Òtograf kreyòl ayisyen

Analiz rezolisyon Akademi kreyòl ayisyen an 

sou òtograf kreyòl la

 

Lemèt Zefi

Pòtoprens, 20.06.2017

 

Lemète Zéphir

Premye koze

Rezolisyon 1ye jen 2017 sou òtograf kreyòl la se premye piblikasyon Akademi kreyòl ayisyen an (AKA) depi  li kreye ofisyèlman an 2013. Dokiman an ki te dwe soti depi an 2015  pibliye an 2017 akòz difikilte konsansis ant majorite akademisyen yo. Nèf dispozisyon rezolisyon an abòde pwoblèm  alfabè, fòm long ak fòm kout sèten mo, apostòf ak tirè, òtograf non moun, non pwòp vil ak non ri,  grafèm “r” ak “w”, aksan grav, senbòl ak lèt lòt sistèm alfabetik, non siy ponktyasyon ki egziste nan òtograf kreyòl ayisyen an. Majorite pwopozisyon AKA sou detay  òtograf yo deja prezan nan pratik redaksyon kreyòl moun ki pi avanse nan domèn nan depi plis pase 20 an.

Rezolisyon an kenbe alfabè òtograf ofisyèl 1980 an jan li ye a : 18 grafèm (pami yo 2 digraf: ch ak ng) ki reprezante 18 son konsòn, 11 lòt grafèm (pami yo 5 digraf) ki reprezante 11 son vwayèl, 3 grafèm (pami yo  digraf ui) ki reprezante 3 demi vwayèl, ak oun, yon trigraf ki ta reprezante yon vwayèl nazal. Rezlisyon AKA a elimine wòl kole mo ak fòm gramè tankou detèminan ki vini apre yo òtograf 1980 an te bay tirè a. Men li ajoute wòl koupe mo nan fen liy ak separe mo nan espresyon dire, entèval ak lis detay. Rezolisyon AKA a anile apostwòf nèt nan sistèm nan kontrèman a òtograf ofisyèl 1980 an ki te kenbe li pou fòm kout pwonon sijè. Òtograf non pwòp, diferans ant wòl “w” ak “r”, ak non diferan siy ponktyayon pa te prezan nan òtograf 1980 an. M ap analize rezolisyon an an kat pwen san antre nan anpil detay.


    1.     Pwoblèm estilistik nan rezoliyon Akademi kreyòl  la

Yon senp lekti jisfikasyon rezolisyon an montre yon seri pwoblèm estilistik ki merite atansyon. Twa sitasyon pi ba yo se yon echantiyon :

“Akademi kreyòl ayisyen an tanmen yon demach patenarya ak ministè edikasyon nasyonal…” (premye liy premye paragraf kontèks la)

“Akademi kreyòl ayisyen an, nan tèt kole ak MENFP… òganize sèt jounen atelye… (premye liy paragraf 4, kontèks)

Pwen II- Konsidrasyon legal yo aliyen yon seri jistifikasyon ki kòmanse ak  paske  epi ki prezante desizyon yo  nan yon lòt fraz ki kòmanse ak “Pou tout rezon sa yo”.

 Premye sitasyon anba pwen 1. pi wo a sèvi ak mo tanmen kòm sinonim kòmanse, lanse. Mo tanmen an antre nan estil familye (sèten lengwis pale de rejis).  Espresyon ant 2 vigil dezyèm sitasyon an ki separe sijè a ak predika a (vèb nan langaj gramè tradisyonèl) se yon entèferans lang franse. “Sèt jounen” atelye a pa natirèl nonplis. Ayisyen ta di: “yon atelye sèt jou”.

M pran sitasyon sa yo kòm egzanp. Nan atik mwen ki rele Analiz Lwa sou Akademi kreyòl la ki poko pibliye, m egzamine divès kalite erè òtografik nan kesyon kole mo, separe mo, mank konesans nan domèn fonoloji kreyòl ak pwoblèm sentaks ki trayi bon entansyon redaktè yo. Atik 34 lwa a kole « kijan » epi atik 32 dekole li : « ki jan ». Atik 11-k kole « bonjan ». Lwa a pibliye nan Moniteur No 65, 7 avril 2014.


    2.     Apwòch preskriptif  ki kreye AKA a prezan nan rezolisyon sou òtograf la

Moun kesyon akademi an enterese kapab li Èske yon akademi se yon kondisyon pou gen pwodiksyon syantifik nan tèl lang ? (ZÉPHYR, 2013) pou yon analiz detaye. Nan atik sa a, m montre tradisyon akademi lang nan menm mare ak prejije ki fè moun kwè akademi la pou deside jan pou moun pale sou fòm preskripsyon. 2 sitasyon pi ba yo m pran nan premye rezolisyon sa a montre prejije sa a prezan nan lespri akademisyen ayisyen yo.

Dispozisyon 3.1. : “Lè mo ‘mwen, ou, li, nou, yo’ parèt sou fòm kout (…), nou pa dwe kole yo ni ak mo ki vini avan yo an ni ak mo ki vini apre yo a.”

Dispozisyon 6.1. : “Devan vwayèl won (…) se “w” pou n itilize.

Espresyon “nou pa dwe” nan dispozisyon 3.1 an ak “se ‘w’ pou n ilize” nan dispozisyon 6.1 an pase moun ki ap ekri kreyòl yo lòd olye yo vini ak agiman osinon ak demonstrasyon syantifik pou kore pwopozisyon yo. Yo itilize metòd otorite ansyen tan kòm si otorite Leta te gen pouvwa chanje mòd pale nòmal yon popilasyon. Sa fè nou sonje preskripsyon dènye ansyen Petit Dictionnaire Larousse : “Dites vs. Ne dites pas”.


    3.     Feblès lojik : yon konsepsyon  lokal sou yon pwoblèm global

Dispozisyon # 4 ak 5 rezolisyon AKA a trete non pwòp kreyòl an 2 pwen kòm si te gen yon diferans ant non moun, non vil ak non ri. Non pwòp se yon fenomèn jeneral nan kad yon òtograf fonolojik ki chita sou prensip reprezantasyon fonèm, sa vle di, ki sèvi ak senbòl pou reprezante son ki kapab fè diferans ant sans yon pè mo tankou nan /tata/ ak /dada/, /papa/ ak baba/, /gaga/ ak /kaka/… kote opozisyon ant /t/ ak /d/, ant /p/ ak /b/, ant /g/ ak /k/… lakòz prezans oubyen absans youn nan son sa yo nan chak mo ki fòme pè chanje sans yo. (Gade Dejan 1985, 1998 sou sa.)

AKA mande pou yo ekri non moun jan yo ekri nan dokiman legal ak administratif  yo dabò epi pou yo ekri fòm kreyòl la ant parantèz. Apwòch la bliye gen twa gran gwoup òtograf sou latè ki divize an òtograf alfabetik ki sèvi ak lèt pou reprezante fonèm, òtograf silabik ki sèvi ak senbòl/desen/grafèm pou reprezante silab tankou an japonè, òtograf ideyografik ki sèvi ak desen yo rele ideyogram tou pou reprezante lide tankou nan lang chinwa. Menm nan gwoup alfabetik la senbòl divès òtograf yo pa egzatman menm. Preskripsyon AKA a inyore done pratik sa a. Nan òtograf fonolojik, yo reprezante tout mo etranje dapre sistèm pwononsyasyon majorite manm kominote lengwistik ki akeyi yo kèlkeswa kote mo yo soti, kit se mo òdinè, kit se non pwòp, paske se ak menm fonèm yo popilasyon an sèvi lè y ap pwononse nenpòt ki mo. Diferans ant non pwòp an jeneral ak mo òdinè parèt sèlman nan opozisyon ant majiskil ak miniskil. Kouman pou yo ekri non pwòp Jwif, Arab, chinwa, japonè, nan lang original dokiman legal oubyen administratif yo nan òtograf alfabetik  kreyòl ayisyen ki sèvi ak alfabè laten ?

    4.     Feblès teyorik nan domèn fonoloji

Rezolisyon AKA a konsakre  erè ki te deja nan òtograf ofisyèl 1980 an lè li mete ng ak oun nan alfabè dispozisyon 1 an prezante a. ng fè pati sa yo rele yon son kontèks kreye nan fen yon seri mo apre yon vwayèl nazal men ki pa parèt nan okenn lòt kontèks. Egzanp : yo di langue /lɑ̃g/ an franse, men  /lɑ̃ŋ/ an kreyòl paske apre yon vwayèl nazal, nan fen mo, fonèm /g/ tounen /ŋ/. Sa lakòz menm lè Ayisyen ap pale franse, si nou pa veye bouch nou, n ap di /lɑ̃ŋ/ pou /lɑ̃g/. Men, nou p ap jwenn son /ŋ/ nan okenn lòt kontèks mo ki pa fen mo epi apre vwayèl nazal. Nan ka sa a, espesyalis fonoloji yo di : /ŋ/ an distribisyon konplemantè ak /g/. Sa vle di, se akòz  /g/ pa ka parèt nan fen mo kreyòl apre vwayèl nazal dapre sistèm pwononsyasyon Ayisyen natif natal, ki fè /g/ tounen /ŋ/. Si /ŋ/ te kapab parèt nan kòmansman, nan mitan ak nan fen nenpòt mo kreyòl, tout kote /g/ parèt, yo ta di : /ŋ/ ak /g/ an distribisyon kontrastif. Si se te vre, fòk tou le de ta  reprezante nan sistèm òtograf la paske prezans yo oubyen absans yo nan menm pozisyon nan yon pè mo chanje sans mo yo. (Gade Wiebe, 2002 ; Gardes-Tamine, 1990).

Pwononsyasyon fonèm yo kapab modifye selon kontèks yo twouve yo nan chenn pawòl la, osinon selon mòd pale lokitè tèl zòn espesyal, tèl gwoup sosyal. Òtograf fonolojik la reprezante son estab la ase, fonèm nan, pou yon rezon senp: yon òtograf se yon konpwomi ant de (2) estrèm, reyalite monn lan ak reyalite langaj (Dejean, 1977; Fayol ak Jaffré, 2008). Son yo jwenn nan bouch lokitè yo plis lontan pase fonèm lang nan. Men se fonèm yo ki mèt jwèt la, se yo ki baz sistèm pwononsyasyon an. Piske /ŋ/  pa yon fonèm an kreyòl ayisyen, se kontèks nazal fen mo ki kreye l, moun ki pale kreyòl pa konsyan li egziste, teyorikman, syantifikman palan, sa pa nesesè pou okenn grafèm reprezante li nan yon sistèm òtograf fonolojik.

Kesyon 3 lèt ki ta reprezante yon son ou nazal /ũ/ la pi senp pou yon demonstrasyon rapid : mo  moun /mun/ gen twa fonèm : /m/, /u/, /n/. Lè 2 fonèm rankontre, yo bay yon silab. Pè lèt ou reprezante fonèm /u/, nan moun, Soun, Doun, eks. Ou nazal /ũ/ nou jwenn nan sèten mo kreyòl se rezilta kontèks nazal fonèn /n/ kreye a. Li pa bezwen reprezante nan yon sistèm òtograf fonolojik menm jan ak /ŋ/. Oun /ũn/ pa yon fonèm, se yon silab. Syantifikman, grafèm pa ka reprezante silab nan yon sistèm òtograf alfabetik. Ata Ponpilus [SLND] kenbe menm erè sa a ki nan kominike ofisyèl Edikasyon nasyonal 1980 an.

Dispozisyon # 2 iii. a bay yon esplikasyon semantik/sentaksik  pou fenomèn fonolojik fòm kout “ou” a : “Gen kote “w” pa ka ranplase “ou” paske yo pa renmèt menm sans, yo p ap jwe menm fonksyon.”   Pè egzanp rezolisyon an bay kòm esplikasyon an :

“(14) Se pa w (ki vle di : se pou ou).

(15) Se pa ou (ki vle di : se pou ou menm)”

pa kapab yon rezon pou ta gen enposiblite pwononsyasyon. Tou 2 fraz yo vle di menm bagay.

Se vre gen kote ou p ap janm jwenn fòm kout ou nan fen fraz kreyòl. Pè fraz pi ba yo se yon egzanp klè:

(1) Sa w pran se pa w

(2) *Sa w pran se pou w

Dezyèm fraz la egzije fòm long ou a poutèt ou vini apre yon mo ki fini ak ou apre son /p/ ki bloke pasaj lè a nèt. Se pa yon kesyon sans, se yon kesyon pozisyon ak anviwònman fonolojik. Nenpòt Ayisyen ap di (3-6):

(3) Pran san w pou w pale.

(4) M pale w!

(5) Mouri mouri w!

(6) Fou fou w.

Egzanp natirèl sa yo mande pou nou pouse analiz la pi lwen avan nou fè konklizyon rapid sou pwen espesyal sa a.


Dènye koze

Objektif atik sa a se te egzamine enpòtans pwopozisyon rezolisyon AKA a 37 an apre piblikasyon òtograf ofisyèl la 31 janvye 1980, 3 zan apre piblikasyon lwa ki kreye AKA a. An reyalite, pi gwo kontribisyon rezolisyon an se rekonesans diferans ant “r” ak “w”, eliminasyon apostwòf la, esplikasyon itilite tirè ak non siy ponktyasyon yo ki pa t janm poze pwoblèm. Òtograf kreyòl 1980 an prèske yon òtograf ideyal. Li prèske chita sou relasyon kif kif ant fonèm ak grafèm ki reprezante yo. Vrè pwoblèm ki mande solisyon yo se kesyon lèt ki konbine ak lèt ki reprezante vwayèl a, e, ò, ou pou reprezante nouvo vwayèl (en, an, ou, on), c ki pa egziste pou kont li nan sistèm nan men ki konbine ak h ki egziste nan system nan pou reprezante /∫/ tankou nan chapo, chen, u ki pa egziste pou kont li nan sistèm nan men ki konbine ak i pou reprezante demi vwayèl /ɥ/ nou jwenn nan luil, kuit, zuit...

AKA kòmanse misyon li nan domèn òtograf, domèn ki pi senp nan kesyon lang. Òtograf ofisyèl  1980 an fè pati òtograf ki pi modèn nan monn lan, ki chita sou devlopman lengwistik. Analiz pi wo a montre AKA bite nan premye esè  sa a.

Rezolisyon an se rezilta kolaborasyon ant AKA, Fakilte lengwistik aplike, Ministè edikasyon nasyonal, Sekreteri d Eta pou alfabetizasyon ak yon bann pwofesyonèl kesyon kreyòl enterese. 4 nivo feblès m montre nan devlopman atik la konsène estilistik, sosyolengwistik, lojik, fonoloji. Feblès sa yo se konsekans chwa konsansis kòm metòd desizyon ant 33 akademisyen AKA yo. Si konsansis itil nan rezolisyon konfli, nan desizyon asanble, desizyon syantifik se rezilta analiz done nan kad teyori ak metodoloji valab tout syantifik itilize.

 

Pwofesè Lemèt Zefi

UEH : FLA/ENS

Manm laboratwa Lang, sosyete ak edikasyon (LangSE)

Fakilte lengwistik aplike

  

Bibliyografi

DEJAN, Iv, Ann etidye lang nou an, Edisyon Demen miyò, 1995.

DEJAN, Iv. 1995. Ann aprann òtograf kreyòl la. [SL]. 

DEJEAN, Yves, Comment écrire le créole d’ Haïti ? Thèse de doctorat, Université Indiana, 1977.

FAYOL, Michel; JAFFRÉ, Jean-Pierre. 2008. Orthographier. Presses nationales de France: Paris. Col Apprendre sous la direction de Etiennen Bourgeois et Gaetane Chapelle.

Gardes-Tamine,  Joëlle,  1990,  La  Grammaire  1/Phonologie,  morphologie,  lexicologie,  Paris,  Armand  colin.  (Col.  Cursus)

POMPILUS, Pradel, Manuel d’ initiation à l’ étude du créole, Impressions magiques, s.l.n.d.

Secrétairerie d’État de l’Éducation nationale du Département de l’Éducation nationale. 1980.  Kominike 31 janvye 1980 sou òtograf ofisyèl lang kreyòl la. Pòtoprens.

ZÉPHYR, Lemète. 2013. Èske yon akademi se yon kondisyon pou gen pwodiksyon syantifik nan tèl lang? nan Renauld Govain (dir), Akademi  Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni?, Port-au-Prince, Les Éditions de l’Université d’État d’Haïti, p.107-130.

WIEBE, Bruce. 2002. Discovering Phonology. Canada Institute of Linguistics.