Kèk mit sou lang kreyòl

 

Kèk mit sou lang kreyòl ayisyen ki dwe disparèt

Hugues Saint-Fort

New York, out 2016

(Premye pati) 

 

Majorite moun ki pa lengwis pataje yon seri kwayans sou lang moun pale lan yon sosyete san pa gen okenn prèv ki baze sou rechèch lengwistik  pou soutni kwayans sa yo. Lengwis rele kwayans sa yo « mit lengwistik » (language myths) (Trudgill 2003; Van Herk 2012). Pa egzanp, gen anpil moun ki kwè genyen lang ki pi “primitif” pase lòt, osnon chanjman lengwistik se yon fenomèn ke grameryen yo dwe konbat paske l ap detwi varyete estanda ki tabli lan yon sosyete. Lan sosyete amerikèn lan, te genyen yon lide ki te fè kwè ke anpil lan karakteristik angle Nwa Ameriken (African American English) yo pale, se te konsekans gwo dyòl (large lips) Afriken Ameriken yo genyen (Van Herk 2012:153).

 

Mit lengwistik egziste lan tout sosyete men yo kapab pran fòm ki diferan selon istwa sosyete a, osnon dapre lit sosyal ki ap dewoule lan sosyete a. Lan ti rale mwen pral fè la a, mwen pral egzaminen senk (5) mit lengwistik k ap minen sosyete ayisyèn lan depi lontan.

 

1.     Premye mit sou kreyòl : kreyòl ayisyen pa gen gramè

 

Se pi gwo mit ki egziste lan lespri anpil moun ki ap kritike lang kreyòl ayisyen. Dapre moun sa yo, youn lan pi gwo andikap kreyòl ayisyen se gramè li pa genyen. Yo fè konprann ke tout lang dwe genyen yon gramè (sa se vre!) e si kreyòl ayisyen pa genyen yon gramè, li pa kapab yon lang. Men, ki sa yo rele gramè?

 

Dapre syans lengwistik, gen plizyè fason pou defini mo “gramè”.  Definisyon ki pi laj la se: tout règ ke manm yon kominote lengwistik posede lan sèvo yo e ki pèmèt yo pale e konprann yon lang. Lan nenpòt ki sosyete, lokitè yo konnen majorite règ sa yo. Lokitè yo aplike règ sa yo lè y ap kominike ak lòt moun ki viv lan sosyete a. Se sa ki fè youn konprann lòt. Donk, yo posede gramè lang lan.

 

Genyen sosyete kote grameryen fè travay rechèch pou dekri lan bon ti mamit ansanm règ ke manm kominote lengwistik la genyen lan sèvo yo. Lè sa a, grameryen yo ekri yon liv ki dekri règ sa yo.  Yo rele  liv sa a tou ‘gramè.’ Men, se pa  tout sosyete ki genyen liv gramè. An reyalite, majorite sosyete pa genyen liv gramè. Sa pa anpeche tout moun ki ap viv lan sosyete sa yo kominike youn ak lòt san pwoblèm. Donk, absans  liv gramè lan yon sosyete  pa yon pwoblèm ditou pou sosyete a. Ayiti se yon bon egzanp verite sa a. Kite m siyale yon michan liv gramè kreyòl ayisyen ki parèt pandan ane 2015 la. Li rele « Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ». Moun ki ekri li se yon lengwis ayisyen ki rele Jockey Berde Fedexy.

 

Jan tit la montre nou, gramè sa a se yon gramè ki dekri sistematikman ki jan lang kreyòl ayisyen an fonksyone san li pa di nou ki jan pou nou pale lang lan. Se yon gramè deskriptif. Sa vle di lengwis la adopte yon apwòch ki konsantre sou jan lokitè yo itilize lang lan san li pa di si tèl fòm gramatikal « kòrèk » osnon si li « enkòrèk ». Se pa yon gramè preskriptif. Yon apwòch preskriptif se yon apwòch ki montre jan lokitè yo ta dwe itilize lang lan paske genyen yon « bon » jan, epi genyen yon « move » jan.  Yon apwòch preskriptif pote yon jijman sou fason moun pale osnon ekri. Lan prezantasyon gramè li a, lengwis Jockey Berde Fedexy (2015 : 16) ekri : « liv sa a pa la pou di pèsonn kisa [ki sa] pou yo di ak kisa [ki sa] pou yo pa di, kisa [ki sa] pou yo ekri ak kisa [ki sa] pou yo pa ekri. Men, kòm tout bon analiz lengwistik, liv sa a dekri sa moun di nan lang kreyòl la, kijan [ki jan]yo di l, e ki fenomèn lengwistik ki fè se sa yo di, jan yo di l la. »

 

Donk, pou rezime, « gramè » se yon konesans enkonsyan tout lokitè natif natal genyen sou lang manman li san li pa bezwen ale lekòl pou  aprann lang lan. Sa vle di tout lang sou latè genyen yon gramè. E kreyòl ayisyen genyen pwòp gramè pa li.  Ann Ayiti, tout timoun ki fèt epi grandi lan peyi a konn pale kreyòl anvan li antre lekòl. Gramè yon lang, nenpòt ki lang, posede omwen 3 pati : yon sistèm son distenktif lengwis yo rele fonoloji, yon sistèm mo ki fè sans lengwis yo rele leksik, epi yon sistèm aranjman mo yo ansanm ki pèmèt yo fè sans ki rele sentaks. Kèlkeswa lan sans nou pran mo « gramè » a, kreyòl ayisyen genyen gramè. Lan sans yon sistèm ki pèmèt tout kretyen vivan pale yon lang san yo pa bezwen ale lekòl pou pale e konprann lang sa a, donk yon sistèm nou posede enkonsyaman, li klè ke kreyòl ayisyen posede yon gramè. Lan sans yon liv ki dekri tout règ ki pèmèt moun kominike youn ak lòt, kreyòl ayisyen posede gramè menm si pa genyen anpil.

 

2.     Dezyèm mit sou kreyòl : kreyòl ayisyen se yon dyalèk lang franse

 

Mit sa a mache men lan men avèk premye mit mwen site a. Dapre yon seri moun, kreyòl ayisyen, paske li pa gen gramè, pa kapab yon lang menm jan ak tout lòt lang. Se yon dyalèk lang franse li ye. Men, ki sa yo rele « dyalèk » ?  

 

Pou moun ki pa lengwis, yon dyalèk se yon fòm kominikasyon enferyè ki egziste lan yon sosyete. Moun ki pa lengwis mete sou menm nivo dyalèk, patwa…Yo pa konsidere fòm kominikasyon sa yo tankou veritab lang. Se pa konsa lengwis yo prezante kesyon an. Pou majorite sosyolengwis yo (Trudgill 2003; Hudson 1998; Finegan 2004; Van Herk 2012), yon dyalèk se yon varyete lengwistik ki diferan sou plan sentaks, fonoloji, ak leksik de lòt varyete yo e ke lokitè yo pale swa lan yon rejyon jeyografik, swa lan yon klas sosyal presi. Lan majorite sosyete sou latè, yon lang se yon rasanbleman plizyè dyalèk selon zòn kote moun pale yo, klas sosyal moun ki pale yo, elatriye…Pa egzanp, ann Ayiti, genyen yon dyalèk yo pale lan Nò peyi a (kreyòl lan Nò), lan Sid peyi a (kreyòl lan Sid), lan Lwès peyi a … Anplis de sa, kreyòl lokitè ayisyen pale diferan dapre etid yo fè, edikasyon yo resevwa, pwofesyon osnon metye yo pratike, sèks yo (gason pa toujou pale menm jan ak fi)…Donk, nou kapab konsidere ke diferan dyalèk lan lang kreyòl moun pale ann Ayiti kapab ede  konprann sa ki fè kreyòl ayisyen  fòme yon lang. Menm jan diferan dyalèk ki egziste lan peyi Etazini osnon lan peyi Lafrans pa egzanp fòme lang angle osnon lang franse.  

 

Lide ki dèyè tèt moun ki di kreyòl ayisyen se yon dyalèk franse se chèche montre ke kreyòl, lang matènèl pèp ayisyen an se yon restavèk lang franse ki pa janm rive devlope tèt li pou rive yon lang avèk pwòp estrikti pa li. Yo baze yo sou gwo kantite mo franse ki lan leksik kreyòl ayisyen pou yo di sa. An reyalite, sa yo pa konprann lan se ke nanpwen lang sou latè ki devlope pou kont yo, san yo pa prete mo lan lòt lang ki te an kontak ak yo. Lang franse prete yon pakèt mo lan lang laten pou li te rive devlope pwòp estrikti pa li, e sa pran li plizyè syèk ; lang angle fè menm bagay la tou. Espesyalis istwa lang angle di plis pase 40% mo lang angle sòti lan lang franse. Evolisyon sa a rive lè Franse yo te anvayi Angletè an 1066 (sa yo rele La Conquête normande lan istwa peyi Lafrans) e enstale yo lan peyi sa a pandan plis pase twa syèk.

 

Tout lengwis rekonèt ke kreyòl ayisyen se yon lang ki pa restavèk okenn lòt lang sou latè. Li genyen estrikti pa li, li refè sans ak fonoloji mo franse li prete lan men lang sa a. Li enpòtan anpil pou moun pa bliye ke se pa sèlman lang franse ki te patisipe lan fòmasyon lang kreyòl ayisyen. Veritab zansèt majorite Ayisyen se Afriken. Yo te pale yon gwoup lang ki rele gwoup lang Kwa, lan Afrik de lwès rive jis lan Sant kontinan Afrik avèk yon lòt gwoup lang ki rele lang Bantu. Vin genyen yon fenomèn kontak lang, lang afriken yo, avèk lang franse ki pral jwe yon gwo wòl lan fòmasyon lang kreyòl ayisyen (DeGraff 2007). Genyen yon twazyèm eleman ki ta sanble jwe yon wòl lan fòmasyon lang kreyòl ayisyen. Genyen yon lengwis ki avanse yon ipotèz  yo rele ‘bioprogram’ (Bickerton 1981). Dapre ipotèz sa a, piske moun fèt avèk yon ansanm règ lan sèvo yo pou pèmèt yo aprann lang (Chomsky 1957), li ta sanble ke lang kreyòl yo se rezilta travay kreyasyon premye jenerasyon lokitè kreyòl natif ki mete ann aksyon kapasite pou lang ki ine lakay yo paske yo pa te jwenn estrikti sosyal sou plas. (Arends et alii (eds. 1994; Mufwene 2001).

 

3.     Twazyèm mit sou kreyòl : pale kreyòl izole Ayisyen

 

Mit sa a kòmanse devlope depi kèk lane. Nou jwenn li kay Ayisyen tankou kay etranje. Pa egzanp, pwofesè Jared Diamond ki anseye jeyografi ak fizyoloji lan Inivèsite Kalifoni e ki te resevwa pri Pulitzer lan Etazini an 1997, ekri sa: « Today, about 90% of Haiti’s population still speaks only Haitian Creole (a language spoken by virtually no one else in the world except emigrant Haitians), and only about 10% of the population speaks French. That is, Haitians are linguistically isolated from the rest of the world. » (Diamond 2011). (Jodi a, anviwon 90% popilasyon Ayiti kontinye pale sèlman Kreyòl ayisyen (yon lang preske pèsonn lòt moun pa pale sou latè esepte imigran ayisyen), e sèlman anviwon 10% popilasyon an pale franse. Sa vle di, sou kesyon lang, Ayisyen izole lè nou konpare yo ak rès moun ki ap viv nan lemonn.)  

 

Se pa premye fwa nou tande “istwa” sa yo sou lang kreyòl ayisyen. Gen moun ki rive di ke youn lan koz ki fè Ayiti pòv lan eta sa a se paske Ayisyen pale kreyòl. Si yo te pale angle osnon panyòl, yo pa ta pòv kon sa. Men veritab kesyon nou ta dwe poze tèt nou se : Ki jan yon lang kapab apovri tout yon sosyete ? Eske genyen yon korelasyon ant povrete lan yon sosyete ak lang moun pale lan sosyete sa a ? Eske yon pèp kapab izole akoz de lang li pale a, jan pwofesè Jared Diamond di sa ?

 

Toudabò, ki sa sa vle di egzakteman lè yon pèp izole sou plan lengwistik ? Eske sa vle di lokitè ayisyen yo koupe de tout sa k ap pase nan lemonn, pa janm tande pale de gwo osnon ti evenman ki pase nan lemonn, ann Ewòp, ann Afrik, ann Amerik… ?Li klè ke yon tèl opinyon pa vo anyen piske ann Ayiti tout inileng yo posede omwen yon pòs radyo ki mete yo okouran an kreyòl sou tout sa k ap pase nan lemonn. Lan liv li ekri a ki rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba (Deschamps 2006), lengwis ayisyen Yves Déjean pale sou kesyon sa a epi raple ke prèske tout timoun ayisyen, kit yo konn li osnon yo pa konn li, konnen non tout jwè foutbòl brezilyen osnon ajanten avèk yon dividal detay sou foutbòl lan de (2) peyi sa yo.

 

Yon lòt fason nou kapab entèprete espresyon « izole sou plan lengwistik » parapò a lòt moun k ap viv sou latè kapab mache kon sa : se sèlman Ayisyen ak emigre ayisyen ki pale kreyòl (se sa menm pwofesè Jared Diamond di lan liv li a) alòske lan lòt peyi ki vwazen Ayiti, lokitè yo pale swa angle, swa panyòl. Donk, lè lokitè ayisyen an kite Ayiti, li gen tout kalite pwoblèm pou li kominike aloral osnon alekri. Li oblije rekòmanse a zewo paske lang kreyòl li a pa itil li pou l fè anyen.

 

Lè yon moun di ke Ayisyen ki pale kreyòl izole parapò a vwazen li yo k ap viv lan zòn Karayib la ki pale swa angle, swa panyòl, li bliye vit ke lè yon moun ap viv lan peyi li, premye lokitè ki kominike ak li se pwòp konpatriyòt li. Lan tout peyi sou latè, majorite kominikasyon yo fèt lan lang natif natal lokitè yo. Lokitè franse k ap viv an Frans nòmalman sèvi ak lang franse pou kominike ak konpatriyòt yo. Yo pa sèvi ak lang chinwa osnon ak lang wolof . Se menm bagay la lokitè japonè, italyen osnon alman fè lè yo lan peyi yo. Metrize yon lang etranje se pa premye priyorite yon sistèm edikasyon. Se vre ke aprantisaj yon lang etranjè osnon plis pase youn  enpòtan anpil lan mond global n ap viv ladan kounyè a. Se poutèt sa, yon gouvènman ann Ayiti ki responsab ta dwe fasilite aprantisaj lang etranjè lan tout lekòl. Men, dapre rechèch sou bilengwism ak akizisyon lang etranjè, aprann yon dezyèm lang ap mwen difisil lè elèv yo devlope yon baz solid lan lang natif natal yo. Se kon sa lè yon jenn Ayisyen byen metrize premye lang li (L1), sa vle di kreyòl, l ap kapab aprann rapidman non sèlman franse, angle, …men tou matyè eskolè tankou matematik, syans, biyoloji, istwa…, si pwofesè yo anseye matyè sa yo lan lang natif natal li.

 

Donk, nanpwen okenn fason pou kreyòl izole Ayiti. Li lè, li tan pou nou fini ak koze san sans sa a. Men sa lengwis Yves Déjean (2006 : 121) di sou kesyon kreyòl k ap izole Ayiti : « …nou merite sonje yon seri kondisyon ki ta fè Ayiti izole. Fòk gwo bato, kago, ta fè kèk ane san yo pa janm debake yon sèl grenn moun, Ayisyen oubyen etranje, nan okenn pò Ayiti espesyalman ni Pòtoprens, ni Okap, ni Okay, ni Tigwav, ni Jeremi, ni Jakmèl, ni Gonayiv, ni Senmak. »

 

Yon lang pa kapab izole yon pèp osnon fè li pòv. Pa egzanp, konbyen moun ki pale lang japonè apa endividi japonè? Pa gen anpil ! Eske nou kapab di ke pèp japonè a izole sou plan lengwistik ? Non ! Genyen anpil touris ki vizite Japon apre yo aprann lang japonè a lan sant lengwistik peyi oksidanto yo. Genyen tou anpil etranje k ap viv e k ap travay lan peyi Japon. Petèt gen moun ki va di m ke Japon se youn lan pi  gran peyi endistriyalize sou latè e nou pa kapab konpare li ak Ayiti. Men, sou plan sa a, pa genyen gwo diferans ant Japon ak Ayiti. Donk, konsèp izòlman lengwistik la pa kenbe. Nou pa kapab konsidere lang yon pèp pale lè n ap egzaminen faktè ki lakòz yon peyi pòv. Faktè sa yo kapab sòti lan istwa peyi a, lan politik peyi a, lan estrikti ekonomik peyi a, lan fason yo jere peyi a, men sa pa gen anyen pou wè avèk lang lokitè yo pale lan peyi sa a.

Lan ka Ayiti, se avèk lang kreyòl Ayisyen sèvi pou yo kominike youn ak lòt lan tout kalite aktivite k ap dewoule lan sosyete ayisyèn lan, menm jan sa fèt lan tout lòt peyi sou latè lè lokitè yo sèvi ak pwòp lang matènèl pa yo.

 

Donk, se pa vre ditou ke lang kreyòl  izole lokitè ayisyen. Okontrè, lang kreyòl va ede Ayisyen akeri konesans. Youn lan gwo pwoblèm Ayiti lan 21è syèk sa a se kokennchenn reta majorite lokitè ayisyen akimile lan domèn ki pi elemantè paske anpil pa te gen chans ale lekòl. Kreyòl se lang matènèl tout Ayisyen ki leve e grandi ann Ayiti, se donk premye lang tout lokitè ayisyen konnen vrèman. Lè yon moun konnen yon lang, lan sans lengwis ameriken Noam Chomsky esplike sa, sa vle di moun sa a posede yon « konpetans gramatikal » lan lang sa a ki pèmèt li konprann osnon enonse a nenpòt ki moman yon fraz nouvo lan lang sa a. Moun sa a konnen ki jan pou li fòme e entèprete mo, fraz, konstriksyon lan lang li.

 

Ki sa ki pi nòmal pou sèvi ak lang yon lokitè konnen pi byen pou li aprann ? Se sa ki fèt lan tout peyi sou latè. Pou ki sa gen tèlman difikilte pou sa reyalize ann Ayiti ?

Pou kontak avèk peyi etranje, Ayisyen kapab itilize lòt lang ofisyèl Ayiti ki se franse osnon lòt lang etranje tankou angle ou panyòl. Depi 1987, konstitisyon peyi a rekonèt kreyòl ak franse kòm 2 lang ofisyèl nasyon an; gouvènman an oblije pran tout dispozisyon pou sa tounen yon reyalite lan lizaj sosyolengwistik ayisyen.  

 

A suiv

 

Referans site :

 

Arends et alii (eds) 1994) Pidgins and Creoles: An Introduction. Amsterdam: Benjamins.

Bickerton, Derek (1981) Roots of Language. Ann Arbor: Karoma.

Chomsky, Noam (1957) Syntactic Structures. The Hague: Mouton& Co.

DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’) In Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. Edited by John Holm and Peter L. Patrick . pp. 101-126. United Kingdom: Battlebridge Publications.                

Déjean, Yves (2006) Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince: Henri Deschamps.

Diamond, Jared (2011) Natural Experiments of History. Harvard University Press.

Fedexy, Jockey Berde (2015) Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an. Port-au-Prince: JEBCA Editions.  

Finegan, Edward (2004) American English and its distinctiveness. In Language in the USA. Themes for the Twenty-first Century. pp. 18-38. Cambridge: Cambridge University Press.

Hudson, R.A. (1998) Sociolinguistics. Cambridge: Cambridge University Press.

Mufwene, Salikoko (2001) The Ecology of Language Evolution. Cambridge: Cambridge University Press.

Trudgill, Peter (2003) A Glossary of Sociolinguistics. Edinburgh: Edinburgh University Press.  

Van Herk, Gerard (2012) What is Sociolinguistics? United Kingdom: Blackwell Publishing.