Kèk mit soulang kreyòl ayisyen ki dwe disparèt
(2èm pati)
HuguesSaint-Fort
New York, septembre 2016
Atiksa a se suit yon premye atik ki te parèt sou kesyon mit lengwistik (language myths)ann Ayiti. Mwen defini mit lengwistik tankou yon seri kwayans sou lang kisikile lan yon sosyete e ke anpil moun kwè, malgre pa genyen okenn rechèchlengwistik ki pwouve kwayans sa yo se laverite. Mwen te idantifye omwen senk(5) mit sou kreyòl ayisyen. Lan premye pati a, mwen te pale sou twa (3) ladanyo. Lan dezyèm pati sa a, mwen pral devlope 2 lòt mit yo.
Mit no4 sou kreyòl ayisyen :
Yokopye òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen sou lang angle alòske kreyòl ayisyen seyon lang ki baze sou franse.
Mit saa te parèt vè ane 1940 yo. Li gen yon gwo istwa dèyè li. Sa ki te deklanche lise travay ki t ap fèt lan plizyè sektè peyi a pou mete sou pye yon òtografsistematik pou lang kreyòl ayisyen. Anpil moun te mal konprann travay ki t apfèt pou tabli yon òtograf konsistan e sistematik pou kreyòl ayisyen. Pandan kèktan, te gen kèk ti efò ki te fèt pami de ou twa Ayisyen save pou ekri ankreyòl, lan yon epòk majorite moun te enterese ekri sèlman anfranse. Pa egzanp, youn lan ekriven ayisyen ki te fè efò ekri an kreyòlse powèt ayisyen Oswald Durand ki te ekri yon powèm an kreyòl ki rele Choucoune(1896). Men yon pasaj lan powèm sa a, jan Oswald Durand te ekri li :
Dèièyon gwo touff pingoin
L’aut’jou,moin contré Choucoune;
Lisourit l’heur’ li ouè moin,
Moindit : « Ciel ! a là bell’ moune ! »
Lidit : « Ou trouvez çà, cher ? »
P’titsoéseaux ta pé couté nous lan l’air…
Quandmoin songé ça, moin gagnin la peine,
Cardimpi jou-là, dé pieds-moin lan chaine ! »
Lanpowèm sa a, Oswald Durand fè sa li kapab pou li fè òtograf powèm Choucounekoresponn ak òtograf lang franse. Malgre sa, li te pran kèk libète ak òtograffranse. Li pa te reyisi suiv li nètalkole paske gen michan diferans ant mofranse ak mo kreyòl. Nou va note Oswald Durand se youn lan premye ekrivenkreyòl ayisyen ki te ekri mo franse « gros » avèk yon semikonsòn « w » devan vwayèl posteryè « o », ki sefason majorite Ayisyen pwononse li. Li pa te ekri li avèk konsòn« r », jan yo ekri li an franse, men ke okenn Ayisyen natif natal papwononse konsa. Men, Oswald Durand ekri « trouvez » avèk« ez » kòm si li t ap ekri fòm sa a an franse lan 2èm pèsònpliryèl. Li ekri tou pwonon « nous » avèk yon « s »menm jan sa fèt an franse. Durand ekri « la peine » an 2 momenm jan sa fèt an franse alòske an kreyòl se yon sèl mo li ye (lapenn)akoz fenomèn lengwistik ke lengwis yo rele « agglutination »[1], lan egzanp tankou « lavi »,« lekòl », « labank »,« lajan », « legliz », « lò »,« monnonk », « matant », … Durand ekri « pieds »avèk yon « s » pou mete li o pliryèl alòske kreyòl ayisyen pa genyenyon mak pliryèl « s », menm jan sa egziste an franse.
Se vrekreyòl ayisyen gen yon baz franse (majorite mo ki lan leksik kreyòl ayisyensoti lan franse , epi gen pa mal relasyon ant sentaks franse ak sentakskreyòl), men se pa poutèt sa li dwe kopye lang franse. Anviwon 40% mo langangle soti lan lang franse, dapre moun save ki fè rechèch sou istwa leksik langangle, men sa pa fè lang angle tounen yon lang laten osnon yon lang womàn(romane). Lan klasifikasyon fanmi lang ke lengwis yo etabli, angle se yon langjèmanik, menm jan avèk lang alman, lang danwa, lang olandè…
Kesyonfondamantal nou dwe poze si n ap reflechi seryezman sou kesyon an se : Kisa òtograf ye ? Òtograf se fason nou ekri son yon lang men òtograf ak langse 2 bagay diferan. Jan lengwis yo esplike sa yon pakèt fwa deja, yonlang se yon konesans abstrè tout lokitè lan yon sosyete genyen lan sèvo yo souyon ansanm règ ak prensip ki pèmèt yo konprann epi fòme fraz. Konnen yon langse pa memorize yon leksik. Yon lang manifeste li avèk son. Òtograf se sèlmanfason nou reprezante, nou ekri son sa yo, men se pa li ki se lang lan. Lanekriti alfabetik nou itilize pou ekri angle, franse, panyòl…, nou sèvi ak lètpou nou reprezante son yon lang, men nou dwe fè yon gwo diferans ant son ak lèt. Gen yon pakèt peyi sou latè kote moun yo pale yon lang men yopa ekri li. Donk, nou pa dwe konfonn yon lang avèk yon òtograf. Nou jwenn langlan tout sosyete ki gen moun, men nou pa fòseman jwenn lang ekri lan tout sosyete.
Yonòtograf sistematik se yon òtograf kote chak lèt alfabè ta koresponn avèk yonson ki lan yon lang. Lè sa, yon menm son lan lang lan ta toujou ekri avèk menmlèt lan. Se ta aplikasyon prensip ki di : yon son pou yon lèt ; yonlèt pou yon son. Se prensip sa a ki alabaz Alfabè Fonetik Entènasyonal (AlphabetPhonétique International/ International Phonetic Alphabet). Premyevèsyon Alfabè Fonetik Entènasyonal te pibliye premye fwa ann out 1888 anba plimyon gwoup lengwis-fonetisyen ki te fòme yon òganizasyon ann Ewòp an 1886.Prensip fondamantal Alfabè fonetikentènasyonal (AFEn) se : dwe genyen yon sèl e menm lèt pou chak sondistenktif (fonèm), e nou dwe itilize menm senbòl lan pou son sa a lannenpòt lang kote son sa a parèt. Si nou pran òtograf lang franse, yo ekri son[k] avèk swa lèt c tankou lan mo franse calme, swa lèt qtankou lan mo franse qui, swa lèt k tankou lan mo franse képi.Òtograf franse se yon òtograf ki pa konsistan ditou, ki pa sistematik. Lanòtograf lang kreyòl, son [k] toujou ekri ak lèt k. Nou dwe ekri : kalòj,kamoken, kanpe, kann, kapòt, kat, kite, komedi…Dayè lèt c, esepte lèli mache ak lèt h pa egziste lan ekriti kreyòl ayisyen. Li pa janm machepou kont li. An kreyòl ayisyen, yo sèvi ak ch pou ekri son []. Nou dwe ekri : chapo,chèlbè, chita, chen, chou, chinwa, cho, chokola, mache, mouche, touche.
DapreSchieffelin & Charlier-Doucet (1998), se 2 save ayisyen Frédéric Doret akChristian Beaulieu ki te pwopoze an premye yon òtograf sistematik pou kreyòlayisyen. Doret te fè sa an 1924, Beaulieu an 1939, men pa te gen anpil moun kite pran travay 2 save sa yo an konsiderasyon.
DapreDejean (1980), Schieffelin & Charlier-Doucet (1998), an 1940, yon misyonèpwotestan ilandè ki rele Ormonde McConnell te debake ann Ayiti pou konvèti lanrelijyon pwotestan Ayisyen ki t ap viv lan zòn riral peyi a. Anpil lan moun sayo pa te konn li ni ekri. Lè McConnell reyalize ke pa te genyen yon sistèmòtograf konsistan pou montre Ayisyen lan zòn riral yo aprann li ak ekri, li vinsanti nesesite pou kreye yon òtograf sistematik men ki ta vin debouche pi tasou lang franse. Se kon sa li vin mete sou pye yon òtograf fonolojik, kwakMcConnell li menm te rele li yon « orthographe phonétique »[2] .
ÒtografMcConnell la te baze sou Alfabè fonetik entènasyonal. Dejean (1980 : 19)montre gen 18 senbòl McConnell te prete lan AFEn avèk valè yo genyen lan sistèmsa a. Men yo :
a b d f g i k l m n o p r s t v w z
Mengen douz lòt ki pa suiv valè yo genyen lan Alfabè Fonetik Entènasyonal. Landouz sa yo, uit ladan yo suiv valè yo genyen lan alfabè franse. Men yo :
ch é è gn j ou u y
Lòtkat yo se McConnell li menm ki kreye yo avèk valè yo. Men yo :
Lè lite fèk parèt an 1940, se konsa òtograf McConnell la te ye. McConnell terankontre ann Ayiti an me 1943 epi an janvye 1944 (Dejean 1980 : 21) avèkyon edikatè ameriken ki rele Frank C. Laubach e yo deside fè kèk chanjman lan janòtograf la te bati. Genyen 2 senbòl yo te dakò pou yo chanje. Se te sh aku ke yo transfòme an ch ak ou pou transkri fonèm /
Anpilentèlektyèl ayisyen te voye pye lè Laubach ak McConnell te pibliye òtograf yoa. Yo di se te yon « américanisation culturelle ». (Pressoir1947 : 66). Dejean (1980 : 21-22) fè yon rezime sou prensipal atakPressoir te lanse sou òtograf McConnell-Laubach la. Men yo :
1. Òtograf McConnell-Laubach la te plis sanble yon òtograf ki t ap suiv prensiplang angle paske li adopte sh pou son // olye ch ; upou son /u/ olye ou ; you pou ekri atik endefini olye li ekri gnou.
2.Piske dapre Pressoir (Pressoir 1947 : 68 ak 53), veritab objektif la seaprann lang franse (« le but ultime étant le français »),òtograf McConnell-Laubach la pa ede Ayisyen analfabèt yo aprann franse pi vit.
3.Òtograf McConnell-Laubach la itilize vwayèl « gwo kreyòl » lasan li pa konsidere vwayèl anteryè awondi yo (Pressoir 1947 : 66)
4.Òtograf McConnell-Laubach la fè chòk avèk òtograf franse a lè li sèvi ak aksansikonflèks sou â,ê, ô pounazalize vwayèl sa yo.
5.Olye li sèvi ak digraf ou, òtograf McConnell-Laubach la itilize w.
Pressoir(1947 : 67) te rive menm di ke òtograf McConnell-Laubach la ta bon pou kèk« sauvages de l’Australie ou de quelque coin perdu », men lipa valab « dans un pays à traditions françaises ». Men, malgretout kritik Pressoir te fè sou « òtograf Laubach » la, lan chanjmanli pote yo, li kenbe anpil lèt Laubach te itilize. Pa egzanp, Pressoir tekalifye lèt k, y, ak w kòm lèt « Anglo-Saxon », men lite kenbe lèt k olye li ekri lèt c (osnon lèt q) menm janak lang franse pou reprezante son /k/. Li ekri « okinn », « ké »,« kléré »…
Òtografofisyèl Ayiti genyen jodi a depi janvye 1980 se aboutisman sistèm ekritisistematik Christian Beaulieu, Charles-Fernand Pressoir, McConnell-Laubach tekòmanse apati ane 1939. Li pa gen anyen pou l wè ak òtograf lang angle. Laubachpa te sèvi ak òtograf angle pou li bati sistèm ekriti li te pwopoze ansanm akmisyonè ilandè Ormonde McConnell. Laubach ak McConnell te baze òtograf yo a souAlfabè fonetik entènasyonal. [3]
Anseptanm 1979, gouvènman ayisyen an fè parèt yon dekrè ki ofisyalize lizaj langkreyòl lan lekòl Ayiti. Le 22 ak 31 janvye 1980, Sekreteri deta Edikasyonnasyonal te pibliye 2 kominike sou òtograf kreyòl, youn an franse ak youn ankreyòl. Se kominike sa a ki montre ki jan pou nou ekri kreyòl ayisyen. Sesa ki òtograf ofisyèl lang kreyòl ayisyen. Se li menm yo anseye lan tout lekòlAyiti, menm si gen kèk moun ki ap fè wondonmon e ki pa vle sèvi ak li. Men, seli menm majorite Ayisyen ak etranje itilize pou yo ekri liv, atik jounal,powèm, esè, woman, chante, … Genyen kèk moun ki poko fin alèz ak òtografofisyèl la epi ki fè fot lè y ap ekri li, men yo fè efò pou aprann li. Òtografofisyèl kreyòl ayisyen an se yon òtograf ki regilye, sistematik, koyeran, ki pakanmarad òtograf lang angle osnon lang franse sou plan pedagojik. Prensip pouekri li se prensip ki klè epi ki fasil pou retni. Men alfabè kreyòl ayisyen anjan li te parèt lan kominike Sekreteri deta Edikasyon nasyonal te pibliye31 janvye 1980 :
a, an,b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s,t, ui, v, w, y, z.
Mit no5 sou kreyòl ayisyen :
AnnAyiti, kreyòl se lang peyizan ak moun pòv ki pa te pase lekòl
Mit saa rezime tout mepri, tout move santiman yon ti gwoup Ayisyen genyen pou langnasyonal la yo pale poutan toulejou lan tout kwen peyi a. Li mache men lan menavèk tandans ki ta vle fè konprann gen 2 kalite Ayisyen, youn ki se « mounandeyò » ki enferyè epi yon lòt kalite Ayisyen ki se moun Pòtoprens e kipale franse. An reyalite, tout moun konnen kreyòl se premye lang tout Ayisyenki fèt epi grandi ann Ayiti ; se avèk kreyòl Ayisyen sèvi pou yo mennentout kalite aktivite ann Ayiti ; se pa peyizan sèlman ki palekreyòl ; kreyòl se sèl lang ki simante tout Ayisyen, kèlkeswa klas sosyalyo, nivo etid yo, koulè po yo, rejyon jewografik kote yo soti… ; se pamoun pòv sèlman ki pa te pase lekòl ki pale lang kreyòl, se tout Ayisyen ki fète grandi ann Ayiti ki kominike an kreyòl.
Pou kisa kesyon lang kreyòl soulve tèlman pwoblèm lan sosyete ayisyen an e menmlan dyaspora ayisyen? Lang kreyòl genyen yon istwa dèyè li. Se istwa orijin nou,kote nou soti, lan ki kondisyon nou vin ateri sou tè sa a, idantite nou.Jiskaprezan, gen Ayisyen ki anbivalan sou ki moun yo ye, ki lang yo pale, ki salang sa a ye. Jiskaprezan, gen Ayisyen ki pa vle admèt lyen yo genyen avèkLafrik. Yon michan entèlektyèl ayisyen ki rele Jean Price-Mars te ekri lan yonliv selèb ki rele Ainsi parla l’oncle (1973) [1928] : « Quantà celui ‘d’Africain’, il a toujours été, il est l’apostrophe la plus humiliantequi puisse être adressée à un Haïtien. A la rigueur, l’homme le plus distinguéde ce pays aimerait mieux qu’on lui trouve quelque ressemblance avec unEsquimau, un Samoyède ou un Toungouze plutôt que de lui rappeler son ascendanceguinéenne ou soudanaise. »[4] (Rele yon moun « Afriken »se te yon jouman, e se jiskaprezan jouman ki pi imilyan pou yon Ayisyen.Vle pa vle, nèg ki pi byen kanpe, pi chèlbè lan peyi sa a ta pi kontan si yo dili ke li sanble avèk yon Esquimau, yon Samoyède osnon yon Toungouze pase pou taraple li ke li se desandan pèp ginen osnon pèp soudanè. » [tradiksyon pamwen).
Menmjan avèk tout moun ki grandi lan yon sosyete epi ki kapab pale, rezone,diskite, Ayisyen pale yon lang. Ayisyen pa diferan de okenn lòt pèp sou latè.Syans lengwistik esplike ke tout moun fèt avèk yon kapasite pou yo pale yonlang. Se sa lengwis yo rele « faculté de langage ». Grasa li, tout moun ki fèt e grandi lan yon sosyete ap kapab akeri lang moun palelan sosyete sa a anvan li ale lekòl. Lang sa a se premye lang li, lang natifnatal li. Ann Ayiti, premye lang tout Ayisyen se kreyòl. Se avèk lang sa amajorite Ayisyen sèvi pou yo rakonte esperyans yo lan sosyete a, diskite avèkzanmi yo, di sa yo renmen, sa yo rayi, jan yo konprann yon kesyon, …Yo kapabaprann yon lòt lang (osnon plizyè lòt lang) pi ta lan lavi yo men lang kreyòlap rete premye lang yo.
Langpèp ayisyen se kreyòl, se pa ni franse, ni angle, ni panyòl. Genyen endividiayisyen ki aprann franse, angle osnon panyòl. Genyen ladan yo ki vin maton lanlang sa yo paske yo te aprann yo lekòl ak lan inivèsite, osnon paske yo teabite lontan lan peyi kote moun pale lang sa yo.
Nonkreyòl la gen yon istwa dèyè li. Lè li te fèk parèt lan koloni Sen Domeng lankòmansman ane 1700 yo, li te sèvi pou deziyen Ewopeyen ki te fèt lan koloni yo.Moun te fè yon distenksyon ant Ewopeyen sa yo ak Ewopeyen ki te fèt lanmetwopòl la, pa egzanp an Frans. Apre sa, mo kreyòl la vin deziyen tout bagayki lokal : pyebwa, manje, zannimo… Epi, yo vin sèvi ak li pou fè yon distenksyonant esklav ki te fèt lan Sen Domeng yo ak esklav ki te fèt ann Afrik. Yote rele esklav ki te fèt ann Afrik yo esklav bosal epi yo te rele esklav ki tefèt lan Sen Domeng yo esklav kreyòl. Li sanble se lan dezyèm mwatye XVIII èmsyèk moun kòmanse sèvi ak tèm « kreyòl » la pou deziyen lang esklavyo pale lan Sen Domeng. Men yon tèks Moreau de Saint-Méry[5] sou kesyon sa a kote li dekri kreyòl la lanliv li a ki rele Description topographique, physique, civile, politique ethistorique de la partie française de l’isle Saint-Domingue (1797) :
« J’aià parler maintenant du langage qui sert à tous les nègres qui habitent lacolonie française de Saint-Domingue. C’est un français corrompu, auquel on amêlé plusieurs mots espagnols francisés, et où les termes marins ont aussitrouvé leur place. On concevra aisément que ce langage, qui n’est qu’un vraijargon, est souvent inintelligible dans la bouche d’un vieil Africain, et qu’onle parle d’autant mieux, qu’on l’a appris plus jeune. Ce jargon est extrêmementmignard, et tel que l’inflexion fait la plus grande partie de l’expression. Ila aussi son génie, (qu’on passe ce mot à un Créol qui croit ne le pasprofaner), et un fait très sûr, c’est qu’un Européen, quelque habitude qu’il enait, quelque longue qu’ait été sa résidence aux Isles, n’en possède jamais lesfinesses. »
« Kitem pale kounyè a de lang ke tout nèg ki ap viv lan koloni franse Sen Domeng lanitilize. Se yon franse kowonpi, kote yo mele plizyè mo panyòl fransize, epikote yo anplwaye anpil mo lanmè tou. Nou ka konprann fasilman ke lang saa ki se yon bon jagon, li difisil anpil pou konprann li lè se yon granmounAfriken ki ap pale li. Yo pale li pi byen lè yo aprann li pi jenn. Jagon sa adelika anpil. Se monte desann lan vwa yo ki fè tout cham li. Li genyen pwòpjeni pa li (kite yon Kreyòl tankou m itilize mo sa a, mwen pa kwè m ap pwofaneli). Sa ki sèten, se sa : yon Ewopeyen, kèlke swa abitye li abitye akkreyòl, kèlke swa longè tan li viv lan zile sa yo, pa janm rive metrize toutfinès lang sa a. » [tradiksyon pa mwen].
Referanssite :
Dejean,Yves (1980) Comment écrire le créole d’Haïti. Québec : Collectif Paroles.
Durand,Oswald (1896) Rires et Pleurs, Poésies. Klaus Reprint (1970).
Hazaël-Massieux,Marie-Christine (2008) Textes anciens en créole français de la Caraïbe. Histoireet analyse. Paris : Editions Publibook.
Pressoir,Charles-Fernand (1947). Débats sur le créole et le folklore. Afriques grisesou France brunes ? Langue, races, religion et culture populaire. Port-au-Prince :Imprimerie de l’Etat.
Price-Mars,Jean (1928) [1973] Ainsi parla l’oncle. Ottawa : Leméac.
Schieffelin,B. Bambi and Charlier Doucet, Rachelle (1998) The « Real » HaitianCreole. Ideology, Metalinguistics, and Orthographic Choice. In LanguageIdeologies. Practice and Theory. Edited by Bambi B. Schieffelin, Kathryn A.Woolard and Paul V. Kroskrity, pp.285-316. Oxford: Oxford University Press.