwochen atik la, m ap fè yon gwo rale sousistèm vèbal lang kreyòl. Analiz la va montre jan sistèm vèbal kreyòl fonksyonelan fason pa li, san li pa depann de sistèm vèbal franse.Vire monte