Gwo chantye sou tradiksyon kreyòl

GWO CHANTYE SOU KESYON TRADIKSYON

NAN LANG KREYÒL AYISYEN

  

Anba plim Robert Berrouët-Oriol

Lengwis-tèminolog

Montréal, 18 janvye 2015

 

Tradiksyon kreyòl : anba plim Claude Berrouët, lengwis

Ottawa, 18 février 2015

 

Tradiksyon nan lang kreyòl ayisyen an ta vle sanble deplasman yon sòlda k ap kouri pye atè sou yon teren chaje ak eksplozif, k ap degaje li fè sa li kapab. Si gen anpil moun bileng, ki konnen franse ak kreyòl, ki ta vle fè ou konprann ou pa ka fè « erè » nan ekriti kreyòl, menm jan an ou pa ka rete konsa pou di ou kapab tradui nan lang kreyòl paske lang kreyòl se pa ou li ye. Eske li posib jounen jodi a pou nou rive idantifye eleman esansyèl pou sèvis tradiksyon nan peyi dAyiti ? Ki karakteristik jeneral yon tradiktè ki ap travay sou yon baz pwofesyonèl ? Nou tradui soti nan ki lang al nan ki lang anjeneral ? Èske genyen, nan peyi dAyiti, yon enstitisyon ki bay yon fòmasyon dirèk nan tradiksyon ? Nan dokiman sa a n ap chèche wè dapre premye gwo travay ki fèt nan domèn tradiksyon an si n ap kapab reponn kesyon nou sot poze la yo. N ap chèche idantifye tou enpi analize kèk pwoblèm ki poze nan zafè tradiksyon. Apre sa, n a bay kèk lide pou devlopman yon fòmasyon akademik ak pwofesyonèl.

1. An nou gade nan ki kontèks aktivite tradiksyon ap fèt

Tradiksyon defason jeneral, oswa tradiksyon teknik ak syantifik an kreyòl ayisyen ap soufri paske manke fòmasyon nan domèn nan parapò ak enstitisyon nou yo. Pwoblèm tradiksyon soti nan yon lang (L1) (franse) al nan yon lòt lang (L2) (kreyòl ayisyen) klè nan egzanp sa a nou jwenn nan yon anons pou yon ekspozisyon ki te fèt nan Monreyal : « Ayiti en scène – samedi 10 janvier. Conférences, kiosques et diverses activités sont prévues. Participez au vernissage de Casque noir / Kas nwa ki fèt an Ayiti, réalisée par des jeunes créateurs haïtiens et québécois de 12 à 18 ans, dans le cadre d’un vaste projet pédagogique et artistique de mutations urbaines.1»  Jan anons la fèt la se pa sèlman yon kesyon sou òganizasyon entèn pwodiksyon an (tradiksyon elèv ki nan lekòl segondè fè oswa ki se travay tradiktè pwofesyonèl): n ap analize tradiksyon ki fèt la enpi ki pibliye casque noir / *kas nwa ki fèt ann Ayiti,  parapò ak kontèks jeneral tradiksyon nan Kebèk ak nan peyi dAyiti.

1.1. Si n ap gade Kebèk, aktivite tradiksyon nan direksyon lang franse, depi karant lane ki sot pase yo, se yon aktivite ki estriktire anpil soti nan fòmasyon inivèsitè espesyalize nan twa nivo yo rive jis nan estaj pratik nan biznis yo ak nan asosyasyon pwofesyonèl yo. Se konsa, Ordre des traducteurs, terminologues et interprètes agréés du Québec (OTTIAQ), ki gen 2000 manm, genyen kòm misyon pou li wè si tout manm li yo gen konpetans ak eksperyans pwofesyonèl nesesè nan domèn tradiksyon, tèminoloji ak entèpretasyon2. Konpetans ak eksperyans pwofesyonèl se nannan sistèm fòmasyon inivèsitè pou ki fè tradiksyon se yon metye ki mande rekonesans, kapasite pou fè travay tradiksyon an. Tradiktè yo travay men nan men ak tèminològ enpi rezilta travay yo parèt sou fòm leksik, vokabilè, glosè oubyen ankò nan yon bank done tèminolojik. Twa pi gwo bank done tèminolojik nan peyi Kanada se Termium Plus (bank tèminolojik gouvènman Kanada), GDT (gwo diksyonè tèminolojik Office québécois de la langue française) ak Juriterm (bank tèminolojik sou Common Law, yon sistèm dwa komen, sa vle di règ jeneral ou kapab mete an pratik nan tout sikonstans, Inivèsite Monktonn). Twa gwo bank sa yo, ou kapab konsilte yo jan ou vle, yo gratis, depi ou konn sèvi ak òdinatè.

1.2. Nan peyi dAyiti, aktivite tradiksyon ki fèt nan direksyon lang kreyòl pran tout kalite fòm enpi yo pa konnen l byen. Premye tradiksyon oral (ojis se plis entèpretasyon) mande nou al chèche byen lwen ditan kolonizasyon peyi Lafrans enpi petèt yo te chita anpil, sitou apre 1804, sou zafè komès ak machin endistriyèl yo te jwenn nan gran plantasyon yo te remete sou pye. Achiv nasyonal pa te gen anpil dokiman anvan yo te vin modènize l. Se sa ki eksplike ou pa jwenn tras okenn aktivite tradiksyon ki te fèt. Anjeneral jiskapeprè lane 1987, tradiksyon nan lang kreyòl te rete yon zafè pèsonèl otodikdat. Se kèk tradiktè jeneralis, ki poko te fòme yon asosyasyon pwofesyonèl, men ki te vrèman jete baz tradiksyon kreyòl, san okenn diplòm kèlkonk, yo te fè jefò pou yo te ka jwenn mo ekivalan oswa nan lang franse, osinon nan lang kreyòl.   Se pou sa, ofiyamezi, yo te tradui nan lang kreyòl divès kalite tèks (menm fab La Fontaine yo) toudabò nan òtograf etimolojik franse, enpi apre nan òtograf ofisyèl kreyòl la. Poutèt nou pa gen dokiman nou kapab konsilte, li prèske enposib jounen jodi a pou nou mezire nan ki degre vreman aktivite tradiksyon te fèt soti nan lang angle ak lang espayòl rive nan lang kreyòl ak lang franse, patikilyèman depi 1987. Menm si yo sètifye nou anpil anbasad ak plizyè ajans koperasyon peyi etranje pase anpil kòmand tradiksyon regilyèman nan lang kreyòl ak nan lang franse, piske pa gen okenn dokiman nou kapab konsilte, li vin difisil anpil pou nou ta fè yon evalyasyon metodik sou aktivite tradiksyon an. Dapre sa m konnen, domèn tradiksyon nan peyi dAyiti pa gen okenn ekivalan tankou « Kolèj nasyonal enjenyè ak achitèk ayisyen »; poutan depi karant lane ONG fin pran peyi a gen yon bon valè tradiksyon (nou pa konnen ki kantite egzakteman) ki fèt soti nan angle ak franse rive nan kreyòl. Yo neglije travay tradiksyon anpil nan fòmasyon inivèsitè ak pwofesyonèl.

Se konsa Inivèsite Kiskeya ofri depi 15 lane « Lang ak entèpretasyon », nan yon pwogram kout ki bay yon sètifika nan kad pwogram Fakilte syans ledikasyon. Li ofri tou yon lòt pwogram kout   « Fransè ak kreyòl » (sic), men kontni pwogram sa yo ki planifye pou 14, 15, 16, 17 ak 18 janvye 2015, pa disponib sou sit3 entènèt inivèsite a. Poutèt kontni ki nan « Kou sou entènèt » sa yo ak pwogram Fakilte syans ledikasyon pa te disponib sou entènèt, li yon ti jan difisil pou nou apresye ki konesans ki transmèt, menm jan tou li enposib pou nou konnen ki valè etidyan ki resevwa diplòm nan pwogram sa yo depi 15 lane enpi ki debouche yo jwenn nan domèn tradiksyon pwofesyonèl.

Nan nivo fòmasyon Inivèsite, nou kapab di san patipri se yon echèl enstitisyonèl nan Fakilte lenguistik applike Inivèsite Leta Ayiti (FLA). Nan premye nivo a, enstitisyon sa a gen yon pousantaj trè ba etidyan ki resewa diplòm. Selon enfòmasyon nou genyen, pandan kat lane ki sot pase la a, apeprè karant etidyan resevwa diplòm yo apre yo fin prezante memwa sòti yo. Sant lenguistik aplike (ki te fonde nan 1978) ki te vin tounen Fakilte lenguistik aplike (FLA) pa gen, pa te janm mete anplas, pendan kat lane ki sot pase yo, yon bon pwogram tradiksyon, ak tèminoloji, redaksyon syantifik ak teknik bileng. Sa nou te konstate souplas sèke enstitisyon sa a4, tankou 2 lòt fakilte Inivèsite leta Ayiti yo, pa bay peyi a ankenn pwofesyonèl lang tankou didaktisyen. Pi lwen toujou, li pa fòme pwofesyonèl nan domèn tradiksyon tèmiloji, oswa redaksyon teknik ak syantifik peyi dAyiti bezwen toutbon. Pou renome ak byenfonde enstitisyon sa a nan domèn lang, li ta merite yon bon pase men ladan li, piske apre kat lane yon ansèyman jeneral nan premye nivo, etidyan FLA pa soti ak yon diplòm espesyalize. Yo pa ni lenguis, ni tradiktè, ni tèminolog, ni redaktè teknik ak syantifik. Nan yon anbyans konsa, li fasil pou yon moun konstate FLA pa pibliye anpil liv syantifik tankou diksyonè, Leksik, oswa yon lis patikilye sou bank done franse-kreyòl. Pou nou fini, nou dwe konstate metye tradiktè a antan yon metye ou aprann nan inivèsite ak nan pratik ou fè nan enstitisyon poko egziste nan FLA tankou nan lòt rezo inivèsite ayisyen sektè prive a.

2. Pou yon modèl tradiksyon nan lang kreyòl

Kisa yon moun ka di lè l ap gade sèvis tradiksyon nan peyi dAyiti ? Apa kèk grenn tradiktè pwofesyonèl ki te etidye nan peyi Etazini, tradiksyon ann Ayiti pa fèt sou yon baz syantifik nan lang kreyòl, ki se lang vize a; depi nan kòmansman se dezoutwa grenn moun san fòmasyon patikilye nan yon mache tradiksyon ki pa estriktire ditou. Si n ap gade anjeneral tradiksyon nan lang kreyòl la  pandan XXè syèk la se te yon tradiksyon ki pa te espesyalize, se te moun ki te enterese nan zafè kreyòl ki te eseye fè tradiksyon; pi fò ladan yo te travay sou tradiksyon Labib. Tradiksyon syantifik te koumanse lontan apre vè lane 1980 enpi li te kontinye apre lè anpil ONG koumanse anvayi peyi a. Sa vin kreye yon demand pou tradiksyon ki ede mete anplas yon mache tradiksyon pou lang vize yo, franse ak kreyòl. Konsa, aktyèlman, sou 561 ONG5 ki pote èd imanitè, Leta ayisyen kalkile gen 300 ONG k ap travay nan sektè sante a. Twaka enstitisyon sa yo se enstitisyon entènasyonal oswa enstitisyon ki depann sou entènasyonal; se yo menm k ap bay travay nan domèn tradiksyon an paske kliyantèl y ap sèvi a, kliyantèl y ap bay swen an se yon kliyantèl kreyolofòn.

Rapò ki genyen ant òtograf kreyòl ak tradiksyon se yon rapò fonksyonèl ki egziste lontan anvan pwosesis tradiksyon an. Se poutèt zafè preche levanjil, bezwen konvèti ayisyen ki pouse yon pastè pwotestan peyi Iland, vè lane 1940 yo, yo rele Ormonde McConnell ak yon edikatè ameriken, Frank Laubach, ki espesyalize nan kesyon alfabetizasyon, yo devlope yon òtograf kreyòl ayisyen selon alfabè fonetik entènasyonal la (yo rele li API). Nou pa rive jwenn ankenn tèks ki ekri nan lang kreyòl selon alfabè sila a. Yon lòt bò, plizyè tradiksyon nou jwenn nan dokiman ekri se te pè katolik ak pastè pwotestan ki te vle mete Labib nan lang kreyòl pou tout fidèl yo depi nan lane 1927. Gen lòt travay nan tradiksyon ki pi ansyen toujou. Sou kesyon sa a, n ap jwenn lenguis Marie-Christine Hazaël-Massieux, ki te fè yon etid li rele « La traduction de la Bible en créole haïtien : problèmes linguistiques, littéraires et culturels6  ». Nan etid sa a li di nou, nan 19è syèk, tradiksyon « La parabole de l’enfant prodigue » (parabòl ti gason ki te kite kay papa li epi ki te tounen apre) te fèt nan plizyè vèsyon (kreyòl ayisyen vè 1818, vè  1830 ?). Ronald Charles li menm, ki te ekri « Préjugés linguistiques dans différentes traductions bibliques en créole haïtien7  » enpi ki ap prepare yon doktora nan etid Labib, nan Inivèsite Towonto, ba nou yon seri dat kwonolojik enteresan sou zafè travay tradiksyon Labib nan lang kreyòl ayisyen. Men seri dat yo m ap prezante nou pou mwen kapab fè konprann enpòtans demach ki fèt nan premye gwo travay tradiksyon nan lang kreyòl ann Ayiti, travay sou Labib :

 

« 1927 : Premye tradiksyon kreyòl nètale yon liv Labib se: Elie Marc, Évangile à notre Seigneur Jésus-Christ selon Saint Jean. Li enteresan pou nou konstate tradiksyon sa a nan fason misye ranje fraz yo eseye vanse pi pre jan moun nan Nò pale; misye evite yon gwo fopa nan fason li tradui femme nan kreyòl ayisyen.

1939 : Alyans Ayisyen nan New York te ekri pou sosyete Labib ameriken pou l te di yo gen ijans pou tradui Labib nan kreyòl ayisyen.

1944 : Sosyete Labib ameriken pibliye levanjil selon sen Lik; pita yo va pibliye lòt liv Nouvo testaman.

1951 : Sosyete Labib ayisyen pibliye premye tradiksyon tout nouvo testaman an nan kreyòl avèk sòm yo. Tèks la chaje ak tout kalite entèferans men entèferans mòfo-fonolojik (konbinezon fòm ak son lang kreyòl la) sa yo fè resòti prejije lenguistik enteresan.

1960 : Sosyete Labib ameriken pibliye edisyon nouvo testaman pa li ak sòm yo nan kreyòl. Vèsyon sa a se yon tradiksyon mo pou mo enpi li gen anpil twou sou kesyon leksik, sentaks ak mòfo-fonolojik. Se yon vye imitasyon franse mo pou mo, ki chita sou Labib Louis Segond (1958);

1960 : Jean Parisot, yon pè Katolik, te pibliye L’Evangile chaque dimanche. Parisot te eksplike sa li te vle fè : « tradui pawòl Bondye a tou senpleman nan vèsyon orijinal, nan bon kreyòl pale ki koule tankou dlo, yon kreyòl ki vivan pou fidèl ki nan mòn yo ka konprann (Se Parisot ki di pawòl li);

1962 : piblikasyon Evanjil dimanche ac Fêtt (Yves ak Paul Dejean). Sa yo di pou koumanse se te « abiye pawòl Bondye a ak bon jan kreyòl » Entwodiksyon an te ekri nan lang franse. Chwa de frè yo se te jwenn yon fason tout moun kapab konprann.

1966 : Piblikasyon 4 ti liv levanjil yo (Yves ak Paul Dejean)

1974 : Pè Frantz Colimon Pibliye Nouvo Testaman ak Sòm yo. Men pa gen anpil lide nou kapab jwenn sou prezantasyon achevèk Pòtoprens, F. W. Ligonde, te fè sou vèsyon sa a. Pè Colimon, otè a, pa di nou ki metòd tradiksyon li te swiv ni ki objektif li te vle atenn ak tradiksyon sa a.

1975 : Piblikasyon Bòn Nouvèl pou tout moun. Se yon vèsyon ki ekri selon apwòch « ekivalans dinamik » la 8.

1985 : Premye piblikasyon tradiksyon tout Labib la nèt an kreyòl ayisyen. Bib la, paròl Bondié an Ayisyen se yon travay yon ekip ki te rasanble moun ki p a te panse menm jan (ekimenik) menm si pwotestan te sanble gen plis enfliyans. Sa ki fè fòs vèsyon sa a sè ke li chèche rann yon fason natirèl ak modèn sa ki te di nan tan lontan. Revizyon ki te fèt nan lane 2000 se yon adaptasyon tradiksyon Bib la nan nouvo òtograf òfisyèl 1980 an.

1996 : Piblikasyon Bib kreyòl la. Tradiksyon Kèk liv nouvo testaman ki te fèt sou sipèvizyon Bibles International, yon sosyete Labib anba Baptist Mid-Missions.»


2.1. Metòd pou fè tradiksyon  

Linguis Marie-Christine Hazaël-Massieux, nan yon etid li te fè « La traduction de la Bible en créole haïtien : problèmes linguistiques, littéraires et culturels », pwopoze yon apwòch pou eksplike kouman yo fè tradiksyon. Men sa li te pwopoze :

2.1.1. « Mete mo franse nan kreyòl (transpozisyon pou kreye yon mo [kreyòl]. Konsa ou aplike  senpleman règ fonolojik - ou ekri li tou senpleman parapò ak mo franse a9.

Apôtres : zapòt

Disciples : disip

Pharisiens : farizyen

 

2.1.2. Tradiksyon mo pou mo [sa yo rele kalk la]. Ou tou senpleman ekri nan kreyòl sa yo di nan lang sous la tankou « chien chaud » pou hot dog :

Ils étaient à couteaux tirés : yo te a kouto tire = olye pou yo ta di : yo te lenmi oswa yo pa t zanmi menm.

2.1.3. Yon gwoup mo pou eksplike yon mo [Perifraz : nou ranplase yon mo avèk plizyè mo ki bay sans mo a] :

Jour des azymes : jou fèt pen san leven an  

Pâques : fèt delivrans (fèt ki selebre lè ebre yo ap kite peyi Ejip)

Résurrection : lè mò yo va gen pou leve 

Païen : moun ki pa jwif

Boucliers : plak fè pwotèj

Les justes : moun k ap mache dwat devan Bondye

 

2.1.4. Adaptasyon selon sitiyasyon an (kilti lokal) :

Holocauste : boule, sakrifis nan san

Lentilles (de Jacob) : pwa wouj, sòs pwa wouj

Deniers : goud = gourdes (lajan peyi dAyiti) ».

 

2.2. Diskisyon ak analiz 

Lane 1987 se sètènman yon gwo dat nan listwa tradiksyon nan peyi dAyiti etandone se nan mwa mas lane 1987 Ayisyen vote nan yon referandòm konstitisyon 1987 la ki rekonèt kreyòl tou kòm lang ofisyèl peyi a. Se vre, apre 1986, dat dechoukay gouvènman anplas la, tout moun t ap tann pou yo te kapab « pale san baboukèt ».  Konsa, li fè sans pou kreyòl, ki vin gen lejitimite nan lane 1987 kòm lang ofisyèl, egzèse yon gwo enfliyans sou devlopman enstitisyonèl lang kreyòl la ak sou aspè jeneral domèn tradiksyon an ann Ayiti. Yon sondaj sosyolenguistik  ta  kapab fè nou wè pi klè, fè yon tablo estastitik enpi fè nou wè ki gwo travay ki te fèt soti nan 1987 jiska jounen jodi a.

Pi bon egzanp nou chwazi nan koumansman etid sa a, se fraz Casque noir / *kas nwa ki fet an Ayiti, ki gen ladann fòm kreyòl yon mo franse (« kas nwa ») ki plase nan yon perifraz « * ki fet an Ayiti »). Nan tradiksyon fraz sa a, ekivalans * kas nwa  ki fet an Ayiti pa koresponn (*) pou plizyè rezon piske nou pa kapab valide chak sèm (pi piti eleman nan fraz ki gen yon sans) kòm yon ekivalan ininosyonèl (ki pote sou yon sèl nosyon) yon mo. Si se vre nou ka jwenn kas nwa, jòn, wouj nan divès domèn aktivite, sitou sou chantye konstriksyon, nan kontèks pa li « casque noir » nan anons la se non yon pwojè yo rele konsa nan franse enpi se yon pakèt jenn nan Monreyal k ap travay sou pwojè a. Ekivalan kreyòl yo bay la « kas nwa » pa vle di anyen nan reyalite sosyolojik konkrè kreyolofòn ayisyen an; mo « Kas » la se pa yon mo yo di oubyen tande toutan nan bouch ayisyen k ap pale. Poutan, lè nou gade byen, nou jwenn sòlda ansyen lame okipasyon andedan peyi a(Forces armées d’Haïti) te konn mete kas. Nan konvèsasyon yo, yo te deja konnen « casque » t ap tounen « kas ». Menm jan tou, manm divès gwoup represif Polis nasyonal Ayiti (CIMO, ekip SWAT, elatriye) gen kas espesyal pou manifestasyon vyolan, sa ki vle di mo « kas » la antre nan vokabilè ajan lapolis yo menm jan yo sèvi avèk li sou chantye konstriksyon. Ajan lapolis ki kreyolofòn ap di alòs « kas polisye a », travayè sou chantye yo ap di  « kas sekirite a ». Ekspresyon « kas sekirite a » sanble li mache ak sistèm lang nan kote nou jwenn yon [non + adjektif + yon detèminan], tankou ekspresyon « rad wouj la ». Ekspresyon « kas polisye a » sanble fòme ak 2 non ansanm [non + non + detèminan].

Metòd tradiksyon ki sèvi ak perifraz kòm ekivalan yon mo se yon metòd anpil tradiktè sèvi avèk li si ou ap gade sa lenguis Marie-Christine Hazaël-Massieux di sou kesyon an (retounen gade egzanp paragraf 2.1.3). Sa se yon fason fasil, nou dakò, men li fè nou wè yon bezwen enpòtan : manke vokabilè pou nou di sa nou ta renmen di, pou nou bay reyalite a jan nou wè l la oubyen ankò pou pale sou yon bagay ki nouvo, yon lòt kilti, nan kreyòl lakay. Nou p ap defann kesyon vokabilè ki pa devlope nan lang kreyòl oswa kreyòl ki pa gen kapasite pou li rann yon seri reyalite jan kèk obsèvatè ta vle fè nou kwè. Lè yon reyalite, yon sitiyasyon pa egziste nan yon sosyete, li p ap chèche mo pou li eksplike reyalite a. Enben, nan lane 1927, lè yo tradui tout Labib la nètale nan kreyòl ayisyen, pa te gen òdinatè lè sa a; kreyòl pa te enterese jwenn yon mo pou li bay zouti a. Konsa tou, lè òdinatè pou biwo ak òdinatè pòtatif koumanse antre nan peyi a, pou nou fè tradiksyon nou koumanse ap prete mo, fè adaptasyon, pou nou bay òdinatè a yon non, biwo kote li ye a yon non, tout pyès nou jwenn andedan aparèy la. Se prèske tout vokabilè ki mache ak òdinatè nou koumanse ap devlope soti nan lang sous la L1 (franse, angle, panyòl) rive nan lang vize a L2 ki se kreyòl aysisyen. Se konsa kreyolofòn nan va di  « konpyoutè oswa konpitè », « sibèkafe » oswa « kafe entènèt », yon seri ekspresyon ki pa te egziste anvan òdinatè rive nan peyi dAyiti. Tankou tout lang natirèl, kreyòl se yon lang ki ouvè ki kapab jwenn andedan sistèm pa li a fason pou li pale sou yon reyalite ki nouvo. Nou sonje ki jan ekspresyon « chouk (bwa) » vin bay nan derivasyon « dechouke », « dechoukay », « dechoukè », « dechoukèz ». Pandan nou fin di sa la a, nou kapab gade kounye a kèk difikilte nou jwenn nan tradiksyon gras ak kèk egzanp nou rale nan yon seri eleman nouvo.

Nan yon éditoryal piblikasyon Haïti perspectives prentan 2013 nan Monreyal, « L’ISTEAH : faire de la science et de la technologie les moteurs du développement d’Haïti10  » yo tradui nan kreyòl sou tit « ISTEAH : fè lasyans ak teknoloji tounen motè devlopman Ayiti », m jwenn  plizyè difikilte nan tradiksyon li enpòtan pou m fè moun wè. Nan pati franse-kreyòl nou pran  nan editoryal la enpi nou prezante pi ba a, n ap konstate tradiktè pa te gen pwoblèm pou li tradui eleman tèminolojik11 premye nivo yo tankou « théorie classique » = « teyori klasik », « libéralisme économique » = « liberalis ekonomik », ekspresyon kreyòl moun ki pale franse ak kreyòl (de lang) moun ki pase lekòl ap konprann san pwoblèm etandone metòd tradiksyon ki sèvi ak kreyolizasyon mo franse yo se pou moun sa yo yo ekri. Difikilte koumanse parèt lè pou tradiktè mete nan kreyòl eleman tèminolojik tankou « allocations budgétaires » ki se yon nouvo konsèp oubyen ki chita sou yon reyalite pi abstrè, pi entelektyèl, ou pa jwenn nan ankenn diksyonè kreyòl. Lè sa a tradiktè sèvi avèk Kalk, tradiksyon mo pou mo. Li sèvi ankò avèk fason fasil la pou anpil tradiktè, perifraz. Lè nou mete fasafas pati nou retire nan editoryal la, vèsyon franse ak vèsyon kreyòl la, nou wè degre difilkite tradiksyon an poze lè n ap gade mezi mo nou prete nan lòt lang ak perifraz. Analiz m pwoipoze nou la a li akseptab pou tout tradiksyon kreyòl nou jwenn nan piblikasyon Haïti perspectives.


« RENFORCER LES CAPACITÉS DES UNIVERSITÉS HAÏTIENNES

 

L’enseignement universitaire se distingue des autres niveaux du système éducatif par l’obligation de produire des connaissances

nouvelles. C’est cela sa mission première. Une université où l’on se contenterait de retransmettre un certain savoir sans lui ajouter de la valeur ne jouerait pas pleinement son rôle. De fait, là où il ne se fait pas de recherche, le caractère universitaire de l’enseignement est souvent remis en cause. Or, force est de constater qu’il existe aujourd’hui très peu de programmes de recherche établis dans les établissements universitaires haïtiens. Les allocations budgétaires pour la recherche sont quasi inexistantes dans les universités publiques et la situation n’est pas très différente dans les universités privées, pratiquement pour les mêmes raisons : allocation budgétaire inexistante ou insuffisante, mission de l’université insuffisamment définie, manque d’articulation avec les milieux socioéconomiques. Cela dit, certaines activités de recherche se réalisent néanmoins de façon sporadique sous forme d’études, de recherche appliquée ou de recherche-action financéespour la plupart par des organismes internationaux.

 

RANFÒSE KAPASITE INIVÈSITE AYITI YO

 

Ansèyman nan nivo inivèsite pa menm ak ansèyman nan lòt nivo sistèm edikasyon an, paske nan nivo inivèsitè a, fòk genyen kreyasyon nouvo konesans. Se sa ki premye misyon inivèsite yo. Yon inivèsite, ki kontante li senpman pou bay konesans san li pa mete nouvote ladan, pa pe vrèman jwe wòl li san pou san. Alaverite, kote ki pa genyen rechèch ki ap fèt, moun ka toujou poze anpil kesyon sou karaktè inivèsitè ansèyman an. Poutan, reyalite a montre nou, jounen jodi a, pwogram ki genyen rechèch ladan yo anndan enstitisyon inivèsitè Ayiti yo piti anpil. Pa gen lajan ki disponib pou fè travay rechèch nan inivèsite piblik Ayiti yo. Se menm sitiyasyon an ki ekziste nan inivèsite prive yo, pou pratikman menm rezon yo : pa genyen lajan disponib pou fè rechèch, oubyen lajan ki genyen an pa ase, misyon inivèsite a pa byen defini, epi pa genyen lyen ant inivèsite yo ak anviwònman sosyo-ekonomik yo. Alaverite, nou dwe di genyen kèk aktivite rechèch ki fèt raman, sou fòm etid, rechèch aplike oubyen rechèchaksyon. Se òganizasyon entènasyonal yo ki plis finanse yo. »


Si nou egzamine byen vèsyon kreyòl piblikasyon Haïti perspectives la, lektè ap reyalize touswit nivo lang tèks la, yon fòm ekri ki raple adaptasyon mo pou mo, san ou pa jwenn relasyon konsèp oswa nosyon ant mo franse yo ak mo kreyòl yo, san nou pa bliye zafè tradiksyon  ak perifraz. Fò nou konprann perifraz pa ba nou relasyon nosyon oswa konsèp ki ta dwe egziste ant L1 ak L2. Kididonk, chak tradiktè ta gen dwa pwopoze perifraz pa li pou li eksplike yon nosyon nan lang vize a, ki se kreyòl, sa ki pa t ap pèmèt nou janm jwenn sans (semantik) veritab nosyon an pou koumanse. Se konsa « caractère universitaire de l’enseignement » ki vin bay « karaktè inivèsitè ansèyman an » pèdi tout sans li. Sou kesyon semantik la, tradiksyon sa a egal zewo. « Semantik zewo » a vle di mo oswa ekspresyon pèdi tout sans li lè li soti nan lang sous la (L1) pou li rive nan lang ki vize a (L2). Se yon feblès nou jwenn kay tout tradiktè dyaspora ak ann Ayiti. Sa vle di ekspresyon konplèks « karaktè inivèsitè ansèyman an » pa vle di anyen an kreyòl; se pa mete mo kreyòl youn akote lòt ki yon ti jan gen menm son an (fonetik) ak son lang franse k ap pèmèt nou konstwi sans oswa jwenn yon eleman tèminolojik ki pote sou yon sèl nosyon. Prèske tout tradiksyon ki nan piblikasyon Haïti perspectives toupre « semantik zero » a; pati nou sot analize avèk nou la montre sa byen. Nou dwe konprann lè n ap tradui soti nan yon lang rive nan yon lòt, n ap tradui nan yon nivo lang ale nan yon lòt nivo lang, san nou pa bliye tradiksyon an nan on kontèks detèmine (kontèks kote ou pa gen ankenn zouti travay tankou diksyonè oswa bank ransèyman  tèminolojik franse-kreyòl).


Ak « semantik zewo », nou kanpe lwen oswa nou pèdi veritab sans mo a soti nan lang sous la rive nan lang ki vize a. Annou pran egzanp « allocation budgétaire inexistante ou insuffisante » ki nan domèn kontabilite, li  pèdi tout sans li nan tradiksyon yo bay « pa genyen lajan disponib pou fè rechèch, oubyen lajan ki genyen an pa ase ». Ekspresyon « lajan disponib » pa yon ekspresyon senp enpi se pa yon bon tradiksyon pou nosyon kontabilite « allocation budgétaire »; kreyolizasyon ekspresyon an ki ta bay « alokasyon bidjè » ta fè sans sou plan lenguistik. Annou gade kounye a pati fraz ki di « certaines activités de recherche se réalisent néanmoins de façon sporadique ». Mo « sporadique » la vle di ki pa « regilye, ki fèt detanzantan ». Tradiksyon yo fè a vle di pito lekontrè « genyen kèk aktivite rechèch ki fèt raman », raman vle di ki fèt yon fwa konsa. Sans la pa menm piske « sporadique » vle di detanzantan. Yon lòt pwen ankò, « semantik zewo » nou wè li ankò nan pati fraz sa a : « mission de l’université insuffisamment définie, manque d’articulation avec les milieux socioéconomiques » = « misyon inivèsite a pa byen defini, epi pa genyen lyen ant inivèsite yo ak anviwònman sosyo-ekonomik yo ». Ekspresyon « manque d’articulation » endike yon mankman nan « rapò divès eleman yo », li pa vle di ditou « rapò pa egziste » tankou fraz  « pa genyen lyen »   ta vle fè nou konprann.


3. Pou fini

3.1. Analiz difikilte nou idantifye nan divès dokiman ak nan piblikasyon Haïti perspectives ankouraje m fè yon pwopozisyon jeneral, sou kesyon metodoloji, pou tout moun ki angaje nan tradiksyon nan kreyòl ayisyen. Mwen pwopoze pou nou pa sèvi ak metòd tradiksyon ki itilize perifraz (yon fraz ki eksplike yon mo) men pou tradiktè yo itilize pito metòd « kreyolizasyon » mo oswa ekspresyon y ap tradui a. Egzanp: « ordinateur » yo tradui « machin ki pèmèt nou fè tretman tèks », si nou kreyolize mo « ordinateur », l ap ba nou tousenpleman « òdinatè » san nou pa bezwen fè yon perifraz. Kreyolizasyon mo nou vle tradui a gen avantaj pou li ba nou yon ekivalan san nou pa bezwen fè perifraz. Se sitou lè n ap prete mo nan yon lòt lang metòd kreyolizasyon ap itil anpil. Lenguistik istorik ba nou anpil egzanp kote lang natirèl yo, tankou kreyòl, prete anpil mo nan lòt lang. Yo prete, yo devlope yon fason pou yo prete, enpitou nenpòt ki lang kapab yon jou, selon sitiyasyon an, selon kilti a, prete mo nan rezèv « bazilektal » li (lang yon klas defavorize yon kominote lenguistik pale) ou « mezolektal » li (ou prete andedan lang nan) tankou lang nan gen dwa al prete nan yon lòt lang pour eksplike reyalite toulejou, yon reyalite k ap chanje oswa reyalite tounèf.  Nou rele fenomèn sa a « adopsyon lenguistik » ki vle di : « yon mwayen itilizatè yon lang adopte nètale ou amwatye yon eleman oswa yon karakteristik lenguistik (leksik, semantik, mòfoloji, sentaks) nan yon lòt lang. Mwayen sa a kote nou prete eleman nan yon lòt lang genyen sa nou rele kalk la  sètadi nou fè transfè sans mo ak tradiksyon mo a. Kalk vle di tou eleman nou prete a (inite oswa karakteristik lenguistik)12 ». Men yon egzanp nou jwenn nan SAKS13 (Sosyete animasyon ak kominikasyon sosyal) k ap travay ann Ayiti nan domèn kominikasyon sosyal : ekspresyon « émetteur-diffuseur actif » vin bay nan kreyòl « emetè-difizè aktif ». Men kontèks kote nou jwenn ekspresyon sa a : « Tout a commencé en 1992, lorsqu’un groupe de professionnels haïtiens décide de créer SAKS, suite à une étude réalisée sur la réalité de la communication et le paysage médiatique en Haïti : une communication à sens unique avec un émetteur-diffuseur actif  face à un public-récepteur passif. » Tradiksyon kreyòl « emetè-difizè aktif » ki rete sou menm plan semantik ekpresyon franse a p ap pèmèt yon kreyolofòn konprann sa li vle di. Se sèl moun ki pale franse ak kreyòl, ki bileng, k ap rive konprann li. Men paske li pase nan radyo toutan, petèt kreyolofòn ap fini pa konprann yon jou.


3.2. Lè m ap gade dokiman ekri m te egzamine a, m pa te jwenn ankenn neolojis (mo nouvo, ni nan fòm ni nan sans) ki te enteresan enpi ki te montre yon lespri kreyatif. Moun k ap ekri (redaktè) ak tradiktè nan lang kreyòl pa travay sou kesyon kreyasyon neolojis petèt paske tradiksyon syantifik ak teknik kreyòl se yon bagay ki fèk ap koumanse. Si nou dakò yon lang anjeneral kapab pèmèt anpil kreyasyon mo nouvo, se sitou nan domèn syantifik ak teknik n ap rive jwenn neyolojis. Jan nou wè li a sa mande fòmasyon inivèsitè ann Ayiti.

Selon dokiman mwen gen nan menm, pa gen ankenn inivèsite ann Ayiti ki genyen konpetans entelektyèl ak akademik nesesè pou yo bay yon fòmasyon nan domèn tradiksyon. Kididonk, yon fòmasyon inivèsitè nan premye ak dezyèm sik nan tradiksyon ap oblije fè yon alyans ant Fakilte lenguistik aplike ak inivèsite prive yo (sitou avèk UNIQ). N ap oblije mete resous yo ansanm lè gen fòmasyon  k ap fèt nan enstitisyon sa yo.

Pou tradiksyon vin yon metye, l ap nesesè pou nou tabli yon pwogram jeneral pou fòmasyon nan domèn tradiksyon syantifik ak redaksyon teknik k ap mache selon sa peyi a bezwen enpitou kote tradiksyon nan lang kreyòl ap jwenn anpil sipò. Pwogram fòmasyon inivèsitè sa a ap oblije, vè lane 2020-2025, bay peyi moun ki maton nan lang (langajye) ki kapab chita pou yo ekri liv nan kreyòl sèlman tankou leksik ak diksyonè franse-kreyòl (oswa tou angle-kreyòl, panyòl-kreyòl).

Enstitisyon patnè ki pral fòme yon alyans pou fòme tradiktè ap oblije bay aktivite koperasyon entènasyonal yo yon lòt oryantasyon pou yo fasilite echanj ak estaj fòmasyon selon bezwen peyi a. Fòk nou prevwa toudabò fòmasyon yon enstitisyon pwofesyonèl nou ta ka rele « Asosyasyon pwofesyonèl tradiktè ayisyen », defason pou genyen yon rapò ki egziste ant fòmasyon inivèsitè ak mache tradiksyon nan peyi a.

Si inivèsite Ayisyen yo rive fòme tradiktè pwofesyonèl anrapò avèk sektè prive ak administrasyon piblik enben Ayiti va benefisye devlòpman yon mache ki byen òganize nan domèn tradiksyon an. Selon vizyon yon « amenajman lenguistik » m defann anpil nan piblikasyon m yo14 , Leta gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan ajansman fonksyonèl fòmasyon pou koresponn ak bezwen devlopman lang kreyòl la. Devlopman yon mache tradiksyon ki byen chita ann Ayiti ap reprezante yon eleman enpòtan pou pwodiksyon liv pou tout moun ki konn kreyòl sèlman tankou liv bileng franse-kreyòl sou lasyans (oswa angle-kreyòl, panyòl-kreyòl). M pa kache di nou, sa a se yon kokenn defi.

 

NOTES

1.       La Tohu, Montréal, 10 janvier 2015 : http://tohu.ca/fr/programmation/exposition/2014-2015/casque-noir/

2.       2. Al gade sit OTTIAQ la : http://ottiaq.org/a-propos-de-lordre/mission-et-histoire/

3.       3. Men adrès sit entènèt Inivésite Kiskeya (Fakilte syans ledikasyon) : http://www.uniq.edu.ht/fsed/index.php//s

4.       Ou va jwenn yon prezantasyon sou misyon Fakilte lengwistik aplike sous sit entènèt Inivèsite leta Ayiti : http://www.ueh.ht/facultes/fla.php

5.        Claude Bernard Sérant.  « Carte sur table pour une meilleure coordination des ONG du secteur de la santé en Haïti », Nouvelliste, 29 janvye 2014 : http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/126815/Carte-sur-table-pour-une-meilleure-coordination-des-ONG-du-secteur-de-la-sante-en-Haiti.html

6.        Marie-Christine Hazaël-Massieux (2006). « La traduction de la Bible en créole haïtien : problèmes linguistiques, littéraires et culturels », dans Présences haïtiennes, Université de Cergy-Pontoise

7.        Ronald Charles (2009). « Préjugés linguistiques dans différentes traductions bibliques en créole haïtien », dans Créolica (piblikasyon Groupe européen de recherches en langues créoles), Paris

8.       Sou kesyon « ekivalans dinamik » la, al gade nòt Ronald Charles nan « Préjugés linguistiques dans différentes traductions bibliques en créole haïtien » : « Eugene Nida, traducteur et anthropologue américain, a contribué à donner à la traduction biblique une méthode de travail qui influence de nombreuses traductions dans le monde entier avec son élaboration de l’équivalence dynamique en traduction. L’objectif de l’équivalence dynamique est de rendre le texte biblique aisément compréhensible pour le lecteur non averti, et de permettre à ceux qui sont familiarisés avec la Bible d’apprécier d’une nouvelle manière le sens et la richesse de son message. Voir E. Nida, Comment traduire la Bible. Alliance biblique universelle, 1967. »

9.       Nan etid nou endike a, Marie-Christine Hazaël-Massieux rele « haïtien » lang kreyòl peyi dAyiti. Pou m fè konprann pi byen pati teks m endike a, m ranplase mo « Ayisyen » ak mo « kreyòl ».

10.   Samuel Pierre (2013). « L’ISTEAH : faire de la science et de la technologie les moteurs du développement d’Haïti ». Pilbilikasyon Haïti Perspectives, vol. 2 no 1, Montréal. Nan menm piblikasyon sa a, teks la parèt nan kreyòl anba tit « ISTEAH : fè lasyans ak teknoloji tounen motè devlopman Ayiti ». Haïti perspectives se yon piblikasyon GRAHN (Groupe réfleksyon ak aksyon pou yon lòt Ayiti).

11.   Pou nou byen konprann demach la, m ta renmen pote yon presizyon sou nosyon « unité terminologique » la ki se yon eleman ki gen sans; li kapab yon sèl mo (mo senp) oswa plizyè mo (mo konpleks). Li reprezante yon nosyon ki kenbe sans li kelkeswa domèn nan).

12.     Gran diksyonè tèminolojik, GDT : http://www.granddictionnaire.com/ficheOqlf.aspx?Id_Fiche=8360843

13.     Al gade sit entènèt SAKS la : http://www.saks-haiti.org/spip.php?article193

14.     Al gade Berrouët-Oriol, R., D.,  Cothière, R., Fournier, H., Saint-Fort (2011). L'aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. Edisyon Cidihca ak Edisyon inivèsite Leat Ayitii. Al gade tou Robert Berrouët-Oriol (2014). « Plaidoyer pour une éthique et une culture des droits linguistiques en Haïti ». Edisyon Cidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droits humains (Port-au-Prince). Pou li « Plaidoyer » sa a ou kapab klike sou lyen an : http://www.berrouet-oriol.com/linguistique/amenagement-creole-et-francais